Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.
140 O Jewova, delivre m anba mechan yo,
Pwoteje m anba moun ki vyolan yo+,
2 Anba moun k ap konplote move bagay nan kè yo+,
E k ap fè moun fè kont tout lajounen.
4 O Jewova, pa kite m tonbe anba men mechan yo+,
Pwoteje m anba moun ki vyolan yo,
Moun k ap fè konplo pou yo fè m bite yo.
5 Moun ki awogan yo tann yon pyèj pou mwen,
Yo sèvi ak kòd pou yo ouvri yon filè sou wout mwen+.
Yo pare pèlen pou mwen+. (Sela)
6 Mwen di Jewova: “Ou se Bondye m.
O Jewova, koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou+.”
7 O Jewova, Seyè ki Souvren an, Sovè m nan ki gen fòs,
Ou pwoteje tèt mwen nan jou batay la+.
8 O Jewova, pa kite mechan yo jwenn sa y ap chèche a.
Pa kite konplo y ap fè yo reyisi pou yo pa pran tèt yo pou yon pakèt afè+. (Sela)
9 Se pou move bagay moun ki antoure m yo ap di yo
Tonbe sou tèt yo+.
10 Se pou chabon dife tou limen tonbe sou yo+.
Se pou yo lage yo anndan dife a,
Se pou yo lage yo nan twou ki fon*+ e se pou yo pa janm soti anndan yo.
11 Se pou medizan yo pa jwenn okenn kote pou yo abite an sekirite sou tè a*+.
Se pou malè pousuiv moun k ap fè vyolans yo e se pou malè fini ak yo.
12 Mwen konnen Jewova ap defann malere yo
E l ap fè pòv yo jwenn jistis+.
13 Se sèten moun ki jis la ap fè louwanj pou non w,
E moun ki dwat la ap abite devan w+.