1 Kwonik
7 Pitit gason Isaka yo se te Tola, Pouwa, Yachoub ak Chimwon+. Yo te kat antou. 2 Pitit gason Tola yo se te Ouzi, Refaya, Jeryèl, Jamayi, Ibsam ak Chemouwèl. Se yo ki te chèf fanmi. Pami desandan Tola yo, te gen yon seri sòlda vanyan. Yo te 22 600 sòlda nan epòk David te wa a. 3 Desandan* Ouzi yo se te Izraya ansanm ak pitit gason Izraya yo: Mikayèl, Obadya, Jowèl ak Ichiya. Toule senk se te chèf fanmi*. 4 Te gen 36 000 sòlda ki te pare pou fè lagè nan fanmi ki te soti nan mesye sa yo, paske mesye nan fanmi sa yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. 5 Tout lòt fanmi ki te soti nan Isaka yo se te sòlda vanyan. Antou, yo te 87 000 sòlda dapre rejis ki gen non fanmi yo+.
6 Pitit gason Benjamen yo+ se te Bela+, Bekè+ ak Jedyayèl+. Yo te twa antou. 7 Pitit gason Bela yo se te Ezbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo toule senk se te chèf fanmi e yo te sòlda vanyan. Selon rejis ki gen non fanmi yo, te gen 22 034 sòlda nan fanmi yo+. 8 Pitit gason Bekè yo se te Zemira, Jowas, Elyezè, Eliyoyenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alemèt. Yo tout se te pitit gason Bekè. 9 Selon rejis ki gen non fanmi yo, te gen 20 200 sòlda vanyan ki te soti nan chèf fanmi sa yo. 10 Jedyayèl te gen pitit gason l ki rele Bilan e pitit gason+ Bilan yo se te Jewouch, Benjamen, Ewoud, Kenayana, Zetan, Tasis ak Ayichaya. 11 Yo tout se te desandan Jedyayèl e yo tout se te chèf fanmi. Antou, yo te 17 200 sòlda vanyan ki te pare pou yo soti ak lame a nan lagè.
12 Fanmi ki te soti nan Choupim yo ak Oupim yo* se te desandan Iri+. Fanmi ki te soti nan Ouchim yo se te desandan Ayè.
13 Pitit gason Neftali yo+ se te Jaziyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum*. Se te desandan* Bila+.
14 Men non pitit gason Manase te genyen yo+: Asriyèl, yon pitit li te fè ak yon madanm sou kote ki te moun Siri. (Fi sa a te fè Maki+, papa Galaad, pou li tou. 15 Maki te pran yon madanm pou Oupim ak Choupim. Sè l la te rele Maaka.) Dezyèm pitit gason Manase a te rele Selofeyad+. Men, se pitit fi sèlman Selofeyad te genyen+. 16 Maaka, madanm Maki, te fè yon pitit gason, li te rele l Perèch. Frè l la te rele Cherèch. Pitit li yo te rele Oulam ak Rekèm. 17 Pitit gason Oulam nan* se te Bedan. Tout mesye sa yo se te desandan Galaad, pitit gason Maki, ki li menm se pitit gason Manase. 18 Amolekèt se te sè Galaad. Li te fè Ichòd, Abyezè ak Maala. 19 Pitit gason Chemida yo se te Ayiyan, Sichèm, Liki ak Ànyam.
20 Efrayim te gen pitit gason l+ ki rele Choutela+, Choutela te gen pitit gason l ki rele Berèd, Berèd te gen pitit gason l ki rele Tayat, Tayat te gen pitit gason l ki rele Eleyada, Eleyada te gen pitit gason l ki rele Tayat, 21 Tayat te gen pitit gason l ki rele Zabad, Zabad te gen pitit gason l ki rele Choutela. Efrayim te gen Ezè ak Eleyad tou. Moun Gat yo+ te touye Ezè ak Eleyad paske yo te desann al pran bèt yo te genyen yo. 22 Papa yo, Efrayim, te nan lapenn pandan anpil jou e frè l yo te vin wè l pou yo konsole l. 23 Apre sa, li te antre nan relasyon ak madanm li ki te vin ansent e ki te fè yon pitit gason pou li. Li te rele pitit la Berya* paske madanm li te akouche nan yon epòk fanmi l te gen pwoblèm. 24 Pitit fi l la te rele Cheyera. Se li menm ki te bati Bètowon Anba a+ ak Bètowon Anwo a+ ansanm ak Ouzenncheyera. 25 Refa ak Rechèf se te pitit gason Efrayim*. Rechèf te gen pitit gason l ki rele Tela, Tela te gen pitit gason l ki rele Tayan, 26 Tayan te gen pitit gason l ki rele Ladan, Ladan te gen pitit gason l ki rele Amiyoud, Amiyoud te gen pitit gason l ki rele Elichama, 27 Elichama te gen pitit gason l ki rele Noun e Noun te gen pitit gason l ki rele Jozye*+.
28 Tèritwa yo te genyen an ak kote yo te rete yo se te Betèl+ ak ti vil ki sou kont* li yo, Naaran ki te alès, Gezè ak ti vil ki sou kont li yo ki te alwès ansanm ak Sichèm ak ti vil ki sou kont li yo, rive jis Aya* ak ti vil ki sou kont li yo. 29 Toupre yo a, desandan Manase yo te gen Bètcheyan+ ak ti vil ki sou kont li yo, Tanak+ ak ti vil ki sou kont li yo, Megido+ ak ti vil ki sou kont li yo ansanm ak Dò+ ak ti vil ki sou kont li yo. Se nan vil sa yo desandan Jozèf, pitit gason Izrayèl la, t ap viv.
30 Pitit gason Achè yo se te Imna, Ichva, Ichvi ak Berya+. Yo te gen yon sè ki rele Sera+. 31 Pitit gason Berya yo se te Ebè ak Malkyèl. Malkyèl se te papa Bizayit. 32 Ebè se te papa Jaflèt, Chomè, Otam ak Chouwa, sè yo. 33 Pitit gason Jaflèt yo se te Pasak, Bimal ak Achvat. Mesye sa yo se te pitit gason Jaflèt. 34 Pitit gason Chemè* yo se te Ayi, Woga, Jewouba ak Aram. 35 Elèm*, frè l, te gen pitit gason l ki rele Zofa, Imna, Chelèch ak Amal. 36 Pitit gason Zofa yo se te Souwa, Anefè, Chouwal, Beri, Imra, 37 Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Itran ak Beyera. 38 Pitit gason Jetè yo se te Jefoune, Pispa ak Ara. 39 Pitit gason Oula yo se te Ara, Aniyèl ak Rizya. 40 Yo tout se te desandan Achè, yo te chèf fanmi. Se te pi bon sòlda yo, yon seri sòlda vanyan, e se yo ki te pi gwo chèf nan lame a. Dapre rejis ki gen non fanmi yo+, yo te 26 000 sòlda+ ki te pare pou yo fè lagè.