Jeremi
47 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan moun Filisti yo+, anvan Farawon te frape Gaza. 2 Men sa Jewova di:
“Tande sa! Gen dlo k ap soti nan nò.
Y ap tounen gwo dlo k ap desann e k ap anvayi yon zòn.
Y ap anvayi peyi a ak tout sa ki ladan l.
Y ap anvayi vil la ak moun ki abite ladan l yo.
Mesye yo ap rele byen fò,
Tout moun ki abite nan peyi a ap rele byen fò.
3 Lè papa yo va tande bri zago cheval li yo,
Lè yo va tande charyo l yo k ap woule,
Lè yo va tande bri wou charyo l yo,
Yo pap menm vire pou yo ede pitit gason yo,
Paske, y ap san fòs.
4 Paske, nan jou sa a ki gen pou vini an, tout moun Filisti yo ap peri+
E tout rès moun ki t ap ede Ti+ ak Sidon yo+ ap peri.
Paske, Jewova ap detwi moun Filisti ki rete yo,
5 Moun Gaza yo ap vin chòv*.
Yo fè Achkelon pe bouch li+.
O nou menm rès moun ki rete nan plèn yo,
Pandan konbyen tan n ap kontinye filange kò nou+?
6 Ayayay! Epe Jewova a+!
Ki lè w ap sispann fè ravaj?
Tounen nan fouwo w.
Fè yon ti poze, epi ret an silans.
7 Men, poukisa pou l ta fè yon ti poze a,
Alòske se Jewova ki ba l lòd?
Li ba l misyon pou l frape
Achkelon ak bò lanmè a+.”