Sòm
Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. Yon melodi.
87 Se nan mòn ki sakre yo fondasyon vil li a ye+.
2 Jewova renmen pòtay Siyon yo+
Plis pase tout tant Jakòb yo.
3 Yo di anpil bagay estrawòdinè sou ou, ou menm vil vrè Dye a+. (Sela)
4 Mwen konte Rahab*+ ak Babilòn pami peyi ki konnen m* yo.
Gade Filisti, Ti ansanm ak Etyopi*.
Men sa mwen gen pou m di konsènan yo chak: “Sa a se la l te fèt.”
5 Men, men sa yo pral di konsènan Siyon:
“Yo tout se la yo te fèt.”
Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ap fè Siyon kontinye egziste.
6 Men sa Jewova pral di lè l ap anrejistre non moun nan pèp la:
“Moun sa a se la l fèt.” (Sela)