Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo.
132 O Jewova, sonje David
E sonje tout soufrans li yo+.
2 Li te fè Jewova sèman,
Li te fè Bondye Jakòb la, Sila a ki pisan an+, yon pwomès lè l te di:
3 “Mwen pap antre nan tant mwen, mwen pap antre lakay mwen+,
Mwen pap kouche sou kabann mwen,
4 Mwen pap kite dòmi pran m,
Mwen pap fèmen je m,
5 Toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Jewova rete,
8 O Jewova, leve kanpe pou w vini kote yo fè pou w rete a+,
Ni ou menm, ni Lach la ki montre fòs ou+.
9 Se pou prèt ou yo fè sa ki jis,
Se pou moun ki fidèl devan w yo rele byen fò ak kè kontan.
10 Pa voye moun ou chwazi a+ jete,
Poutèt David, sèvitè w la.
11 Jewova te fè David sèman,
E se sèten l ap respekte pawòl li. Li te di:
“Gen youn nan desandan w* yo
M ap mete chita sou twòn ou an+.
12 Si pitit ou yo respekte alyans mwen an
E yo obeyi rapèl mwen ba yo+,
Pitit pa yo tou
Ap chita sou twòn ou an pou toutan+.”
14 “Se la m ap rete pou toutan,
Se la m ap abite+ paske se sa m vle.
15 M ap beni l anpil, paske, m ap fè gen anpil manje ladan l.
M ap fè pòv li yo jwenn pen pou yo manje jis yo rasazye+.
17 Se la m ap fè David vin gen plis fòs.
Mwen prepare yon lanp pou moun mwen chwazi a+.
18 M ap lage lawont sou ènmi l yo,
Men, kouwòn ki sou tèt li a ap klere+.”