Jòb
2 Gen moun ki deplase bòn tè yo met pi lwen+,
Yo vòlè mouton pou yo mete nan patiraj pa yo.
3 Yo pran bourik timoun ki san papa yo,
E yo sezi towo bèf vèv la kòm garanti pou dèt li fè+.
4 Yo fòse pòv yo kite wout la,
Moun sou tè a ki pa gen sekou yo dwe kache pou yo+.
5 Moun ki pòv yo ap chèche manje tankou bourik+ mawon ki nan dezè.
Y ap chèche manje nan dezè a pou pitit yo.
6 Yo oblije rekòlte nan lòt jaden*,
E yo oblije ranmase sa moun ki mechan yo kite nan jaden rezen yo.
7 Yo pase nuit yo toutouni, san rad sou yo+.
Yo pa gen anyen pou yo kouvri kò yo lè l fè frèt.
8 Lapli ki tonbe sou mòn yo mouye yo nèt.
Yo kole kò yo sou gwo wòch paske yo pa gen kote pou yo rete.
9 Yo retire timoun ki san papa nan tete+.
Yo pran rad moun ki pòv yo sou yo kòm garanti pou dèt yo fè+,
10 Yo fòse yo mache toutouni, san rad sou yo,
Tou grangou, pandan y ap pote pake manje angren.
11 Y ap redi travay ant miray yo anba solèy cho,
Yo kraze rezen ak pye yo, epoutan y al lakay yo tou swaf+.
12 Moun ki prèt pou mouri yo kontinye ap plenn nan vil la.
Moun ki blese grav yo* ap rele mande sekou+,
Men, Bondye pa wè sa mal*.
14 Moun k ap mache touye moun yo leve granmmaten.
Yo touye moun ki pa gen sekou yo ak moun ki pòv yo+,
Epi y al vòlè lannuit.
17 Pou yo menm, lajounen menm jan ak lè gen fènwa pwès.
Yo abitye ak bagay ki bay laperèz nan fènwa pwès.
18 Men, dlo pote yo ale byen rapid*.
Yo lage malediksyon sou pòsyon tè pa yo+.
Yo pap retounen nan jaden rezen yo.
19 Menm jan sechrès ak chalè fè dlo nèj ki fonn yo disparèt,
20 Manman* yo ap bliye yo, vè ap manje yo.
Pèsonn pap sonje yo ankò+.
Epi, y ap koupe moun ki mechan yo menm jan yo koupe pyebwa.
21 Y ap chèche fè fi ki pa ka fè pitit mechanste,
Y ap maltrete fi ki pa gen mari.
22 Bondye* ap sèvi ak pisans li pou l touye moun ki gen fòs yo,
Menmsi yo nan gwo pozisyon, pa gen espwa pou yo viv.
24 Yo fè lwanj pou yo pou yon ti moman, apre sa, yo pa egziste ankò+,
Yo rabese yo+ e yo mete yo ansanm ak tout lòt moun.
Yo koupe yo menm jan yo koupe grap manje angren.
25 Kounye a, ki moun ki ka di se manti m ap bay
Oubyen ki ka demanti m?”