Jòb
11 Sofa+, desandan Naama a*, reponn:
2 “Èske tout pawòl sa yo ap rete san repons,
Oubyen èske se paske yon moun pale anpil ki fè l gen rezon?*
3 Èske pawòl san valè w ap di yo ap fè moun fèmen bouch yo?
Èske pèsonn pap korije w pou pawòl derespektan w ap di yo+?
5 Men, si Bondye ta annik ouvri bouch li,
Epi l pale avè w+,
6 Lè sa a, li t ap fè w konnen sekrè sajès genyen,
Paske sajès* gen anpil bagay ladan l.
Konsa, ou t ap konprann Bondye pa vle sonje kèk nan peche w fè yo.
7 Èske w ka konnen gwo sajès Bondye genyen?
Oswa èske w ka konn tout bagay sou* Toupisan an?
8 Sajès pi wo pase syèl la. Sa w ka fè?
Li pi fon pase Tonm*. Sa w ka konnen?
9 Li pi gwo pase tè a,
E li pi laj pase lanmè a.
10 Si Bondye ap pase, li kenbe yon moun e li mennen l nan tribinal,
Kiyès ki ka fè fòs avè l?
11 Paske li konnen lè moun gen twou nan manch.
Lè l wè yon bagay ki mal, èske l ap pase sou sa?
12 Men, yon moun ki san sèvèl ap ka konprann,
Lè yon bourik mawon kapab rive fè yon moun*.
13 Sèl bagay, si w ta prepare kè w
E w ta ouvri men w pou w priye devan l,
14 Si w ap fè sa ki mal ak men w, sispann,
Epi, pa kite okenn aksyon ki pa jis fèt anba tant ou.
15 Paske lè sa a, ou pa t ap wont leve figi w devan l,
Ou t ap ka kanpe djanm san w pa pè.
16 Paske lè sa a, w ap bliye pwoblèm ou yo,
W ap sonje yo tankou dlo ki fin pase.
17 Lavi w ap vin pi klere pase gwo midi,
Menm fènwa nan lavi w ap tankou limyè solèy nan maten.
18 W ap gen konfyans, paske gen yon espwa,
W ap gade tout kote e w ap kouche san w pa pè anyen.
19 W ap kouche e pa gen pèsonn k ap vin fè w pè.
E anpil moun ap chèche pou w fè yo favè.