Jòb
17 “Mwen santi m faya, lavi m fini,
Se simityè k ap tann mwen+.
2 Moun k ap pase m nan rizib yo toutotou m+,
E mwen oblije ret ap gade* konduit yo genyen ki montre jan yo rebèl.
3 Tanpri, pwomèt mwen w ap soutni m.
Èske gen yon lòt moun ki ka ede m+?
4 Piske ou pa kite yo gen bon jijman nan kè yo+,
Se sa k fè ou pa fè lwanj pou yo.
5 Yon moun ka vle pataje sa l genyen ak zanmi l,
Alòske pitit li yo tèlman grangou, yo pa wè.
7 Soufrans fè m pa ka wè byen+,
E tout manm mwen yo vin fèb.
8 Moun ki dwat yo sezi lè yo wè sa,
Moun ki san repwòch yo santi yo boulvèse lè y ap gade moun ki vire do bay Bondye yo*.
10 Men, nou tout mèt kontinye kritike m,
paske mwen pa wè youn nan nou ki gen sajès+.
12 Zanmi m yo ap bay manti, yo pa di laverite,
Y ap di: ‘Limyè a toupre’, men tout sa m ka wè se fènwa.
15 Bon, ki kote espwa m ye+?
Kiyès ki ka wè espwa pou mwen?