Jeremi
22 Men sa Jewova di: “Desann al kay* wa Jida a pou w ba li yon mesaj. 2 Men sa pou w di l: ‘Ou menm wa Jida ki chita sou twòn David la, tande sa Jewova di ni ou menm, ni sèvitè w yo ni rès pèp la, wi, tout moun ki konn antre nan pòtay sa yo. 3 Men sa Jewova di: “Se pou n fè moun jwenn jistis e se pou n aji yon fason ki dwat. Sove moun y ap dechèpiye a anba men moun k ap vòlè yo. Pa maltrete okenn moun k ap viv kòm etranje nan mitan nou, e pa fè timoun ki pa gen papa yo* oswa vèv yo anyen ki mal+. Pa fè san moun ki inosan koule nan kote sa a+. 4 Paske, si nou veye pou nou byen obeyi sa m di nou an, wa ki chita sou twòn David yo+ ap antre nan pòtay kay sa a sou charyo e sou cheval ansanm ak moun k ap sèvi yo e ansanm ak pèp la+.”’
5 “‘Men, si nou pa obeyi pawòl sa yo, mwen fè sèman’, se sa Jewova di, ‘kay sa a ap tounen yon kote ki pa gen moun ladan l+.’
6 “Paske, men sa Jewova di konsènan kay wa Jida a:
‘Pou mwen, ou tankou Galaad
E w tankou tèt Mòn Liban.
Men, m ap fè w vin tankou yon dezè.
Pap gen youn nan vil ou yo k ap gen moun ki ret ladan yo+.
7 M ap fè ènmi vini pou yo detwi w.
Yo chak ap vini ak zam yo+.
Y ap koupe pi bèl pye sèd ou genyen yo
E y ap lage yo nan dife+.
8 “‘Moun nan anpil nasyon gen pou pase toupre vil sa a e youn ap di lòt: “Poukisa Jewova fè gwo vil sa a sa+?” 9 E apre sa, y ap di: “Se paske yo pa t respekte alyans Jewova, Bondye yo a, yo te pwostène devan lòt dye e yo te sèvi yo+.”’
10 Pa kriye pou moun ki mouri a,
E pa montre nou gen lapenn pou li.
Olye de sa, kriye anpil pou moun yo mennen ann egzil la,
Paske, moun sa a pap janm wè peyi kote l fèt la ankò.
11 “Paske, men sa Jewova di konsènan Chaloum*+, pitit gason Jozyas la, wa Jida k ap dirije nan plas Jozyas, papa l la+, e ki kite kote sa a: ‘Li pap retounen la ankò. 12 Paske, l ap mouri kote yo mennen l ann egzil la, li pap wè peyi sa a ankò+.’
13 Malè pou moun ki bati kay li nan fè sa k pa sa,
Ki bati chanmòt li yo nan fè sa k pa sa,
Ki fè pwochen l travay pou li pou granmesi,
Ki refize peye pwochen l lajan l+.
14 Malè pou moun ki di: ‘M ap bati yon gwo kay
Ki gen gwo chanm nan chanmòt li yo,
M ap met fenèt ladan l,
M ap kouvri mi l yo ak planch sèd e m ap pentire l wouj vif.’
15 Èske w ap rete sou twòn nan paske w depase lòt yo nan sèvi ak bwa sèd?
Papa w tou te konn manje e li te konn bwè,
Men li te konn fè moun jwenn jistis e li te konn pratike sa ki byen+,
E tout bagay te ale byen pou li.
16 Li te konn defann kòz moun ki nan pwoblèm yo ak kòz malere yo.
Se sa k fè tout bagay te ale byen pou li.
‘Èske se pa paske li te konnen m ki fè l te konn aji konsa?’ Se sa Jewova di.
17 ‘Men, ou menm, sèl sa w wè, sèl sa w gen nan kè w, se chèche jwenn avantaj nan move kondisyon,
Touye moun ki inosan,
Epi vòlè afè moun ak gwo ponyèt.’
18 “Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan Jewoyakim+, pitit gason Jozyas la, wa Jida a:
‘Pèsonn pap nan lapenn pou li, pou y ap di:
“Elas, frè m nan! Elas sè m nan!”
Pèsonn pap nan lapenn pou li, pou y ap di:
“Elas, mèt mwen! Elas, gade jan l pèdi glwa li!”
19 Y ap antere l menm jan ak yon bourik+,
Y ap trennen kadav li e y ap voye l jete
Pa deyò pòtay vil Jerizalèm yo+.’
20 Jida, monte Liban epi fè yon rèl,
Leve vwa w nan Bazan,
Pete yon rèl nan Abarim+,
Paske yo kraze tout moun ki te renmen w anpil yo+.
21 Mwen te pale avè w lè w te santi w an sekirite a.
Men, ou te di: ‘Mwen pap obeyi+.’
Se konsa w ye depi lè w jèn,
Paske, ou pa koute sa m di w+.
22 Yon van gen pou l bwote tout bèje w yo+,
E l ap mennen tout moun ki te renmen w yo ann egzil kòm prizonye.
Lè sa a, w ap wont e w ap santi w imilye poutèt tout malè ki tonbe sou ou yo.
23 O ou menm ki abite nan Liban+,
Ki byen chita nan mitan pye sèd yo+,
Se pa ti plenn ou pral plenn lè doulè pran w,
Doulè* ki menm jan ak doulè yon fi ansent genyen lè l ap akouche+.”
24 “Men sa Jewova di: ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman menmsi ou menm, Koniya*+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, ou te yon bag ki gen anpil valè nan men dwat mwen, mwen t ap voye w jete. 25 M ap lage w nan men moun k ap chèche touye w yo*, nan men moun ou pè yo. Wi, m ap lage w nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ak nan men moun Kalde yo+. 26 M ap voye w nan yon peyi ki pa peyi w ansanm ak manman w ki te fè w la, e se la w ap mouri. 27 Y ap anvi tounen nan peyi sa a, men, sa pap janm fèt+.
28 Èske Koniya se yon vye veso ki kraze,
Yon veso pèsonn pa bezwen?
Poukisa yo frape li menm avèk desandan l yo atè,
E yo voye yo nan yon peyi yo pa konnen+?’
29 O latè*, o latè, o latè, koute sa Jewova di.