BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 34
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jozyas vin wa Jida (1, 2)

      • Refòm Jozyas te fè yo (3-13)

      • Yo jwenn liv Lalwa a (14-21)

      • Oulda, yon dam ki pwofèt, anonse malè (22-28)

      • Jozyas li liv la pou pèp la (29-33)

2 Kwonik 34:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 13:2; Sf 1:1; Mt 1:10
  • +2Wa 22:1, 2

2 Kwonik 34:3

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 15:2
  • +2Kw 33:17
  • +2Kw 33:21, 22
  • +2Wa 23:4, 14

2 Kwonik 34:4

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:6

2 Kwonik 34:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 13:2; 2Wa 23:16

2 Kwonik 34:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:19; 2Kw 30:1

2 Kwonik 34:7

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 17:41
  • +2Kw 31:1

2 Kwonik 34:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ak kay la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:12
  • +2Wa 22:3-6

2 Kwonik 34:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 30:11, 18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 55

2 Kwonik 34:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 55

2 Kwonik 34:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:11, 12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 55

2 Kwonik 34:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:15
  • +1Kw 23:6
  • +2Kw 20:19
  • +1Kw 25:1

2 Kwonik 34:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun k ap pote chay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 8:14

2 Kwonik 34:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa mwayen men”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:4
  • +Dt 17:18; 31:24-26; Joz 1:8; 2Wa 22:8
  • +Le 26:46

2 Kwonik 34:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:8
  • +Dt 17:18, 19

2 Kwonik 34:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:11-13

2 Kwonik 34:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 25:22; Jr 40:14

2 Kwonik 34:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:17, 18; 31:16, 24-26; Joz 1:8

2 Kwonik 34:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 15:20; Jj 4:4; Lk 2:36; Tr 21:8, 9
  • +2Wa 22:14-20

2 Kwonik 34:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 35:17
  • +Le 26:16; Dt 28:15; 30:17, 18; Dn 9:11

2 Kwonik 34:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:20
  • +2Wa 21:1, 3, 6; 2Kw 28:1, 3
  • +Dt 29:22, 23; Jr 7:20

2 Kwonik 34:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 34:19

2 Kwonik 34:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 32:26; 33:11, 13

2 Kwonik 34:28

Nòt anba paj

  • *

    Se yon fason pou yo di l ap mouri.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 21:29; Eza 39:8

2 Kwonik 34:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:1

2 Kwonik 34:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:2; 2Kw 17:3, 9; Ne 8:3

2 Kwonik 34:31

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “li refè alyans lan”.

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 10:3
  • +Dt 6:5
  • +Dt 31:24-26; 2Wa 22:8

2 Kwonik 34:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 30:1, 12; 33:1, 16

2 Kwonik 34:33

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “zidòl”.

  • *

    Lit.: “Tout jou l yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 34:11Wa 13:2; Sf 1:1; Mt 1:10
2 Kwo. 34:12Wa 22:1, 2
2 Kwo. 34:32Kw 15:2
2 Kwo. 34:32Kw 33:17
2 Kwo. 34:32Kw 33:21, 22
2 Kwo. 34:32Wa 23:4, 14
2 Kwo. 34:42Wa 23:6
2 Kwo. 34:51Wa 13:2; 2Wa 23:16
2 Kwo. 34:62Wa 23:19; 2Kw 30:1
2 Kwo. 34:72Wa 17:41
2 Kwo. 34:72Kw 31:1
2 Kwo. 34:82Wa 22:12
2 Kwo. 34:82Wa 22:3-6
2 Kwo. 34:92Kw 30:11, 18
2 Kwo. 34:112Wa 12:11, 12
2 Kwo. 34:122Wa 12:15
2 Kwo. 34:121Kw 23:6
2 Kwo. 34:122Kw 20:19
2 Kwo. 34:121Kw 25:1
2 Kwo. 34:132Kw 8:14
2 Kwo. 34:142Wa 22:4
2 Kwo. 34:14Dt 17:18; 31:24-26; Joz 1:8; 2Wa 22:8
2 Kwo. 34:14Le 26:46
2 Kwo. 34:182Wa 22:8
2 Kwo. 34:18Dt 17:18, 19
2 Kwo. 34:192Wa 22:11-13
2 Kwo. 34:202Wa 25:22; Jr 40:14
2 Kwo. 34:21Dt 30:17, 18; 31:16, 24-26; Joz 1:8
2 Kwo. 34:22Eg 15:20; Jj 4:4; Lk 2:36; Tr 21:8, 9
2 Kwo. 34:222Wa 22:14-20
2 Kwo. 34:24Jr 35:17
2 Kwo. 34:24Le 26:16; Dt 28:15; 30:17, 18; Dn 9:11
2 Kwo. 34:25Dt 28:20
2 Kwo. 34:252Wa 21:1, 3, 6; 2Kw 28:1, 3
2 Kwo. 34:25Dt 29:22, 23; Jr 7:20
2 Kwo. 34:262Kw 34:19
2 Kwo. 34:272Kw 32:26; 33:11, 13
2 Kwo. 34:281Wa 21:29; Eza 39:8
2 Kwo. 34:292Wa 23:1
2 Kwo. 34:302Wa 23:2; 2Kw 17:3, 9; Ne 8:3
2 Kwo. 34:31Esd 10:3
2 Kwo. 34:31Dt 6:5
2 Kwo. 34:31Dt 31:24-26; 2Wa 22:8
2 Kwo. 34:322Kw 30:1, 12; 33:1, 16
2 Kwo. 34:332Wa 23:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 34:1-33

2 Kwonik

34 Jozyas+ te gen uitan lè l te vin wa e li te dirije pandan 31 an detan l Jerizalèm+. 2 Jozyas te fè sa ki dwat nan je Jewova e li te aji menm jan ak David, zansèt li a. Li pa t devye ni adwat ni agoch.

3 Nan uityèm ane rèy li a, malgre l te yon timoun toujou, li te kòmanse chèche Bondye David, zansèt li a+. Nan 12yèm ane a, li te kòmanse detwi kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo+, poto sakre ki fèt an bwa yo*, zidòl yo+ ak estati an metal* yo nan Jida ak Jerizalèm+. 4 Mete sou sa, yo te kraze lotèl Baal yo devan l. Li te kraze lotèl pou lansan yo ki te anlè lotèl sa yo. Epitou, li te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*, zidòl yo ak estati an metal* yo fè miyèt moso, li fè yo tounen poud, epi li simen poud sa a sou tonm moun ki te konn fè sakrifis pou bagay sa yo+. 5 Li te boule zosman prèt yo sou lotèl prèt yo te konn fè sèvis yo+. Se konsa Jozyas te netwaye Jida ak Jerizalèm.

6 Nan vil ki nan tribi Manase a tou, ki nan tribi Efrayim+, nan tribi Simeyon rive jis nan tribi Neftali ak tout zòn ki te kraze toutotou vil sa yo, 7 li te kraze lotèl yo, poto sakre ki fèt an bwa yo* ak zidòl yo+, li fè yo fè poud epi li kraze tout lotèl kote yo te konn boule lansan yo nan tout peyi Izrayèl+. Apre sa, li retounen Jerizalèm.

8 Nan 18yèm ane rèy li a, apre l fin netwaye peyi a ak tanp lan*, li voye Chafan+, pitit gason Azalya, al repare kay Jewova, Bondye l la, ansanm ak Maraseya, chèf vil la, ak Jowa, pitit gason Jowakaz, ki te la pou l ekri sa k ap pase+. 9 Yo t al jwenn Ilkya, gran prèt la, e yo te ba l lajan moun nan tribi Manase yo, nan tribi Efrayim yo, rès moun ann Izrayèl yo+, moun tribi Jida yo, moun tribi Benjamen yo ak moun Jerizalèm yo te pote nan kay Bondye a, lajan Levit k ap veye pòtay yo te ranmase yo. 10 Yo te bay moun ki responsab travay k ap fèt nan kay Jewova a lajan an. Apre sa, moun ki t ap fè travay ki te gen pou fèt nan kay Jewova a te sèvi ak lajan an pou yo repare kay la. 11 Yo te bay atizan yo ak lòt bòs yo lajan an pou yo achte wòch taye ak bwa pou bay sipò e pou yo met travès nan yon seri kay wa Jida yo te kite vin nan move eta+.

12 Mesye yo te fè travay la avèk fidelite+. Te gen Levit ki te sou tèt mesye sa yo: Jayat ak Obadya, pami desandan Merari yo+, e te gen Zakari ak Mechoulam, pami desandan Keyat yo+. Levit yo, ki te fò nan jwe enstriman mizik+, 13 te responsab moun ki t ap travay kòm senp travayè* yo e yo te sou tèt tout moun ki t ap travay yo, kèlkeswa travay yo t ap fè a. Gen nan Levit yo tou ki te sekretè, ki te sipèvizè e ki t ap veye pòtay yo+.

14 Pandan yo t ap ranmase lajan moun yo te pote nan kay Jewova a+, Ilkya, prèt la, jwenn liv ki gen Lwa Jewova+ te bay pa mwayen* Moyiz yo+. 15 Lè sa a, Ilkya di Chafan, sekretè a: “Mwen jwenn liv Lalwa a nan kay Jewova a.” Epi, Ilkya bay Chafan liv la. 16 Apre sa, Chafan pote liv la bay wa a e li di l: “Sèvitè w yo ap fè tout travay yo ba yo fè yo. 17 Yo pran lajan yo te jwenn nan kay Jewova a e yo bay mesye ki responsab yo ak moun k ap fè travay yo lajan an.” 18 Epitou, Chafan, sekretè a, di wa a: “Ilkya, prèt la, ban m yon liv+.” Apre sa, Chafan kòmanse li liv la devan wa a+.

19 Kou wa a tande pawòl ki nan liv Lalwa a, li chire rad sou li+. 20 Apre sa, men ki lòd wa a bay Ilkya, Ayikam+, pitit gason Chafan, Abdon, pitit gason Miche, Chafan, sekretè a, ak Asaya, sèvitè wa a: 21 “Al pale ak Jewova pou mwen e pou rès moun ki rete ann Izrayèl ak nan Jida yo konsènan pawòl ki nan liv nou jwenn nan, paske Jewova an kòlè anpil kont nou poutèt zansèt nou yo pa t obeyi pawòl Jewova a, poutèt yo pa t suiv tout sa k ekri nan liv sa a+.”

22 Vrèmanvre, Ilkya ansanm ak lòt moun wa a te voye yo al kot Oulda, dam ki pwofèt la+. Se te madanm Chaloum, moun ki responsab rad yo, e Chaloum se te pitit gason Tikva ki te pitit gason Aras. Oulda t ap viv Jerizalèm, nan Dezyèm Katye a. Se la mesye yo te pale avèk li+. 23 Li te di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Di mesye ki voye nou kote m nan: 24 “Men sa Jewova di: ‘Mwen gen pou m lage yon malè sou vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo+, wi, tout malediksyon ki ekri nan liv+ yo te li devan wa Jida a. 25 Kòm yo abandone m+ e y ap boule sakrifis pou lòt dye yon fason pou yo fè m fache+ nan tout sa y ap fè, m ap an kòlè anpil kont vil sa a e kòlè sa a pap desann+.’” 26 Men, men sa n ap di wa Jida a ki voye nou kote Jewova a: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Kanta pou pawòl ou tande yo+, 27 kòm ou te byen reyaji nan kè w e w te imilye tèt ou devan Bondye lè w te tande pawòl li te di konsènan vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo, kòm ou te imilye tèt ou devan m, ou te chire rad sou ou e w te kriye devan m, mwen menm tou, mwen tande w+. Se sa Jewova di. 28 Se sa k fè m ap fè w al menm kote ak zansèt ou yo* anpè, y ap depoze w nan tonm ou e w pap wè tout malè m ap lage sou vil sa a ak sou moun k ap viv ladan l yo+.’”’”

Apre sa, y al di wa a sa. 29 Annapre, wa a fè rele tout ansyen ki nan Jida ak nan Jerizalèm yo+. 30 Epi, wa a monte nan kay Jewova a ansanm ak tout mesye Jida yo, tout moun k ap viv Jerizalèm yo, prèt yo, Levit yo, wi, tout pèp la, granmoun kou timoun. Li li tout pawòl ki nan liv alyans lan pou yo, liv yo te jwenn nan kay Jewova a+. 31 Wa a te kanpe nan plas li e li fè yon alyans*+ ak Jewova. Li fè konnen l ap sèvi Jewova, l ap suiv kòmandman l yo, rapèl li yo ak lwa l yo ak tout kè l ak tout nanm* li+ e l ap obeyi pawòl ki nan alyans ki ekri nan liv sa a+. 32 Mete sou sa, li fè tout moun ki te Jerizalèm yo ak tout moun nan tribi Benjamen yo aksepte alyans sa a. Moun ki abite Jerizalèm yo te aji ann amoni ak alyans Bondye a, Bondye zansèt yo a+. 33 Apre sa, Jozyas retire tout bagay* ki bay degoutans ki te gen nan peyi Izrayèl yo+ epi li fè tout moun ann Izrayèl sèvi Jewova, Bondye yo a. Pandan tout vi l*, yo pa t sispann suiv Jewova, Bondye zansèt yo a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje