Jòb
32 Se konsa, twa mesye sa yo pa t eseye reponn Jòb ankò, paske Jòb te gen konviksyon li se yon moun ki dwat*+. 2 Men, Eliyou, pitit gason Barakèl, desandan Bouz+, ki sot nan fanmi Ram, te vin fache anpil. Li te fache anpil kont Jòb paske Jòb t ap eseye montre li* pi jis pase Bondye+. 3 Li te fache anpil tou kont twa zanmi Jòb yo paske yo pa t ka jwenn bon repons pou yo bay Jòb e yo te fè konnen Bondye mechan+. 4 Eliyou t ap tann pou l reponn Jòb, paske mesye yo te pi gran pase l+. 5 Lè Eliyou wè twa mesye yo pa gen anyen ankò pou yo di, li te vin fache pi rèd toujou. 6 Konsa, Eliyou, pitit gason Barakèl, desandan Bouz la, te kòmanse pale, li te di:
“Mwen jèn*,
Men, nou menm, nou gen anpil laj+,
Se sa k fè, avèk respè, mwen te ret nan wòl mwen+,
E mwen pa t pran chans pale pou m di nou sa m konnen.
7 Mwen te panse: ‘Se moun ki gen anpil laj* yo ki pou pale
E se moun ki gen yon pakèt ane yo ki pou fè konnen sa sajès ye.’
8 Men, se lespri sen Bondye bay moun,
Wi, se souf Toupisan an ki fè moun gen bon konprann+.
9 Se pa laj sèlman* ki fè yon moun gen sajès,
Ni se pa moun ki granmoun yo sèlman ki konprann sa ki dwat+.
10 Se sa k fè m di: ‘Koute m,
E m pral di nou sa m konnen.’
11 Gade! Mwen t ap tann nou fin pale.
Mwen te ret ap koute lè nou t ap di sa n panse+,
Pandan nou t ap chèche sa pou n di+.
12 Mwen te pran san m pou m koute nou,
Men, pa gen youn nan nou ki te ka montre Jòb gen tò*,
Oswa demanti sa l t ap di yo.
13 Se sa k fè, pinga nou di: ‘Nou gen sajès.
Se Bondye ki kont li, se pa yon moun.’
14 Se pa kont mwen Jòb t ap pale,
Se sa k fè mwen pap reponn menm jan avèk nou.
15 Ou pa wè mesye sa yo sezi, yo pa konn sa pou yo reponn ankò,
Yo pa gen anyen pou yo di!
16 Mwen te ret tann, men yo pa t kontinye pale,
Yo te annik ret kanpe la san yo pa reponn anyen ankò.
17 Se poutèt sa, mwen menm, mwen pral reponn,
Mwen menm tou, mwen pral di sa m konnen,
18 Paske m gen anpil pawòl pou m di,
Lespri a pouse m pale.
19 Mwen santi anndan m boulvèse,
Se tankou yon bidon tounèf ki fèt ak po bèt, ki plen ak diven e ki prèt pou eklate+.
20 Kite m pale pou m ka jwenn soulajman!
M ap ouvri bouch mwen pou m reponn.