2 Kwonik
27 Jotam+ te gen 25 an lè l te vin wa, e li te dirije pandan 16 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jewoucha e se te pitit fi Zadòk+. 2 Jotam te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, menm jan ak Ozyas, papa l+, men li menm, li pa t antre san respè nan tanp Jewova a+. Sepandan, pèp la te kontinye mal aji. 3 Se Jotam ki te bati pòtay ki pi wo a ki nan kay Jewova a+. Li te bati anpil bagay sou miray Ofèl la+. 4 Mete sou sa, li te bati vil+ nan zòn ki gen mòn nan Jida a+, e li te bati plizyè kote ki byen pwoteje+ ak kote pou moun veye+ nan zòn ki chaje ak pyebwa yo. 5 Li te fè lagè ak wa desandan Amon yo+, e finalman, li te ranpòte laviktwa sou yo. Se sa k fè, nan ane sa a, desandan Amon yo te ba li 100 talan* ajan, 10 000 kò* ble ak 10 000 kò lòj*. Desandan Amon yo te ba li menm kantite bagay sa yo tou nan dezyèm ak nan twazyèm ane a+. 6 Kidonk, Jotam te kontinye vin gen plis pouvwa paske li te kontinye mache nan chemen Jewova, Bondye l la.
7 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jotam yo, tout gè li te fè yo ak fason li te aji, n ap jwenn bagay sa yo ekri nan Liv wa Izrayèl ak wa Jida yo+. 8 Li te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 16 an detan l Jerizalèm+. 9 Apre sa, Jotam t al repoze bò kot zansèt li yo e yo te antere l nan Vil David la+. Epi, Ahaz, pitit gason l, te vin wa nan plas li+.