2 Kwonik
28 Ahaz+ te gen 20 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 16 an detan l Jerizalèm. Li pa t fè sa ki dwat nan je Jewova, jan David, zansèt li a, te fè sa a+. 2 Olye de sa, li te suiv menm chemen ak wa Izrayèl yo+ e li te menm fè estati Baal an metal*+. 3 Epitou, li te konn boule sakrifis nan Vale pitit gason Inon an* e li te boule pitit gason l nan dife+. Li te konn fè menm vye bagay nasyon+ Jewova te chase devan Izrayelit yo te konn pratike yo. 4 Mete sou sa, li te kontinye fè sakrifis e li te kontinye boule lansan kote ki wo yo konn fè adorasyon yo+, sou tèt mòn yo ak anba tout gwo pyebwa+.
5 Se sa k fè Jewova, Bondye l la, te lage l nan men wa Siri a. Wa Siri a+ te ranpòte laviktwa sou li, li te pran anpil nan moun li yo kòm prizonye e li te mennen yo Damas+. Mete sou sa, Bondye te lage Ahaz nan men wa Izrayèl la ki te touye anpil moun nan pèp li a. 6 Nan yon sèl jou, Peka+, pitit gason Remalya, te touye 120 000 gason vanyan nan Jida paske yo te vire do bay Jewova, Bondye zansèt yo a+. 7 Anplis de sa, Zikri, yon sòlda ki moun Efrayim, te touye Maraseya, pitit gason wa a, ansanm ak Azrikam, chèf palè a* ak Èlkana, chèf ki te vin apre wa a. 8 Mete sou sa, Izrayelit yo te pran 200 000 moun Jida, pwòp frè yo, kòm prizonye. Yo te pran ni fi, ni tigason ni tifi. Epitou, yo te pran anpil bagay nan vil la e yo te pote yo Samari+.
9 Men, gen yon pwofèt Jewova ki rele Odèd ki te la. Li te soti al rankontre lame a ki t ap antre Samari e li te di yo: “Tande! Se paske Jewova, Bondye zansèt nou yo, te fache anpil kont moun Jida yo ki fè l te lage yo nan men nou+, men, nou tèlman touye moun yo avèk raj, nouvèl la rive jis nan syèl la. 10 Kounye a, nou vle fè moun tribi Jida yo ak moun Jerizalèm yo vin sèvitè nou ak sèvant nou+. Men, èske nou menm tou nou pa koupab devan Jewova, Bondye nou an? 11 Kounye a, koute sa m ap di nou. Se pou nou mennen prizonye nou te pran pami pwòp frè nou yo tounen, paske Jewova fache anpil kont nou.”
12 Lè sa a, gen kèk nan moun ki te chèf nan Efrayim yo, Azarya, pitit gason Jewoyanan; Berekya, pitit gason Mechilemòt; Jeyizkya, pitit gason Chaloum, ak Amaza, pitit gason Adlayi, ki t al rankontre sòlda ki t ap antre sot nan lagè yo. 13 Yo te di yo: “Pa antre ak prizonye sa yo isit la paske sa ap fè nou koupab devan Jewova. Sa nou vle fè a ap fè nou peche plis toujou e l ap fè nou koupab plis toujou. Nou deja koupab anpil devan Bondye e Bondye fache anpil kont Izrayèl.” 14 Se sa k fè sòlda yo, ki te gen zam nan men yo, te kite prizonye yo ak bagay yo te pran yo+ devan chèf yo ak tout lòt moun ki te la yo. 15 Apre sa, mesye yo te chwazi yo leve, yo pran prizonye yo e yo pran rad nan bagay sòlda yo te pote yo pou yo bay tout prizonye ki te prèske pa gen rad sou yo. Yo te met rad sou yo, yo te ba yo sandal, manje, bagay pou yo bwè ak luil pou yo pase sou po yo. Mete sou sa, yo te fè moun ki fèb yo monte sou bourik e yo mennen yo al jwenn fanmi yo Jeriko, vil pye palmye yo. Apre sa, yo retounen Samari.
16 Nan epòk sa a, wa Ahaz te mande wa Asiri yo èd+. 17 Men, yon lòt fwa ankò, desandan Edòm yo te atake Jida e yo te pran yon kantite prizonye. 18 Moun Filisti yo+ tou te atake vil ki nan Chefela+ ak Negèb yo, nan tribi Jida a, e yo te pran Bètchemèch+, Ayalon+, Gedewòt, Soko ak ti vil ki sou kont* li yo, Timna+ ak ti vil ki sou kont li yo, Gimzo ak ti vil ki sou kont li yo epi yo abite la. 19 Konsa, Jewova te imilye Jida paske Ahaz, wa Izrayèl la, te kite moun Jida yo fè sa yo vle. Sa te lakòz yo pa t rete fidèl devan Jewova.
20 Finalman, Tilgatpilnesè+, wa Asiri a, te atake l e l te fè malè tonbe sou li+ olye l ede l. 21 Malgre Ahaz te pran tout bagay nan kay Jewova a e nan kay* wa a+ ak chèf yo pou l te ka bay wa Asiri a yon kado, sa pa t itil Ahaz anyen. 22 Menm lè malè te tonbe sou wa Ahaz, li te fè plis bagay toujou ki te montre l pa fidèl devan Jewova. 23 Li te kòmanse fè sakrifis bay dye moun Damas yo+ ki te pot laviktwa sou li+, e li te di: “Kòm dye wa Siri yo te ede yo, m ap ofri yo sakrifis pou yo ka ede m tou+.” Men, yo te lakòz malè tonbe sou li ak tout pèp Izrayèl la. 24 Mete sou sa, Ahaz te pran veso ki nan tanp vrè Dye a, li kraze yo+, li fèmen pòt kay Jewova a+ epi li fè lotèl pa l nan tout kafou ki gen nan Jerizalèm. 25 Li te fè kote ki wo pou moun yo boule sakrifis bay lòt dye nan tout vil Jida yo+, e konsa li te fè Jewova, Bondye zansèt li yo, fache.
26 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak wa Ahaz yo, tout sa l te fè, depi nan kòmansman jiska lafen, bagay sa yo ekri nan Liv wa Jida ak wa Izrayèl yo+. 27 Apre sa, Ahaz t al repoze bò kot zansèt li yo e yo te antere l nan vil la, sa vle di, nan Jerizalèm. Yo pa t antere l kote yo konn antere wa Izrayèl yo+. Epi, Ezekyas, pitit gason l, te vin wa nan plas li.