Sòm
2 Sonje pèp* ki te vin byen pa w depi byen lontan an+,
Pèp ou te sove pou l vin eritaj pa w la+.
Sonje Mòn Siyon, kote w te rete a+.
4 Ènmi w yo te antre kote pèp ou a konn reyini an, yo t ap rele byen fò+.
Yo mete bànyè yo kòm siy anndan l.
5 Yo te tankou moun k ap voye kout rach nan yon forè ki gen anpil pyebwa.
6 Yo kraze mi yo ki te gen desen grave ladan yo+ ak kout rach e ak baton fè.
7 Yo met dife nan tanp ou an+.
Yo derespekte tanp ki pote non w lan, yo mete l plat atè.
8 Men sa yo menm ak desandan yo di nan kè yo:
“N ap boule tout kote nan peyi a pèp la konn reyini pou yo adore Bondye.”
9 Nou pa wè okenn siy.
Pa gen okenn pwofèt ankò,
Pa gen okenn nan nou ki konnen konbyen tan sa ap dire.
10 O Bondye, pandan konbyen tan advèsè a ap kontinye pwovoke w+?
Èske se pou toutan ènmi an ap kontinye montre li pa gen respè pou non w+?
11 Poukisa w pa sèvi ak men dwat ou pou w aji+?
Rale men w sot nan rad ou pou w fè yon fen ak yo.
12 Bondye se Wa pa m depi lontan,
Se li menm k ap fè aksyon sou tè a pou l bay delivrans+.
13 Ou te fann lanmè a ak fòs ou+,
Ou te kraze tèt gwo bèt ki nan dlo yo.
14 Ou te kraze tèt Levyatan*.
Ou te bay pèp la li pou l manje, wi, moun ki abite nan dezè yo.
15 Ou te ouvè pasaj pou sous yo ak rivyè yo pase+.
Ou te seche rivyè ki toujou gen dlo k ap koule ladan yo+.
16 Se ou menm ki fè lajounen e ki fè lannuit.
Se ou menm ki fè limyè e ki fè solèy la+.
18 Pa bliye jan ènmi an kontinye pwovoke w, o Jewova,
Jan yon pakèt moun sòt ap derespekte non w+.
19 Pa kite toutrèl ou a pèdi lavi l* anba men bèt sovaj yo.
Pa bliye pèp ou a nèt nan soufrans li yo.
20 Sonje alyans ou te fè avèk nou an,
Paske kote sou tè a ki nan fènwa yo vin chaje ak vyolans.
22 Leve kanpe, o Bondye, defann kòz ou.
Sonje jan moun ki sòt yo ap pwovoke w tout lajounen+.
23 Pa bliye sa ènmi w yo ap di yo.
Bri moun k ap pwovoke w yo ap fè pa sispann monte nan syèl la.