Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon melodi.
67 Bondye li menm ap fè nou favè e l ap beni nou.
L ap byen aji avèk nou+ (Sela)
2 Yon fason pou moun sou tout tè a ka konnen chemen w yo+,
Pou tout nasyon ka konnen sa w te fè pou w bay delivrans+.
3 Se pou pèp yo louwe w, o Bondye.
Wi, se pou tout pèp yo fè louwanj pou ou.
4 Se pou nasyon yo rejwi e se pou yo rele byen fò ak kè kontan+
Paske, ou gen pou w jije pèp yo avèk jistis+.
Ou gen pou w gide nasyon ki sou tè a. (Sela)
5 Se pou pèp yo louwe w, o Bondye.
Wi, se pou tout pèp yo fè louwanj pou ou.