1 Kwonik
18 Kèk tan apre, David te pot laviktwa sou moun Filisti yo e li fè yo soumèt devan l, epi li pran vil Gat+ ak ti vil ki sou kont* vil sa a nan men moun Filisti yo+. 2 Apre sa, David te pot laviktwa sou moun Mowab+ yo. Epi, moun Mowab yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks+.
3 David te pot laviktwa sou Adadezè+, wa Soba a+, toupre Amat+, pandan Adadezè te sou wout pou l al fè moun nan zòn Rivyè Efrat+ yo soumèt anba otorite l. 4 David te rive pran 1 000 charyo ansanm ak 7 000 sòlda ki te sou cheval ak 20 000 sòlda ki te apye+. Epi, David te koupe jarèt prèske tout cheval ki t ap rale charyo yo, e se sèlman 100 ladan yo li te kite+. 5 Lè moun Siri ki t ap viv Damas yo te vin ede Adadezè, wa Soba a, David te touye 22 000 ladan yo+. 6 Epi, David te mete plizyè gwoup sòlda nan Damas, nan peyi Siri. Moun Siri yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote l t ale+. 7 Mete sou sa, David pran boukliye won annò ki te nan men sèvitè Adadezè yo e li pote yo Jerizalèm. 8 David te pran yon gwo kantite kuiv nan vil Tibat ak vil Koun, de vil ki te pou Adadezè. Se avèk kuiv sa a Salomon te fè gwo basen an kuiv la+, poto yo ak veso an kuiv yo+.
9 Lè Towou*, wa Amat la, te vin aprann David te pot laviktwa sou tout lame Adadezè a+, wa Soba a+, 10 lapoula, li te voye Adoram, pitit gason l, al kot wa David pou l mande l kòman l ye e pou l felisite l paske l t al fè lagè ak Adadezè e li te pot laviktwa sou li (paske Adadezè te konn fè lagè souvan ak Towou). Li te pote tout kalite bagay annò, ann ajan e an kuiv. 11 Wa David te mete bagay sa yo apa pou Jewova+ ansanm ak ajan ak lò li te pran nan men tout lòt nasyon yo, tankou Edòm, Mowab, desandan Amon yo+, moun Filisti yo+ ak moun Amalèk yo+.
12 Abichayi+, pitit gason Sewouya+, te touye 18 000 moun Edòm nan Vale Sèl+. 13 Li te mete plizyè gwoup sòlda nan peyi Edòm, e tout moun Edòm yo te vin sèvitè David+. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote li t ale+. 14 David te kontinye dirije tout pèp Izrayèl la+, li te fè tout pèp la jwenn jistis e li te fè tout bagay dwat+. 15 Jowab, pitit gason Sewouya, te alatèt lame a+, Jozafa+, pitit gason Ayiloud, te la pou l ekri sa k pase, 16 Zadòk, pitit gason Ayitoub, ak Ayimelèk, pitit gason Abyata, te prèt e Chavcha te sekretè. 17 Benaya, pitit gason Jewoyada, te alatèt Keretit yo+ ak Peletit yo+. Epi, se pitit gason David yo ki te nan pi gwo pozisyon, apre wa David.