Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon melodi. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante Asaf te ekri+.
2 Ou di: “Mwen fikse yon tan
Pou m kòmanse jije avèk jistis.
3 Lè tè a ak tout moun ki abite sou li yo te pran tranble*,
Se mwen menm ki te fè poto l yo rete fèm.” (Sela)
4 Men sa m ap di grandizè yo: “Pinga nou fè grandizè.”
E men sa m ap di mechan yo: “Pinga nou vante tèt nou pou fòs* nou.
6 Paske, onè yon moun jwenn pa soti
Ni alès, ni alwès, ni nan sid.
8 Jewova gen yon koup nan men l+
Ki gen diven k ap kimen e ki byen melanje.
Vrèmanvre, li gen pou l vide tout diven ki nan koup la bay mechan yo ki sou tè a,
E yo tout ap bwè diven an san yo pa kite yon ti tak+.”
9 Kanta pou mwen, m ap fè konn sa pou toutan,
M ap chante louwanj* pou Bondye Jakòb la.