BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Desandan Amon yo imilye mesaje David yo (1-5)

      • Desandan Amon yo ak moun Siri yo pèdi batay la (6-19)

1 Kwonik 19:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 10:1-5

1 Kwonik 19:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:7
  • +Jen 19:36, 38

1 Kwonik 19:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:27

1 Kwonik 19:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 16:34

1 Kwonik 19:6

Nòt anba paj

  • *

    Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.

  • *

    Lit.: “Aramnaharayim”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:47; 2Sa 8:3; 10:6

1 Kwonik 19:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 13:8, 9

1 Kwonik 19:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:16
  • +2Sa 10:7, 8; 23:8

1 Kwonik 19:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 10:9-12

1 Kwonik 19:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 11:20, 21

1 Kwonik 19:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:5

1 Kwonik 19:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:6; Joz 1:9

1 Kwonik 19:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:7, 8; Dt 28:7; 2Sa 10:13, 14

1 Kwonik 19:16

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Rivyè Efrat.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:3
  • +2Sa 10:15, 16

1 Kwonik 19:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 10:17-19

1 Kwonik 19:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 18:39
  • +1Kw 14:17; Sm 18:44

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Kwo. 19:12Sa 10:1-5
1 Kwo. 19:22Sa 9:7
1 Kwo. 19:2Jen 19:36, 38
1 Kwo. 19:4Le 19:27
1 Kwo. 19:51Wa 16:34
1 Kwo. 19:61Sa 14:47; 2Sa 8:3; 10:6
1 Kwo. 19:7Joz 13:8, 9
1 Kwo. 19:82Sa 8:16
1 Kwo. 19:82Sa 10:7, 8; 23:8
1 Kwo. 19:102Sa 10:9-12
1 Kwo. 19:111Kw 11:20, 21
1 Kwo. 19:122Sa 8:5
1 Kwo. 19:13Dt 31:6; Joz 1:9
1 Kwo. 19:14Le 26:7, 8; Dt 28:7; 2Sa 10:13, 14
1 Kwo. 19:162Sa 8:3
1 Kwo. 19:162Sa 10:15, 16
1 Kwo. 19:172Sa 10:17-19
1 Kwo. 19:19Sm 18:39
1 Kwo. 19:191Kw 14:17; Sm 18:44
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Kwonik 19:1-19

1 Kwonik

19 Annapre, Nahach, wa desandan Amon yo, mouri e pitit gason l lan vin wa nan plas li+. 2 Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl+ pou Anoun, pitit gason Nahach la, paske papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David voye kèk moun al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo+ pou y al konsole Anoun, 3 prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine peyi a, pou retire w sou pouvwa a e pou espyone peyi a ki fè sèvitè l yo vin kote w?” 4 Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale. 5 Lè yo vin di David sa yo fè mesye yo, menm kote a, li voye kèk moun al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”

6 Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè Anoun ansanm ak desandan Amon yo te voye 1 000 talan* ajan bay moun Mezopotami* yo, moun Aramaaka yo ak moun Soba yo+ pou yo voye charyo ak kavalye pou yo. 7 Se konsa yo te lwe 32 000 charyo e yo te peye wa Maaka a ansanm ak moun li t ap dirije yo pou yo ede yo. Apre sa, yo vini epi yo tabli kan yo devan Medeba+. Desandan Amon yo te rasanble ansanm e yo te soti nan tout vil yo te genyen yo pou y al nan gè a.

8 Lè David tande sa, li voye Jowab+ ak tout lame a, san wete sòlda li genyen ki pi vanyan yo+, al kontre yo. 9 Epi, desandan Amon yo te soti e yo te pran pozisyon yo nan antre vil la pou yo fè lagè pandan wa ki te vini yo te poukont yo nan savann nan.

10 Lè Jowab wè sòlda yo ap vin atake l ni devan ni dèyè, li chwazi kèk nan pi bon gwoup sòlda ki te gen ann Izrayèl yo e li ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak moun Siri yo+. 11 Li te met Abichayi+, frè l la, alatèt rès sòlda yo pou ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak desandan Amon yo. 12 Epi, li di l: “Si moun Siri yo+ twò fò pou mwen, ou dwe vin pote m sekou. Men, si desandan Amon yo twò fò pou ou, m ap vin pote w sekou. 13 Nou dwe met kouraj sou nou+ pou n batay pou pèp nou an e pou vil Bondye nou an ban nou yo, epi Jewova ap fè sa ki fè l plezi.”

14 Epi, Jowab ak mesye ki te avè l yo te avanse pou yo batay ak moun Siri yo, men, moun Siri yo te kouri pou li+. 15 Lè desandan Amon yo wè moun Siri yo te kouri, yo menm tou yo kouri pou Abichayi, frè Jowab la, e yo antre nan vil la. Apre sa, Jowab retounen Jerizalèm.

16 Lè moun Siri yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo, yo voye moun chèche moun Siri ki t ap viv nan zòn Rivyè a*+ e ki te gen Chofak, chèf lame Adadezè a, alatèt yo+.

17 Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an al jwenn yo e l al ranje yo nan pozisyon pou yo batay ak moun Siri yo. David te ranje sòlda l yo nan pozisyon pou l batay ak moun Siri yo, epi moun Siri yo fè lagè avè l+. 18 Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 7 000 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te apye e li te touye Chofak, chèf lame yo a. 19 Lè sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo+, yo kouri fè lapè ak David byen vit e yo vin anba kontwòl li+. Apre sa, moun Siri yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje