Jòb
8 Apre sa, Bildad+, desandan Chouwa a+, reponn:
2 “Pandan konbyen tan w ap kontinye pale konsa+?
Pawòl nan bouch ou se yon gwo van k ap soufle!
3 Èske Bondye ap detounen sa ki jis,
Oubyen èske Toupisan an ap tòde sa ki dwat?
4 Si pitit ou yo te peche kont li,
Li kite yo peye pou rebelyon yo te fè a*,
5 Men, si w ta annik chèche Bondye+,
Si w ta mande Toupisan an pou l fè w favè,
6 Si w te vrèman pwòp e w te vrèman dwat+,
Li ta veye sou ou*
E li ta fè w retounen nan plas kote w dwe ye a.
7 Epi, menmsi w pa t gen anpil bagay okòmansman,
Ou t ap vin gen anpil bagay pi devan+.
8 Ou mèt mande moun nan jenerasyon lontan yo,
Epi, byen gade bagay zansèt yo te jwenn yo+.
9 Paske, se avanyè la a nou fèt, nou pa konn anyen,
E jou nou yo sou tè a tankou yon lonbray.
10 Èske yo pap reponn ou
Pou yo di w sa yo konnen*?
11 Èske yon pye papiris ap byen grandi kote ki pa gen marekaj?
Èske yon pye wozo ap grandi kote ki pa gen dlo?
12 Pandan y ap fè boujon, san yo poko rache yo,
Y ap seche anvan lòt plant yo.
13 Se sa k ap rive* tout moun ki bliye Bondye,
Paske moun ki kite Bondye yo* ap pèdi espwa,
14 Konfyans yo genyen an pa chita sou anyen,
Yo kwè nan yon seri bagay ki tankou fil* arenyen yon moun ka retire byen fasil.
15 Y ap apiye sou kay yo, men kay yo pap ret kanpe,
Y ap eseye kenbe yo, men y ap tonbe.
16 Yo se plant byen fre ki nan solèy,
E ti branch yo gaye toupatou nan jaden kote yo ye a+.
17 Rasin yo vin makònen ak yon pil wòch,
Y ap chèche yon kote pou yo rete pami wòch yo*.
18 Men, lè yo derasinen* yo kote yo te ye a,
Kote sa a pap aksepte yo ankò, l ap di yo: ‘Mwen pa konnen nou+.’
20 Vrèmanvre, Bondye pap voye moun ki ret fidèl yo* jete,
Ni li pap ede* moun ki mechan yo,
21 Paske l ap fè w kontan anpil
E w ap tèlman kontan, w ap rele.
22 Lawont ap kouvri moun ki rayi w yo,
E tant moun ki mechan yo pap la ankò.”