Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.
20 Se pou Jewova reponn priyè w fè l lè w nan pwoblèm.
Se pou non Bondye Jakòb la pwoteje w+.
3 Se pou l sonje tout ofrann ou yo.
Se pou l aksepte sakrifis ou boule nèt pou li yo. (Sela)
5 N ap rele ak kè kontan poutèt ou sove nou+.
N ap bay non Bondye nou an glwa+.
Se pou Jewova ba w tout sa w mande l.
6 Kounye a, mwen konnen Jewova delivre moun li chwazi a+.
Li reponn priyè l la detan l nan syèl la,
7 Gen moun ki met konfyans yo nan charyo, gen lòt ki met konfyans yo nan cheval+,
Men nou menm, se pou non Jewova, Bondye nou an, n ap fè louwanj+.
8 Yo bite e yo tonbe,
Men nou menm, nou leve e nou kanpe dwat+.