Sòm
135 Louwe Ja*!
Fè louwanj pou non Jewova.
Fè louwanj pou Jewova, nou menm k ap sèvi l+,
2 Nou menm k ap fè sèvis nou nan kay Jewova a,
Nan lakou kay Bondye nou an+.
5 Paske, mwen byen konnen Jewova gen anpil pouvwa.
Seyè nou an gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+.
6 Jewova fè sa l vle+
Ni nan syèl la, ni sou tè a, ni nan lanmè yo, ni nan tout gwo dlo yo.
7 Li fè nyaj* soti nan dènye bout tè a monte nan syèl la,
Li fè kout zèklè flache nan* lapli,
Li fè van soti nan depo l yo+.
8 Li te touye premye pitit bèt ak premye pitit moun
Ki te nan peyi Ejip yo+.
12 Li te bay Izrayèl, pèp li a,
Peyi yo te genyen yo kòm eritaj+.
13 O Jewova, non w ap la pou toutan.
O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon+ moun ap tande pale de ou*.
15 Zidòl nasyon yo ap sèvi yo fèt ann ajan ak lò.
Se moun ki fè yo ak men yo+.
16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale+.
Yo gen je, men yo pa ka wè.
17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.
Yo pa gen souf nan bouch yo+.
18 Moun ki fè zidòl sa yo ap vin menm jan ak yo+,
E tout moun ki met konfyans yo nan yo ap vin menm jan an tou+.
19 O nou menm desandan Izrayèl yo, se pou nou louwe Jewova.
O nou menm desandan Arawon yo, se pou nou louwe Jewova.
20 O nou menm desandan Levi yo, se pou nou louwe Jewova+.
Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, se pou nou louwe Jewova.