BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Diskou David bay sou konstriksyon tanp lan (1-8)

      • Salomon resevwa enstriksyon; li resevwa plan tanp lan (9-21)

1 Kwonik 28:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 27:1
  • +Eg 18:25
  • +1Kw 27:25, 29
  • +1Kw 3:1-9
  • +1Kw 11:10

1 Kwonik 28:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 132:3-5
  • +1Kw 22:2-4

1 Kwonik 28:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 17:4
  • +1Kw 22:7, 8

1 Kwonik 28:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 4:22
  • +1Sa 16:1, 13; 2Sa 7:8; Sm 89:20
  • +Jen 49:10; 1Kw 5:2; Sm 60:7
  • +1Sa 13:14; 16:11, 12

1 Kwonik 28:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 3:1-9
  • +1Kw 22:9
  • +1Kw 17:14; 2Kw 1:8

1 Kwonik 28:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:13, 14

1 Kwonik 28:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 17:13, 14; Sm 72:8
  • +Dt 12:1; 1Wa 6:12

1 Kwonik 28:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:3

1 Kwonik 28:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:12
  • +1Sa 16:7; 1Kw 29:17; Pw 17:3; Re 2:23
  • +Dt 31:21; Sm 139:2
  • +Mt 7:7; Eb 11:6; Jk 4:8
  • +Dt 31:17; 2Kw 15:2; Eb 10:38

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 58

    Toudegad,

    1/7/2015, p. 14

    15/10/2008, p. 7

    1/3/2005, p. 13

    Pwoche bò kote Jewova, p. 290-291

1 Kwonik 28:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pyès kote yo jwenn padon an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 3:4; Eb 8:5
  • +Le 16:2; 1Wa 6:19

1 Kwonik 28:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “bagay yo dedye yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:36; 7:12
  • +1Kw 9:26; 26:20

1 Kwonik 28:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 24:1

1 Kwonik 28:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 4:7

1 Kwonik 28:16

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 4:8, 19

1 Kwonik 28:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 7:48, 50

1 Kwonik 28:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 7:48
  • +Sm 18:10
  • +Eg 25:20; 1Sa 4:4; 1Wa 6:23

1 Kwonik 28:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:9, 40
  • +1Kw 28:11

1 Kwonik 28:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:6; Joz 1:6, 9; Wm 8:31
  • +Joz 1:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    9/2017, p. 28-29, 32

1 Kwonik 28:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 24:1
  • +1Kw 24:20
  • +Eg 36:1, 2
  • +1Kw 22:17; 28:1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Kwo. 28:11Kw 27:1
1 Kwo. 28:1Eg 18:25
1 Kwo. 28:11Kw 27:25, 29
1 Kwo. 28:11Kw 3:1-9
1 Kwo. 28:11Kw 11:10
1 Kwo. 28:2Sm 132:3-5
1 Kwo. 28:21Kw 22:2-4
1 Kwo. 28:31Kw 17:4
1 Kwo. 28:31Kw 22:7, 8
1 Kwo. 28:4Rt 4:22
1 Kwo. 28:41Sa 16:1, 13; 2Sa 7:8; Sm 89:20
1 Kwo. 28:4Jen 49:10; 1Kw 5:2; Sm 60:7
1 Kwo. 28:41Sa 13:14; 16:11, 12
1 Kwo. 28:51Kw 3:1-9
1 Kwo. 28:51Kw 22:9
1 Kwo. 28:51Kw 17:14; 2Kw 1:8
1 Kwo. 28:62Sa 7:13, 14
1 Kwo. 28:71Kw 17:13, 14; Sm 72:8
1 Kwo. 28:7Dt 12:1; 1Wa 6:12
1 Kwo. 28:8Dt 6:3
1 Kwo. 28:9Dt 10:12
1 Kwo. 28:91Sa 16:7; 1Kw 29:17; Pw 17:3; Re 2:23
1 Kwo. 28:9Dt 31:21; Sm 139:2
1 Kwo. 28:9Mt 7:7; Eb 11:6; Jk 4:8
1 Kwo. 28:9Dt 31:17; 2Kw 15:2; Eb 10:38
1 Kwo. 28:112Kw 3:4; Eb 8:5
1 Kwo. 28:11Le 16:2; 1Wa 6:19
1 Kwo. 28:121Wa 6:36; 7:12
1 Kwo. 28:121Kw 9:26; 26:20
1 Kwo. 28:131Kw 24:1
1 Kwo. 28:152Kw 4:7
1 Kwo. 28:162Kw 4:8, 19
1 Kwo. 28:171Wa 7:48, 50
1 Kwo. 28:181Wa 7:48
1 Kwo. 28:18Sm 18:10
1 Kwo. 28:18Eg 25:20; 1Sa 4:4; 1Wa 6:23
1 Kwo. 28:19Eg 25:9, 40
1 Kwo. 28:191Kw 28:11
1 Kwo. 28:20Dt 31:6; Joz 1:6, 9; Wm 8:31
1 Kwo. 28:20Joz 1:5
1 Kwo. 28:211Kw 24:1
1 Kwo. 28:211Kw 24:20
1 Kwo. 28:21Eg 36:1, 2
1 Kwo. 28:211Kw 22:17; 28:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Kwonik 28:1-21

1 Kwonik

28 Apre sa, David reyini tout chèf ki nan pèp Izrayèl la nan Jerizalèm: chèf tribi yo, chèf gwoup moun+ ki t ap sèvi wa a, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo+, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, tout moun ki te responsab byen ak bèt wa a+ ak pitit gason l yo+ te genyen yo, moun ki nan gwo pozisyon nan gouvènman l lan ansanm ak tout sòlda vanyan ki konpetan yo+. 2 Epi, wa David kanpe, li di yo:

“Frè m yo, nou tout ki nan pèp la, koute sa m ap di nou. Mwen te gen nan kè m pou m bati yon kay pou m mete lach alyans Jewova a, yon kay k ap sèvi kòm yon ti ban pou pye Bondye nou an+. Mwen te fè preparasyon pou m bati kay la+. 3 Men, vrè Dye a te di m: ‘Se pa ou menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+, paske ou te patisipe nan anpil gè e w te fè san koule+.’ 4 Jewova, Bondye Izrayèl la, te chwazi m pami tout moun lakay papa m+ pou l fè m wa sou Izrayèl pou toutan+. Li te chwazi tribi Jida a pou dirije+, e se fanmi papa m li te chwazi nan tribi sa a. Pami pitit gason papa m yo, se mwen li te chwazi pou l fè m wa sou tout pèp Izrayèl la+. 5 Jewova beni m, li ban m anpil pitit gason+, e nan tout pitit gason sa yo, se Salomon+ Jewova chwazi pou chita sou twòn li an antanke wa Izrayèl+.

6 “Li te di m: ‘Se Salomon, pitit gason w lan, k ap bati kay mwen an ak tout lakou yo, paske mwen chwazi l kòm pitit gason m e m ap vin yon papa pou li+. 7 M ap fè wayòm li an byen chita pou toutan+ depi li toujou obeyi kòmandman m yo ak lwa m yo+, jan l ap fè sa jodi a.’ 8 Kidonk, men sa m ap di devan nou tout ki fè pati pèp Izrayèl la, pèp Jewova a, e devan Bondye nou an: Se pou n chèche byen konnen tout kòmandman Jewova, Bondye nou an, e se pou n toujou obeyi yo, pou n ka rete nan bon peyi li ban nou an+ e pou n ka kite l pou pitit nou yo kòm yon eritaj k ap toujou pa yo.

9 “E ou menm, Salomon, pitit gason m, se pou w chèche byen konnen Bondye papa w la, se pou w sèvi l ak tout kè w+ e se pou w pran plezi nan li, paske Jewova egzamine kè tout moun+ e li konnen panse yo ak entansyon yo+. Si w chèche l, l ap kite w jwenn li+, men si w kite l, l ap rejte w pou toutan+. 10 Sonje sa, se Jewova ki chwazi w pou w bati yon kay k ap ret apa pou li. Mete gason sou ou epi fè travay la.”

11 Apre sa, David bay Salomon, pitit gason l lan, plan galri a+, plan tout chanm yo, plan depo yo, plan pyès yo ki sou tèt kay la, plan pyès ki pi anndan yo ak plan pyès kote kouvèti pou padon an ye a*+. 12 Li te ba l plan tout bagay Bondye te fè l konnen pa mwayen lespri li: plan lakou yo+ pou kay Jewova a, plan tout salamanje ki toutotou kay la, plan tout depo ki nan kay vrè Dye a ak depo ki gen bagay yo met apa pou Bondye yo*+. 13 Mete sou sa, li te ba l enstriksyon sou fason pou l òganize prèt yo+ ak Levit yo. Li te ba l enstriksyon konsènan tout sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, konsènan tout veso y ap itilize nan sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, 14 konsènan pwa lò pou tout veso y ap itilize nan divès sèvis yo, konsènan pwa tout veso ann ajan yo, konsènan tout lòt veso y ap itilize nan divès sèvis yo, 15 konsènan pwa pòtlanp annò yo+ ak lanp annò yo, pwa divès pòtlanp ak lanp ki genyen yo ak pwa pòtlanp ann ajan yo, chak pòtlanp ak lanp li yo, dapre kote y ap sèvi avè l. 16 Li te ba l enstriksyon tou konsènan pwa lò pou tab pou yo met pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+, konsènan ajan pou tab ann ajan yo, 17 konsènan fouchèt yo, bòl yo ak po ki fèt ak lò bon kalite yo, konsènan pwa chak ti bòl annò yo+ ak pwa chak ti bòl ann ajan yo. 18 Li te ba l pwa lò bon kalite y ap itilize pou lotèl pou boule lansan an+ ak reprezantasyon charyo a+. Se cheriben+ annò yo ki reprezantasyon charyo a. Zèl cheriben yo te ouvri e yo te pase pa anlè lach alyans Jewova a. 19 Men sa David te di: “Men Jewova te sou mwen e li te ban m bon konprann pou m ekri+ tout detay ki nan plan an+.”

20 Apre sa, David di Salomon, pitit gason l lan: “Mete kouraj sou ou, mete kran sou ou, epi fè travay la. Pinga w pè e pinga w panike, paske Jewova, Bondye m nan, avè w+. Jewova pap kite w ni li pap lage w+, men l ap avèk ou jiskaske w fin bati kay la nèt. 21 Men gwoup prèt+ ak gwoup Levit+ k ap gen pou fè tout travay k ap fèt nan kay vrè Dye a. Gen travayè ki dispoze travay k ap avè w, yon seri travayè ki fò e ki ka fè tout kalite bagay+. Mete sou sa, mesye ki chèf yo+ ak tout moun ki nan pèp la ap suiv tout enstriksyon w ba yo.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje