Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon chante Asaf te ekri+. Yon melodi.
3 Se la li te kase flèch ki te tou limen yo
E li te kraze boukliye yo, epe yo ak lòt zam pou fè lagè yo+. (Sela)
5 Moun ki ranpòte laviktwa yo pran tout sa gason vanyan yo te genyen+.
Sòlda sa yo ap dòmi kounye a,
Yo youn pa t gen fòs pou yo goumen+.
6 Ou annik fè yon sèl bri sou yo, o Bondye Jakòb la,
E dòmi pran ni moun k ap kondui charyo yo ni cheval yo+.
7 Se ou menm sèl ki fè moun gen gwo respè pou ou+.
Kiyès ki ka ret kanpe devan w lè w an kòlè anpil+?
8 Detan w nan syèl la, ou jije yo+.
Tout moun ki sou tè a te pè, yo te ret an silans+
9 Lè Bondye te leve kanpe pou l egzekite jijman l
E pou l sove malere ki sou tè a+. (Sela)
10 Lè lèzòm an kòlè, sa sèvi pou ba w louwanj+.
Ou ka menm sèvi ak dènye aksyon yo fè pandan yo an kòlè a pou w bay tèt ou glwa.
11 Lè nou fè Jewova, Bondye nou an, pwomès, se pou nou kenbe yo+.
Se pou tout moun k ap viv ozalantou l yo pote kado pou li nan lakrentif+.
12 L ap kraze ògèy* dirijan yo.
Li fè wa ki sou tè a gen lakrentif pou li.