Chante Salomon an
4 “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan.
Se pa ti bèl ou bèl!
Dèyè vwal ou a, je w tankou je toutrèl.
Cheve w tankou yon twoupo kabrit
K ap kouri desann sou mòn Galaad yo+.
2 Dan w blan tankou yon twoupo mouton yo fèk fin benyen
Apre yo fin tonn yo,
Yo tout byen fèt, youn anfas lòt
E pa gen youn nan yo ki manke.
3 Po bouch ou tankou fil wouj vif.
Se bèl ti pawòl ki sot nan bouch ou.
Dèyè vwal ou a,
Bò figi w* tankou tranch grenad.
4 Kou w+ tankou fòtrès David la+
Ki bati ak plizyè ranje wòch,
Ki gen 1 000 boukliye ki pandye sou yo,
Tout boukliye won ki pou gason vanyan yo+.
6 “Anvan van kòmanse vante nan jounen an*, anvan lonbray yo disparèt,
M ap pran wout pou m al sou mòn ki gen lami an,
E sou ti mòn ki gen lansan blan an+.”
8 Vin avè m non, fiyanse m nan, annou kite Liban,
Wi, annou kite Liban+.
Annou desann tèt Mòn Amana*,
Tèt Mòn Seni ak tèt Mòn Èmon+,
Pou nou kite kachèt lyon yo e pou nou kite mòn leyopa yo.
9 Ou vòlè kè m+, sè m nan, fiyanse m nan.
Ou annik fè yon ti gade m ou vòlè kè m,
Ou vòlè kè m avèk yon sèl nan meday ki nan kolye w la.
10 Sè m nan, fiyanse m nan, fason w montre w renmen m yo bon anpil+!
Fason w montre w renmen m yo pi bon pase diven+
E pafen w lan gen pi bon sant pase tout fèy santi bon ki genyen+.
11 Fiyanse m nan, po bouch ou gen siwo myèl ki nan gato myèl k ap degoute ladan l+.
Anba lang ou gen siwo myèl ak lèt+.
Rad ou santi bon menm jan ak forè Liban yo.
12 Sè m nan, fiyanse m nan, tankou yon jaden ki byen bare,
Tankou yon sous dlo ki byen pwoteje.
13 Ti plant ou yo se* yon paradi* ki gen grenad,
Ak lòt bon fwi, touf ene* ak na*,
14 Safran, wozo santi bon+ ak kanèl+,
Lami ak lalwa* ansanm ak tout kalite pyebwa yo itilize pou fè lansan blan+,
Ak tout lòt kalite plant ankò ki gen bon sant+.
15 Ou se yon sous dlo ki nan yon jaden, yon pi ki gen dlo dous,
Yon rivyè ki soti nan Liban+.
16 O van nòde, leve non!
O van ki soti nan sid, vini non!
Vin soufle* sou jaden m nan
Pou sant li ka gaye toupatou.”
“Se pou moun mwen renmen anpil la vin nan jaden l lan
E se pou l manje pi bon fwi ki gen ladan l yo.”