BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 31
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ezekyas elimine aposta yo nèt (1)

      • Prèt yo ak Levit yo jwenn bonjan èd (2-21)

2 Kwonik 31:1

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:24
  • +Dt 7:5; 2Wa 18:1, 4; 2Kw 14:2, 3; 34:1, 3
  • +Dt 12:2
  • +2Kw 23:16, 17
  • +2Kw 30:1, 18

2 Kwonik 31:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 24:1
  • +1Kw 23:6
  • +2Kw 8:14
  • +1Kw 23:13, 27-30

2 Kwonik 31:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 30:24
  • +Eg 29:39
  • +Nb 28:9
  • +Nb 10:10
  • +Dt 16:16

2 Kwonik 31:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:21; Ne 10:38, 39

2 Kwonik 31:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pote ladim”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:12
  • +Eg 22:29; 23:19; Ne 10:37
  • +Pw 3:9

2 Kwonik 31:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 27:30; Dt 14:28

2 Kwonik 31:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:16
  • +Le 23:24

2 Kwonik 31:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:8
  • +Mal 3:10

2 Kwonik 31:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “salamanje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ne 10:38, 39; 12:44

2 Kwonik 31:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ladim nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 27:30; Dt 14:28

2 Kwonik 31:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 26:17, 19
  • +Dt 12:5, 6; 16:10
  • +Nb 18:8
  • +Le 2:10; 7:1

2 Kwonik 31:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 21:19
  • +1Kw 24:1

2 Kwonik 31:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 24:4
  • +Nb 4:2, 3; 8:24; 1Kw 23:24
  • +1Kw 23:6

2 Kwonik 31:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 25:33, 34; Nb 35:2; Joz 21:13

2 Kwonik 31:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 29:35

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 31:1Eg 23:24
2 Kwo. 31:1Dt 7:5; 2Wa 18:1, 4; 2Kw 14:2, 3; 34:1, 3
2 Kwo. 31:1Dt 12:2
2 Kwo. 31:12Kw 23:16, 17
2 Kwo. 31:12Kw 30:1, 18
2 Kwo. 31:21Kw 24:1
2 Kwo. 31:21Kw 23:6
2 Kwo. 31:22Kw 8:14
2 Kwo. 31:21Kw 23:13, 27-30
2 Kwo. 31:32Kw 30:24
2 Kwo. 31:3Eg 29:39
2 Kwo. 31:3Nb 28:9
2 Kwo. 31:3Nb 10:10
2 Kwo. 31:3Dt 16:16
2 Kwo. 31:4Nb 18:21; Ne 10:38, 39
2 Kwo. 31:5Nb 18:12
2 Kwo. 31:5Eg 22:29; 23:19; Ne 10:37
2 Kwo. 31:5Pw 3:9
2 Kwo. 31:6Le 27:30; Dt 14:28
2 Kwo. 31:7Le 23:16
2 Kwo. 31:7Le 23:24
2 Kwo. 31:10Nb 18:8
2 Kwo. 31:10Mal 3:10
2 Kwo. 31:11Ne 10:38, 39; 12:44
2 Kwo. 31:12Le 27:30; Dt 14:28
2 Kwo. 31:141Kw 26:17, 19
2 Kwo. 31:14Dt 12:5, 6; 16:10
2 Kwo. 31:14Nb 18:8
2 Kwo. 31:14Le 2:10; 7:1
2 Kwo. 31:15Joz 21:19
2 Kwo. 31:151Kw 24:1
2 Kwo. 31:171Kw 24:4
2 Kwo. 31:17Nb 4:2, 3; 8:24; 1Kw 23:24
2 Kwo. 31:171Kw 23:6
2 Kwo. 31:19Le 25:33, 34; Nb 35:2; Joz 21:13
2 Kwo. 31:212Kw 29:35
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 31:1-21

2 Kwonik

31 Kou fèt la fini, tout Izrayelit ki te la yo te ale nan tout vil ki nan Jida yo, yo kraze poto sakre ki fèt an wòch yo+, yo koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+, yo kraze kote ki wo moun yo konn fè adorasyon yo+ ansanm ak lotèl yo+. Yo te fè sa nan tout tèritwa tribi Jida a, nan tout tribi Benjamen an, san wete nan tèritwa tribi Efrayim ak nan tèritwa tribi Manase a+, jiskaske yo te detwi tout bagay sa yo nèt. Apre sa, tout Izrayelit yo retounen lakay yo, nan vil yo t ap viv yo.

2 Apre sa, Ezekyas mete prèt yo nan gwoup yo te dwe ye a+ e li mete Levit yo nan gwoup yo te dwe ye a+ pou yo ka fè travay yo+ anrapò ak sakrifis yo boule nèt yo, sakrifis kominyon* yo, pou yo sèvi Bondye, pou yo remèsye l e pou yo louwe l nan diferan pòtay lakou tanp Jewova a+. 3 Wa a te bay yon pati nan sa l posede kòm sakrifis pou yo boule nèt+, sa ki gen ladan l sakrifis yo boule nèt nan maten ak nan aswè a+, san wete sa yo te boule nèt pandan jou saba yo+, pandan fèt nouvèl lin yo+ ak lòt fèt yo+, jan sa ekri nan Lalwa Jewova a.

4 Mete sou sa, li te bay moun ki t ap viv Jerizalèm yo lòd pou yo bay prèt yo ak Levit yo pòsyon pa yo a+, yon fason pou yo te ka byen suiv sa Lwa Jewova a di. 5 Kou wa a fin bay lòd la, Izrayelit yo pote yon gwo kantite nan premye manje angren yo te rekòlte yo, nan diven yo te genyen yo, nan luil+, siwo ak anpil lòt bagay yo te rekòlte nan jaden yo+. Yo te pote yon dizyèm* nan tout bagay yo te genyen e sa yo te pote yo te anpil+. 6 Mete sou sa, moun Izrayèl ak moun Jida ki t ap viv nan vil Jida yo te pote yon dizyèm nan bèf ak nan mouton yo te genyen yo ansanm ak yon dizyèm nan lòt bagay sakre+ yo te met apa pou Jewova, Bondye yo a. Kantite yo te pote a te anpil. 7 Yo te kòmanse pote ofrann yo nan twazyèm mwa a+ e yo te fin pote yo nan setyèm mwa a+. 8 Lè Ezekyas ak chèf yo te vini e yo te wè kantite bagay moun yo te bay, yo te fè lwanj pou Jewova e yo te beni Izrayèl, pèp li a.

9 Lè Ezekyas te mande prèt yo ak Levit yo ki kote tout bagay sa yo te soti, 10 Azarya, prèt an chèf la, ki te nan fanmi Zadòk, te di l: “Depi lè yo te kòmanse pote ofrann yo nan kay Jewova a+, moun yo manje jiskaske vant yo plen, e malgre sa gen yon gwo kantite ki rete paske Jewova beni pèp li a. Tout sa w wè la yo, se sa ki rete yo+.”

11 Lè sa a, Ezekyas di yo pou yo prepare depo*+ ki nan kay Jewova a. Vrèmanvre, yo te prepare yo. 12 Yo te kontinye pote ofrann yo, dizyèm yo*+, bagay ki sakre yo. Se Konànya, Levit la, ki te responsab ofrann yo e se Chimeyi, frè l, ki te adjwen l. 13 Dapre lòd wa Ezekyas te bay, Jeyèl, Azazya, Nahat, Asayèl, Jerimòt, Jozabad, Eliyèl, Ismakya, Mayat ak Benaya te gen responsablite pou yo ede Konànya ak Chimeyi, frè l la. Azarya te responsab kay vrè Dye a, 14 Kore, pitit gason Imna, Levit ki te nan pòtay ki te bay nan direksyon lès la+, te responsab ofrann moun yo te fè ak tout kè yo+ pou vrè Dye a. Se li ki te distribye ofrann moun yo te pote pou Jewova yo+ ansanm ak bagay ki pi sakre yo+. 15 Men ki moun Kore te genyen souzòd li: Edenn, Minyamin, Jechwa, Chemaya, Amarya ak Chekànya. Yo te nan vil prèt yo+. Se te moun yo ka fè konfyans, e travay yo se te fè lòt Levit ki nan divès gwoup yo+ jwenn menm kantite a nan bagay yo t ap distribye yo, kit yo te granmoun kit yo te timoun. 16 Anplis distribisyon sa a, te gen yon lòt distribisyon ki te konn fèt pou gason ki te gen non yo nan rejis ki gen non fanmi yo e ki te konn vin travay chak jou nan kay Jewova a pou yo fè travay diferan gwoup yo te gen pou yo fè yo. Se gason ki te gen twazan oswa plis ki te gen non yo nan rejis sa a.

17 Yo te anrejistre non prèt yo nan rejis yo dapre fanmi yo+ menm jan yo te fè sa pou Levit ki te gen 20 an oswa plis yo+ dapre travay gwoup yo te ladan l lan te gen pou l fè+. 18 Yo te anrejistre non pitit yo, non madanm yo, non pitit gason yo, non pitit fi yo, non tout lòt Levit yo ak fanmi yo nan rejis ki gen non fanmi yo tou. Yo te met tèt yo apa akoz travay sakre yo te konfye yo a. 19 Yo te anrejistre non desandan Arawon yo, sa vle di prèt ki t ap viv sou tè ki sèvi kòm patiraj toutotou vil yo te genyen yo+. Nan tout vil sa yo, te gen gason ki te gen responsablite pou yo distribye manje bay tout gason ki nan fanmi prèt yo e bay tout Levit ki te gen non yo nan rejis ki gen non fanmi yo.

20 Ezekyas te fè sa nan tout Jida. Li te kontinye fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Jewova, Bondye l la, e li te rete fidèl devan l. 21 Tout sa l te fè pou l chèche Bondye l la, kit se te anrapò ak sèvis ki t ap fèt nan kay vrè Dye a+, kit se te anrapò ak lwa yo ak kòmandman yo, li te fè yo ak tout kè l e tout bagay te mache byen pou li.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje