Jeremi
38 Chefatya, pitit gason Matan; Gedalya, pitit gason Pachou; Joukal+, pitit gason Chelemya, ak Pachou+, pitit gason Malkija, te tande Jeremi lè l t ap di tout pèp la: 2 “Men sa Jewova di: ‘Moun ki rete nan vil sa a ap mouri anba kout epe, akoz grangou e akoz maladi+. Men, moun ki rann tèt yo bay moun Kalde yo ap kontinye viv, yo pap pèdi lavi* yo+.’ 3 Men sa Jewova di: ‘Wè pa wè, vil sa a ap tonbe nan men lame wa Babilòn nan, l ap pran l+.’”
4 Chèf yo di wa a: “Tanpri, se pou w fè touye nonm sa a+, paske, lè l di mòd pawòl sa yo se demoralize l ap demoralize sòlda ki rete nan vil sa a ansanm ak tout lòt moun yo. Paske, se pa lapè misye vle pou pèp sa a, se malè li vle pou yo.” 5 Wa Sedesyas reponn, li di: “Gade! Li nan men nou, paske, wa a pa ka fè anyen pou l anpeche nou fè sa n vle a.”
6 Kidonk, yo pran Jeremi, yo mete l nan sitèn Malkija, pitit gason wa a, nan Lakou Gad yo+. Yo te desann Jeremi nan sitèn nan ak kòd. Pa t gen dlo nan sitèn nan, se sèlman labou ki te gen ladan l. E Jeremi te kòmanse antre nan labou a.
7 Ebèdmelèk+, Etyopyen an, ki te yon fonksyonè nan kay* wa a, te aprann yo te mete Jeremi nan sitèn nan. Lè sa a, wa a te chita nan Pòtay Benjamen an+. 8 Se sa k fè Ebèdmelèk te soti nan kay* wa a pou l al pale avè l. Li te di l: 9 “O monwa, mèt mwen, sa mesye sa yo fè pwofèt Jeremi an se mechanste! Yo mete l nan sitèn nan, e l ap mouri ladan l akoz grangou ki gen nan vil la, paske, pa gen pen nan vil la ankò+.”
10 Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk, Etyopyen an, lòd sa a: “Pran 30 gason isit la avè w epi al rale pwofèt Jeremi met deyò nan sitèn nan anvan l mouri.” 11 Vrèmanvre, Ebèdmelèk pran mesye yo epi y al anndan kay* wa a, y al yon kote ki pa anba kote trezò+ wa a ye a, yo pran kèk vye tòchon ak kèk vye moso twal epi apre sa, yo file yo desann ak kòd bay Jeremi nan sitèn nan. 12 Apre sa, Ebèdmelèk, Etyopyen an, di Jeremi: “Tanpri, mete tòchon yo ak moso twal yo anba bra w pou kòd yo pa kòche w.” Jeremi te fè sa vre. 13 Apre sa, yo rale Jeremi ak kòd yo, yo fè l soti nan sitèn nan. E Jeremi te rete la nan Lakou Gad yo+.
14 Wa Sedesyas te voye chèche pwofèt Jeremi pou l vin kote l nan twazyèm antre ki nan kay Jewova a. Epi, wa a di Jeremi: “Mwen gen yon bagay pou m mande w. Pa kache m anyen.” 15 Lè sa a Jeremi di Sedesyas: “Si m di w, w ap touye m san mank. E si m ba w konsèy, ou pap koute m.” 16 Lè sa a, wa Sedesyas fè Jeremi yon sèman an sekrè, li di l: “Menm jan li klè Jewova, Bondye ki ban nou lavi a*, vivan, mwen fè sèman mwen pap touye w e mwen pap lage w nan men moun k ap chèche touye w yo*.”
17 Apre sa, Jeremi di Sedesyas: “Men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Si w rann tèt ou bay chèf wa Babilòn yo, ou pap pèdi lavi w*, yo pap boule vil sa a e yo pap touye ni ou menm ni fanmi w+. 18 Men, si w pa rann tèt ou bay chèf wa Babilòn yo, moun Kalde yo ap pran vil sa a, y ap boule l+ e ou menm ou pap chape anba men yo+.’”
19 Apre sa, wa Sedesyas di Jeremi: “Mwen pè Juif ki sove al jwenn moun Kalde yo, paske si yo lage m nan men yo, yo ka maltrete m anpil.” 20 Men, Jeremi di l: “Yo pap lage w nan men yo. Tanpri, koute sa Jewova voye m di w yo. Si w fè sa, tout bagay ap mache byen pou ou e w* ap kontinye viv. 21 Men, si w pa vle rann tèt ou, men sa Jewova fè m konnen k ap rive: 22 ‘Tande! Y ap pran tout medam ki nan kay* wa a, y ap soti avèk yo pou yo mennen yo bay chèf wa Babilòn yo+ e medam yo ap di:
‘Mesye w te fè konfyans yo* twonpe w e yo pot laviktwa sou ou+.
Yo fè pye w antre nan labou.
E kounye a yo vire do yo y ale.’
23 Epitou, y ap soti ak tout madanm ou yo ak pitit ou yo pou yo mennen yo bay moun Kalde yo e w pap chape anba men moun Kalde yo. Wa Babilòn nan+ ap met men sou ou e akoz ou menm, y ap boule vil sa a+.”
24 Lè sa a, Sedesyas di Jeremi: “Pa kite pèsonn konn bagay sa yo pou w pa mouri. 25 Si chèf yo ta aprann mwen te pale avè w epi yo ta vin kote w pou yo di w: ‘Tanpri, di nou ki sa w te di wa a. Pa kache nou anyen, konsa nou pap touye w+. Di nou ki sa wa a te di w.’ 26 Se pou w di yo: ‘Se yon bagay mwen t ap mande wa a. Mwen t ap mande l pou l pa voye m tounen nan kay Jewonatan an pou m pa mouri la+.’”
27 Annapre, tout chèf yo te vin kot Jeremi e yo te poze l kesyon. Li te di yo tout sa wa a te ba l lòd di yo. Kidonk, yo pa t mande l anyen ankò. Paske, pèsonn pa t tande konvèsasyon li te gen ak wa a. 28 Depi lè yo te arete Jeremi an rive lè yo te pran vil Jerizalèm nan+, se nan Lakou Gad yo Jeremi te rete+.