Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.
2 Kounye a, nou kanpe
Anndan pòtay ou yo, o Jerizalèm+.
4 Tribi yo, wi, tribi Ja* yo
Monte nan vil la
Pou yo ka fè louwanj pou non Jewova+,
Jan Lalwa li bay Izrayèl la mande sa.
6 Priye pou Jerizalèm ka gen lapè+.
Moun ki renmen w yo ap an sekirite, o Jerizalèm.
7 Se pou toujou gen lapè anndan miray ou yo ki byen solid,
Se pou tout moun ki abite nan fòtrès ou yo toujou santi yo an sekirite.
8 Poutèt frè m yo ak zanmi m yo, m ap di:
“Se pou gen lapè nan mitan w.”
9 Poutèt kay Jewova, Bondye nou an+,
M ap chèche bon bagay pou ou.