Sòm
Maskil*. Yon chante David te ekri lè l te nan gwòt la+. Yon priyè.
142 Mwen rele Jewova pou m mande l èd li+.
Mwen sipliye Jewova pou l fè m favè.
2 Mwen fè l konnen tout sa k ap trakase m,
Tout sa k fè m lapenn+,
3 Lè m santi m dekouraje*.
Lè konsa, ou voye je sou chemen m ap mache a+.
Ènmi m yo tann yon pyèj pou mwen
Nan chemen m ap mache a.
4 Si w gade sou bò dwat mwen,
W ap wè pa gen pèsonn ki pran ka m*+.
Pa gen yon kote mwen ka kouri al kache+.
Pèsonn pa enkyete pou mwen*.
5 O Jewova, mwen rele w pou m mande w èd ou.
Mwen di: “Se ou menm ki refij mwen+.
Ou se tout sa m posede* nan peyi moun ki vivan yo.”
6 Se pou w koute rèl m ap fè nan pye w pou m mande w sekou,
Paske, mwen santi m dekouraje anpil.
Delivre m anba men moun k ap pèsekite m yo+,
Paske, yo pi fò pase m.
7 Retire m* nan kacho a
Pou m ka fè louwanj pou non w.
Se pou moun ki jis yo rasanble bò kote m,
Paske, ou byen boule avè m.