Jòb
5 “Tanpri, ou mèt rele! Èske gen moun k ap reponn ou?
Kiyès nan sila ki sen yo w ap rele?
2 Paske rankin ap touye moun sòt la,
E anbisyon ap touye moun ti lespri a.
3 Mwen te wè jan moun sòt la pran rasin,
Men, bridsoukou, yo madichonnen kote l abite a.
4 Pa gen chape pou pitit gason l yo,
Yo kraze yo nan pòtay vil la+ san pèsonn pa vin sove yo.
5 Sa l rekòlte a, se moun ki grangou a ki manje l,
Li pran l menm nan mitan pikan,
E yo tann pèlen nan tout sa yo genyen.
6 Paske kalamite pa leve nan pousyè,
E pwoblèm pa pouse nan tè.
7 Paske lòm fèt pou latwoublay,
Menm jan zèklè dife fèt pou vole anlè.
8 Men, si m te ou, mwen t ap rele Bondye
Pou m di l pwoblèm mwen,
9 Mwen t ap rele Sila a ki fè gwo mèvèy la, bagay moun pa ka konprann,
Yon pakèt bèl bagay moun pa ka konte.
10 Li fè lapli tonbe sou tè a,
Li vide dlo nan jaden yo.
11 Li leve malere a met byen wo,
E li leve moun yo meprize a pou l ka sove l.
12 Li kraze plan moun ki mètdam yo,
Pou travay yo fè pa mache.
13 Li fè moun ki gen sajès yo pran nan pwòp pyèj yo+,
Konsa, plan moun ki gen lespri yo echwe.
14 Fènwa kouvri yo lajounen,
Y ap tatonnen gwo midi kòmsi l te lannuit.
15 Li delivre moun anba lang moun sa yo ki tankou epe,
Li sove malere a anba men moun ki gen fòs la,
16 Yon fason pou malere a ka gen espwa,
Men, bouch moun ki pa jis yo ret fèmen.
17 Gade! Byennere moun Bondye korije.
Se poutèt sa, pinga w meprize disiplin Toupisan an bay la!
18 Paske, byenke Bondye ka fè yon moun soufri, l ap bande kote k ap fè l mal la,
Byenke li ka kraze l, l ap geri l ak pwòp men l.
19 L ap sove w anba sis malè,
Menm setyèm nan pap frape w.
20 L ap sove w pou w pa mouri lè gen gwo grangou
E l ap sove w anba kout epe lè gen lagè.
21 W ap jwenn pwoteksyon anba kout lang+,
E ou pap pè lè gen malè.
22 Lè gen dezas ak grangou, se ri w ap ri,
E ou pap pè bèt bwa ki gen sou tè a.
23 Paske wòch ki nan savann yo pap ba w pwoblèm,
E bèt bwa ki nan savann yo ap anpè avè w.
24 W ap konnen gen sekirite* anba tant ou,
E pap gen youn nan bèt nan twoupo w yo k ap manke lè w al egzamine yo.
25 W ap gen anpil pitit,
E desandan w yo ap vin anpil tankou plant ki sou tè a.
26 W ap mouri ak tout fòs ou sou ou,
Tankou pake ble yo ranje nan epòk yo.
27 Gade! nou te chèche konn sa, e se konsa sa ye.
Reflechi sou sa, epi aksepte l.”