1 Kwonik
27 Pami Izrayelit ki te nan lame wa a+, ki te konn antre e ki te konn soti chak mwa nan ane a, te gen chèf fanmi yo, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+ ansanm ak ofisye ki t ap pran swen gwoup sa yo pou wa a. Te gen 24 000 gason nan chak gwoup. Men gwoup yo:
2 Jachobeyam+, pitit gason Zabdyèl, te chèf premye gwoup la ki t ap sèvi nan premye mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 3 Pami desandan Perès yo+, se li menm ki te alatèt tout moun ki te chèf nan gwoup ki t ap sèvi nan premye mwa a. 4 Dodayi+, yon desandan Awoyi+, te chèf gwoup ki t ap sèvi nan dezyèm mwa a e se Miklòt ki te pran latèt nan mitan yo. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 5 Benaya+, pitit gason Jewoyada+, prèt an chèf la, te chèf twazyèm gwoup la ki t ap sèvi nan twazyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 6 Benaya sa a se te yon sòlda vanyan ki te fè pati trant sòlda yo e se li ki te responsab 30 sòlda yo. Se Amizabad, pitit gason l, ki te pran latèt nan gwoup la. 7 Asayèl+, frè Jowab+, te chèf katriyèm gwoup la ki t ap sèvi nan katriyèm mwa a. Apre li te gen Zebadya, pitit gason l, e te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 8 Chamout, Izrayit la, te chèf senkyèm gwoup la ki t ap sèvi nan senkyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 9 Ira+, pitit gason Ikèch, moun Tekowa a+, te chèf sizyèm gwoup la ki t ap sèvi nan sizyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 10 Elèz+, Pelonit la, moun tribi Efrayim, te chèf setyèm gwoup la ki t ap sèvi nan setyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 11 Sibekayi+, moun Oucha a, yon desandan Zera+, te chèf uityèm gwoup la ki t ap sèvi nan uityèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 12 Abyezè+, moun Anatòt+, moun tribi Benjamen, te chèf nevyèm gwoup la ki t ap sèvi nan nevyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 13 Maharayi+, moun Netofa, yon desandan Zera+, te chèf dizyèm gwoup la ki t ap sèvi nan dizyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 14 Benaya+, moun Piraton, nan tribi Efrayim, te chèf 11yèm gwoup la ki t ap sèvi nan 11yèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 15 Eldayi, moun Netofa a, desandan Otnyèl, te chèf 12yèm gwoup la ki t ap sèvi nan 12yèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a.
16 Men moun ki te chèf tribi ann Izrayèl yo: Nan tribi Ribenn nan, se te Elyezè, pitit gason Zikri; nan tribi Simeyon an, se te Chefatya, pitit gason Maaka; 17 pami desandan Levi yo, se te Achabya, pitit gason Kemouwèl; pami desandan Arawon yo, se te Zadòk; 18 nan tribi Jida a, se te Eliyou+, youn nan frè David yo; nan tribi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl; 19 nan tribi Zabilon an, se te Ichmaya, pitit gason Obadya; nan tribi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl; 20 nan tribi Efrayim nan, se te Oze, pitit gason Azazya; nan mwatye nan tribi Manase a, se te Jowèl, pitit gason Pedaya; 21 nan mwatye nan tribi Manase ki te Galaad la, se te Ido, pitit gason Zakari; nan tribi Benjamen an, se te Jayaziyèl, pitit gason Abnè+; 22 nan tribi Dann nan, se te Azarèl, pitit gason Jewowam. Se mesye sa yo ki te chèf tribi Izrayèl yo.
23 David pa t fè konte gason ki te gen 20 an oswa mwens yo paske Jewova te pwomèt l ap fè pèp Izrayèl la vin anpil menm jan ak zetwal ki nan syèl la+. 24 Jowab, pitit gason Sewouya, te kòmanse konte moun nan pèp la, men li pa t fin fè sa. Bondye te fache anpil kont pèp Izrayèl la poutèt yo te konte pèp la+. Yo pa t mete kantite moun yo te jwenn nan nan liv ki rakonte istwa sa k te pase nan epòk David te wa a.
25 Se Azmavèt, pitit gason Adyèl, ki te responsab trezò wa a+. Jonatan, pitit gason Ozyas, te responsab depo ki nan jaden yo, nan vil yo, nan bouk yo ak nan fò yo. 26 Ezri, pitit gason Keloub, te responsab moun ki t ap travay latè yo. 27 Chimeyi, moun Rama a, te responsab jaden rezen yo e Zabdi, Sifmit la, te responsab depo ki gen diven yo te fè ak rezen yo rekòlte yo. 28 Baalanan, Gederit la, te responsab plantasyon oliv ak pye sikomò+ ki te nan Chefela yo+. Jowas te responsab depo luil yo. 29 Chitrayi, moun Chawon an, te responsab bèf yo t ap gade nan Chawon yo+ e Chafat, pitit gason Adlayi, te responsab tout bèf ki te nan vale a. 30 Obil, yon desandan Izmayèl, te responsab chamo yo. Jedeya, moun Mewonòt la, te responsab bourik yo*. 31 Jaziz, Agrit la, te responsab mouton yo. Tout mesye sa yo se te chèf ki te responsab byen wa David yo.
32 Jonatan+, neve David, te yon konseye ki gen bon konprann, e li te sekretè. Jeyèl, pitit gason Akmoni, t ap pran swen pitit gason wa a te genyen yo+. 33 Ayitofèl+ te yon konseye wa a. Ouchayi+, Akit la, te zanmi wa a. 34 Apre Ayitofèl, te gen Jewoyada, pitit gason Benaya+, ak Abyata+ ki te konseye wa a tou. Jowab+ te chèf lame wa a.