Jòb
25 Bildad+, desandan Chouwa a, reponn:
2 “Bondye gen pouvwa, e pisans li bay laperèz.
Li mete lapè nan syèl la*.
3 Èske yo ka konte lame l yo?
Sou ki moun limyè l la pa rive?
5 Pou li, menm lalin nan pa klere,
Epi, zetwal yo pa pwòp nan je l,
6 Alewè pou lòm ki tankou vè,
Pou yon moun ki tankou yon vètè!”