Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri.
3 Ou te metrize gwo kòlè w te genyen an,
Ou te sispann an kòlè kont yo+.
5 Èske w ap an kòlè kont nou nètale+?
Èske w ap rete an kòlè kont nou, jenerasyon apre jenerasyon?
6 Èske w pap rebay pèp ou a fòs ankò
Pou yo ka rejwi nan ou+?
7 O Jewova, demontre lanmou fidèl ou genyen an pou nou+,
E delivre nou.
8 M ap koute sa Jewova, vrè Dye a, di
Paske se konsènan lapè l ap pale ak pèp li a+, sèvitè fidèl li yo,
Depi yo pa retounen twò kwè nan tèt yo ankò+.
9 Se sèten moun ki gen lakrentif pou li yo ap jwenn delivrans nan men l byen fasil+,
Yon fason pou glwa li ka rete nan peyi nou an.
11 Fidelite ap pouse sou tè a,
Jistis ap gade anba detan l nan syèl la+.
13 Jistis ap mache devan l+
E l ap fè yon chemen ak mak pye l.