Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David ekri.
14 Moun sòt la* di nan kè l:
“Pa gen Jewova+.”
Aksyon yo fè yo pa bon menm e yo aji yon fason ki bay degoutans.
Pa gen youn k ap fè sa ki bon+.
2 Men, detan Jewova nan syèl la, l ap gade lèzòm
Pou l wè si gen nan yo ki gen bon konprann, si gen nan yo k ap chèche Jewova+.
4 Èske se konprann okenn nan moun k ap fè sa ki mal yo pa konprann?
Y ap devore pèp mwen an tankou se pen y ap manje.
Yo pa envoke non Jewova.
5 Men, yon gwo laperèz gen pou anvayi yo+,
Paske Jewova avèk moun ki jis yo.
6 Nou menm k ap fè sa ki mal, n ap chèche anpeche malere yo reyalize pwojè yo,
Men, se Jewova ki refij yo+.
7 Se pou delivrans Izrayèl soti nan Siyon+!
Lè Jewova ap rasanble moun nan pèp li a ki te ann egzil yo,
Se pou Jakòb kontan, se pou Izrayèl rejwi.