Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.
124 “Si Jewova pa t avèk nou+,”
Kounye a se pou Izrayèl di:
2 “Si Jewova pa t avèk nou+
Lè ènmi yo te leve kanpe pou yo atake nou an+,
3 Yo t ap vale nou tou vivan+
Lè yo te fache anpil kont nou an+.
5 Dlo ki dechennen yo t ap kouvri nou*.
6 Se pou Jewova jwenn louwanj,
Paske, li pa kite yo devore nou ak kout dan tankou si se jibye nou te ye.
7 Nou* tankou yon zwazo ki te chape
Nan pyèj chasè a te tann nan+.
Pyèj la te kraze
E nou te chape poul nou+.
8 Se Bondye nou an, ki rele Jewova, Sila a ki fè syèl la ak tè a,
K ap pote nou sekou+.”