Jeremi
28 Nan menm ane sa a, nan kòmansman rèy Sedesyas+, wa Jida a, nan katriyèm ane a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Anànya, pitit gason Azou, moun Gabawon+, te pale ak Jeremi nan kay Jewova a, devan prèt yo ak tout lòt moun yo. Li te di l: 2 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap kraze jouk wa Babilòn nan+. 3 Anvan dezan pase, m ap pote tout veso ki pou kay Jewova a tounen isit la, veso Nebikadneza, wa Babilòn nan, te pran isit la e l te pote Babilòn yo+.’” 4 “‘Mete sou sa, m ap fè Jekónyas+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, tounen isit la ansanm ak tout lòt moun Jida ki t al ann egzil nan peyi Babilòn yo+,’ se sa Jewova di, ‘paske, m ap kraze jouk wa Babilòn nan.’”
5 Apre sa, pwofèt Jeremi te pale ak pwofèt Anànya devan prèt yo ak tout moun ki te kanpe la nan kay Jewova a. 6 Pwofèt Jeremi te di l: “Amèn*! Se pou Jewova fè sa w di a! Se pou Jewova reyalize sa w pwofetize a, se pou l pote veso ki pou kay Jewova a tounen isit la ansanm ak tout moun ki t al ann egzil yo! 7 Men, souple, koute mesaj mwen gen pou ou menm ak tout pèp la. 8 Nan tan lontan, pwofèt ki te la anvan m e ki te la anvan w yo te konn pale de lagè, de malè ak maladi lè yo t ap pwofetize konsènan anpil peyi ak gwo wayòm. 9 Si yon pwofèt pwofetize konsènan lapè e sa pwofèt la di a rive vre, lè sa a tout moun ap konnen se Jewova ki voye pwofèt sa a toutbonvre.”
10 Lè pwofèt Anànya tande sa, li retire jouk ki te sou kou pwofèt Jeremi an epi li kraze l+. 11 Apre sa, men sa Anànya di devan tout moun yo: “Men sa Jewova di: ‘Se konsa m ap kraze jouk Nebikadneza, wa Babilòn nan, ki sou kou tout nasyon yo anvan dezan+.’” Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.
12 Apre pwofèt Anànya fin kraze jouk ki te sou kou pwofèt Jeremi an, Jewova pale ak Jeremi, li di l: 13 “Ale, men sa pou w di Anànya: ‘Men sa Jewova di: “Jouk ou te kraze yo te fèt an bwa+, men se jouk ki fèt an fè k ap ranplase yo.” 14 Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “M ap mete yon jouk an fè sou kou tout nasyon sa yo, pou yo ka sèvi Nebikadneza, wa Babilòn nan, e se sèten y ap sèvi l+. Ata bèt ki nan rakbwa yo m ap ba li+.”’”
15 Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Anànya+: “O Anànya, tanpri koute! Se pa Jewova ki voye w. Ou fè pèp sa a met konfyans yo nan manti+. 16 Kidonk, men sa Jewova di: ‘Gade! M ap efase w sou tè a. W ap mouri ane sa a poutèt w ap pouse pèp la fè rebèl ak Jewova+.’”
17 Vrèmanvre, pwofèt Anànya te mouri nan menm ane sa a, nan setyèm mwa a.