Sòm
118 Se pou nou di Jewova mèsi paske li bon+.
Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.
2 Kounye a, se pou Izrayèl di:
“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”
3 Kounye a, se pou desandan Arawon yo di:
“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”
4 Kounye a, se pou moun ki gen lakrentif pou Jewova yo di:
“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”
5 Lè m t ap soufri a, mwen te rele Ja*
E Ja te reponn mwen. Li te mennen m yon kote mwen te santi m an sekirite*+.
8 Li pi bon pou nou pran refij nan Jewova
Pase nou met konfyans nou nan lèzòm+.
9 Li pi bon pou nou pran refij nan Jewova
Pase nou met konfyans nou nan chèf yo+.
11 Yo te antoure m, wi, yo te antoure m nèt,
Men, mwen te fè yo fè bak
Paske m gen lafwa nan non Jewova.
12 Yo te antoure m tankou yon bann myèl,
Men yo te mouri byen vit tankou dife ki pran nan pay sèch.
Mwen te fè yo fè bak
Paske m gen lafwa nan non Jewova+.
13 Yo* te pouse m byen fò pou m ka tonbe,
Men, Jewova te ede m.
14 Ja se refij mwen e li se fòs mwen,
Se li menm k ap sove m+.
15 Moun ki jis la ap rele ak kè kontan
Anndan lakay li paske li jwenn delivrans*.
Jewova demontre fòs li gen nan men dwat li+.
16 Men dwat Jewova leve byen wo.
Jewova demontre fòs li gen nan men dwat li+.
17 Mwen pap mouri, non, m ap viv
Pou m ka fè konnen tout aksyon Ja fè yo+.
19 Ouvri pòtay jistis yo pou mwen+
E m ap antre ladan yo pou m fè louwanj pou Ja.
20 Pòtay sa a se pòtay kay Jewova a.
Moun ki jis la ap antre ladan l+.
21 M ap fè louwanj pou ou paske w te reponn mwen+
E w te sove m.
24 Se Jewova ki fè jou sa a rive.
N ap kontan, n ap rejwi pandan jou sa a.
25 Jewova, nou sipliye w, sove nou, tanpri!
Jewova, fè nou gen laviktwa, tanpri!
27 Jewova se Bondye,
Se li ki ban nou limyè+.
Se pou nou antre nan gwoup moun k ap mache ansanm pandan fèt la ak branch bwa nan men nou+
Pou nou monte rive jis bò kòn lotèl la+.
28 Ou se Bondye m, e m ap fè louwanj pou ou.
M ap ba w glwa, o Bondye m nan+.