1 Kwonik
13 David te pale ak tout mesye ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak mesye ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo e li te pale ak tout lòt chèf yo tou+. 2 Apre sa, David te di Izrayelit yo: “Si sa parèt bon nan je nou, e si Jewova, Bondye nou an, dakò ak sa, annou voye moun al pot mesaj bay rès Izrayelit yo, toupatou ann Izrayèl, e bay prèt yo ak Levit yo nan vil yo+ genyen ki gen patiraj yo, pou yo ka vin jwenn nou. 3 Epi, annou mennen Lach+ Bondye nou an tounen.” Li te di sa paske yo pa t okipe Lach la nan epòk Sayil te wa a+. 4 Tout moun ki te la yo te dakò pou yo fè sa paske yo tout te wè se yon bèl ide. 5 Se konsa David te rasanble tout Izrayelit yo soti nan zòn rivyè Ejip la* rive jis Lebowamat*+ pou yo te ka al pran Lach vrè Dye a Kiriyatjeyarim+.
6 David ak tout Izrayelit yo te monte al Baala+, anpalan de Kiriyatjeyarim, yon vil nan tribi Jida a, pou y al pran Lach vrè Dye a, Jewova, ki chita sou twòn li anlè* cheriben yo+, Lach moun yo konn al devan l pou yo envoke non Bondye a. 7 Men, yo te mete Lach vrè Dye a sou yon charyo tounèf+ e yo te soti lakay Abinadab avè l. Se Ouza ak Ayiyo ki t ap mennen charyo a+. 8 David ak tout pèp Izrayèl la t ap fete devan vrè Dye a ak tout fòs yo. Yo t ap chante, yo t ap jwe hap*, lòt enstriman akòd ak twonpèt+, yo t ap bat tanbouren+ e yo t ap frape senbal+. 9 Men, lè yo rive bò kote moun konn bat manje angren ki rele Chidon an, Ouza lonje men l epi li kenbe Lach la paske bèf yo te prèske lage Lach la atè. 10 Menm moman an, Jewova vin an kòlè anpil kont Ouza epi li touye l paske li te lonje men l li kenbe Lach la+. Ouza te mouri la devan Bondye+. 11 Men, David te vin fache* poutèt Jewova te frape Ouza avèk kòlè. E depi lè sa a yo rele zòn sa a Perèsouza*.
12 Sa te fè David vin pè vrè Dye a jou sa a, epi li di: “Ki jan m ap fè mennen Lach vrè Dye a kote m rete a+?” 13 David pa t fè yo mennen Lach la kote l rete a, nan Vil David la, men li te fè yo mennen l lakay Obèdedòm, yon moun Gat. 14 Lach vrè Dye a te lakay Obèdedòm. Li te rete la pandan twa mwa e Jewova te kontinye beni tout moun lakay Obèdedòm ak tout sa l te genyen+.