BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Chante Salomon an 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Chante Salomon an — Sa ki gen nan liv sa a

    • CHOULAMIT LA JERIZALÈM (3:6–8:4)

    • CHOULAMIT LA RETOUNEN, LI RETE FIDÈL (8:5-14)

        • Frè jèn fi a genyen yo (5a)

          • ‘Kiyès sa a k ap mache men nan men ak moun li renmen anpil la?’

        • Jèn fi a (5b-7)

          • “Lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò” (6)

        • Frè jèn fi a genyen yo (8, 9)

          • “Si l se yon miray, [...] men, si l se yon pòt, [...]” (9)

        • Jèn fi a (10-12)

          • “Mwen se yon miray” (10)

        • Bèje a (13)

          • “Pale non pou m tande vwa w”

        • Jèn fi a (14)

          • “Kouri vit tankou yon gazèl”

Chante Salomon an 8:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 1:2

Chante Salomon an 8:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 3:4

Chante Salomon an 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 2:6

Chante Salomon an 8:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 2:7; 3:5

Chante Salomon an 8:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jan 15:13; Efe 5:25; Re 12:11
  • +Dt 4:24; 1J 4:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2015, p. 29

    15/5/2012, p. 4

    1/12/2006, p. 10

Chante Salomon an 8:7

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Ko 13:8, 13
  • +Wm 8:38, 39

Chante Salomon an 8:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 1:6

Chante Salomon an 8:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 2:4

Chante Salomon an 8:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “1 000 lan”.

Chante Salomon an 8:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 1:6; 6:11
  • +Ch 2:14

Chante Salomon an 8:14

Nòt anba paj

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ch 2:9, 17

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Chan. 8:1Ch 1:2
Chan. 8:2Ch 3:4
Chan. 8:3Ch 2:6
Chan. 8:4Ch 2:7; 3:5
Chan. 8:6Jan 15:13; Efe 5:25; Re 12:11
Chan. 8:6Dt 4:24; 1J 4:8
Chan. 8:71Ko 13:8, 13
Chan. 8:7Wm 8:38, 39
Chan. 8:8Ch 1:6
Chan. 8:11Ekl 2:4
Chan. 8:13Ch 1:6; 6:11
Chan. 8:13Ch 2:14
Chan. 8:14Ch 2:9, 17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Chante Salomon an 8:1-14

Chante Salomon an

8 “Poukisa w pa t tankou yon frè m

Ki te tete menm manman avè m?

Lè sa a, si m ta soti deyò epi m ta rankontre w, mwen t ap kapab bo w+,

E pèsonn pa t ap gade m mal.

 2 Mwen t ap mennen w lakay manman m+,

Fi ki te leve m nan.

Mwen t ap ba w diven

Ki gen fèy santi bon ladan l pou w bwè,

Mwen t ap ba w ji grenad ki fèk fèt pou w bwè.

 3 Men goch li t ap anba tèt mwen,

E men dwat li t ap kenbe m+.

 4 O pitit fi Jerizalèm yo, m ap mande nou fè sèman:

Pinga nou chèche fè lanmou grandi nan kè m si se pa poukont li l vini+.”

 5 “Kiyès sa a k ap sot nan dezè a

E k ap mache men nan men ak moun li renmen anpil la?”

“Mwen te reveye w anba pye pòm nan.

Se la manman w te gen tranche lè w te nan vant li.

Se la fi ki te fè w la te gen tranche.

 6 Mete m sou kè w tankou yon so,

Mete m sou bra w tankou yon so,

Paske lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò+,

Li mande yon atachman san pataj menm jan ak Tonm nan*.

Flanm lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja* li soti+.

 7 Okenn gwo dlo pa ka etenn lanmou+,

Ni okenn rivyè pa ka pote l ale+.

Si yon moun ta ofri tout bagay ki gen valè li gen lakay li pou l achte lanmou,

Se sèten moun t ap meprize yo*.”

 8 “Nou gen yon ti sè+

Ki pa gen tete.

Ki sa n ap fè pou ti sè nou an

Lè yon moun vin mande pou l marye avè l?”

 9 “Si l se yon miray,

N ap met yon dekorasyon ann ajan sou tèt li,

Men, si l se yon pòt,

N ap bloke l ak yon planch sèd.”

10 “Mwen se yon miray,

E tete m tankou fòtrès.

Se sa k fè, nan je l, mwen vin

Tankou yon fi ki gen kè poze.

11 Salomon te gen yon jaden rezen+ Baalamon.

Li te bay plizyè moun pran swen l pou li.

Yo chak te konn pote 1 000 pyès ann ajan pou fwi ki ladan l yo.

12 Mwen gen pwòp jaden rezen pa m.

O Salomon, 1 000 pyès ann ajan yo* se pou ou,

E 200 pyès se pou moun k ap pran swen pye rezen yo.”

13 “O ou menm k ap viv nan jaden yo+,

Konpayon m yo ap koute pou yo wè si y a tande vwa w.

Pale non pou m tande vwa w+.”

14 “Fè vit, ou menm mwen renmen anpil la.

Kouri vit tankou yon gazèl*+,

Tankou yon jenn sèf*

Ki sou mòn ki gen plant santi bon yo.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje