BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Chante Salomon an 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Chante Salomon an — Sa ki gen nan liv sa a

    • CHOULAMIT LA NAN KAN WA SALOMON AN (1:1–3:5)

        • Pi bèl chante ki genyen an (1)

        • Jèn fi a (2-7)

        • Pitit fi Jerizalèm yo (8)

        • Wa a (9-11)

          • “N ap fè bijou annò pou ou” (11)

        • Jèn fi a (12-14)

          • ‘Moun mwen renmen anpil la tankou yon ti sak ki gen lami santi bon’ (13)

        • Bèje a (15)

          • “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan”

        • Jèn fi a (16, 17)

          • “Se pa ti bèl ou bèl cheri m nan” (16)

Chante Salomon an 1:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 4:29, 32

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2006, p. 8

Chante Salomon an 1:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 4:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2015, p. 30-31

    1/12/2006, p. 8-9

Chante Salomon an 1:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 27:9; Ekl 9:8; Ch 5:5
  • +Ekl 7:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2015, p. 30-31

    1/12/2006, p. 8

Chante Salomon an 1:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Rale m dèyè w”.

  • *

    Oswa: “Annou pale konsènan”.

  • *

    Anpalan de jèn medam yo.

Chante Salomon an 1:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nwa”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 120:5; Eze 27:21
  • +Eg 36:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2006, p. 8-9

Chante Salomon an 1:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2015, p. 32

Chante Salomon an 1:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm mwen”.

  • *

    Oswa: “yon vwal ki kouvri figi l ki montre li nan lapenn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 6:3

Chante Salomon an 1:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 10:28; 2Kw 1:16, 17; Ch 6:4

Chante Salomon an 1:10

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “figi w bèl nan mitan très cheve yo”.

Chante Salomon an 1:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “fè ti sèk”.

Chante Salomon an 1:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 4:13, 14

Chante Salomon an 1:13

Nòt anba paj

  • *

    Se yon gonm.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:23, 25; Est 2:12; Sm 45:8; Ch 4:6; 5:13

Chante Salomon an 1:14

Nòt anba paj

  • *

    Se yon plant flè l santi bon e yo fè yon tenti avèk fèy li yo ki gen yon koulè mawon ki tire sou wouj.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 4:13
  • +Joz 15:20, 62; 1Sa 23:29; 2Kw 20:2

Chante Salomon an 1:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 4:1; 5:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2006, p. 9

Chante Salomon an 1:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 5:10

Chante Salomon an 1:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “gwo kay nou an”.

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Chan. 1:11Wa 4:29, 32
Chan. 1:2Ch 4:10
Chan. 1:3Pw 27:9; Ekl 9:8; Ch 5:5
Chan. 1:3Ekl 7:1
Chan. 1:5Sm 120:5; Eze 27:21
Chan. 1:5Eg 36:14
Chan. 1:7Ch 6:3
Chan. 1:91Wa 10:28; 2Kw 1:16, 17; Ch 6:4
Chan. 1:12Ch 4:13, 14
Chan. 1:13Eg 30:23, 25; Est 2:12; Sm 45:8; Ch 4:6; 5:13
Chan. 1:14Ch 4:13
Chan. 1:14Joz 15:20, 62; 1Sa 23:29; 2Kw 20:2
Chan. 1:15Ch 4:1; 5:2
Chan. 1:16Ch 5:10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Chante Salomon an 1:1-17

Chante Salomon an

1 Pi bèl chante ki genyen an, yon chante Salomon te ekri+:

 2 “Se pou w bo m, se pou w bo m anpil.

Paske, fason w montre w renmen m pi bon pase diven+.

 3 Luil ou mete sou ou yo santi bon+.

Non w tankou yon luil santi bon y ap vide+.

Se sa k fè jèn medam yo renmen w.

 4 Pran m ansanm avè w*, annou kouri ale,

Paske, wa a fè m antre anndan chanm lakay li.

Se pou nou rejwi, se pou nou gen kè kontan ansanm.

Ann fè lwanj pou* fason w montre ou renmen m yo ki pi bon pase diven.

Yo* gen rezon pou yo renmen w.

 5 O nou menm pitit fi Jerizalèm yo, po m fonse*, men mwen bèl,

Menm jan ak tant ki nan Keda yo+, menm jan ak twal tant+ Salomon yo.

 6 Pa rete ap gade m poutèt po m fonse

Akoz solèy la boule m.

Pitit gason manman m yo te fache kont mwen,

Yo te mete m okipe jaden rezen

E mwen pa t ka okipe jaden rezen pa m nan.

 7 Ou menm mwen* renmen anpil la,

Di m nan ki patiraj ou mennen bèt ou yo manje+,

Di m ki kote w mete yo kouche lè l midi,

Pou m pa plede ap mache nan mitan bèt konpayon w yo genyen yo

Tankou yon fi ki gen yon vwal ki kouvri figi l*.”

 8 “Si w pa konnen, ou menm ki pi bèl pase tout lòt medam yo,

Se pou w suiv chemen bèt yo pran an

Epi mennen ti kabrit ou yo manje nan patiraj ki toupre tant bèje yo.”

 9 “Ou menm mwen renmen anpil la, ou bèl tankou youn nan jiman k ap rale charyo Farawon yo+.

10 Se pa ti bèl figi w bèl avèk bèl bagay ki sou li yo*,

Se pa ti bèl kou w bèl ak kolye w yo.

11 N ap fè bijou* annò pou ou

Ki gen ti dekorasyon ann ajan sou yo.”

12 “Pandan wa a chita bò tab won li genyen an,

Bon sant pafen m+ nan gaye.

13 Moun mwen renmen anpil la tankou yon ti sak ki gen lami* ki santi bon+

Ki pase nuit lan nan mitan tete m.

14 Moun mwen renmen anpil la tankou yon touf ene*+

Ki nan mitan jaden rezen ki Enngedi yo+.”

15 “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan.

Se pa ti bèl ou bèl. Je w tankou je toutrèl+.”

16 “Ou menm tou, se pa ti bèl ou bèl cheri m nan. Ou gen anpil cham+.

Kabann nou se fèy bwa.

17 Travès kay nou* se branch pye sèd.

Twati kay nou se branch pye jenevriye.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje