Jeremi
50 Men sa Jewova te di konsènan Babilòn+, peyi moun Kalde yo, pa mwayen pwofèt Jeremi:
2 “Bay nouvèl la nan mitan nasyon yo.
Mete yon siy* kanpe epi bay nouvèl la.
Pa kache yo anyen!
Men sa pou w di: ‘Yo pran Babilòn+.
Lawont tonbe sou Bèl+.
Laperèz anvayi Mewodak.
Lawont tonbe sou zidòl li yo.
Laperèz tonbe sou zidòl ki bay degoutans* li genyen yo.’
3 Paske, gen yon nasyon ki sot nan nò ki vin atake l+.
Li fè peyi l la tounen yon peyi ki bay laperèz.
Pa gen moun ki abite ladan l.
Ni moun, ni bèt chape poul yo.
Y al fè wout yo.”
4 “Lè sa a, nan epòk sa a,” se sa Jewova di, “moun Izrayèl yo ak moun Jida yo ap retounen ansanm+. Y ap kriye pandan y ap mache+ e y ap chèche Jewova, Bondye yo a, ansanm+. 5 Y ap mande ki wout pou yo fè pou y al Siyon, e fas yo ap bay nan direksyon sa a+, y ap di: ‘Annou fè yon alyans ak Jewova pou toutan, e nou pap janm bliye alyans sa a+.’ 6 Pèp mwen an vin tankou yon twoupo mouton ki pèdi+. Bèje yo te genyen yo te fè yo pèdi wout yo+. Yo te mennen yo ale nan mòn yo, yo te fè yo monte desann sou gwo mòn ak ti mòn. Yo bliye kote yo te genyen pou yo repoze a. 7 Tout moun ki rankontre avèk yo devore yo+. Ènmi yo di: ‘Nou pa fè anyen ki mal. Se yo menm ki peche kont Jewova. Yo peche kont Jewova, Bondye ki jis la, li menm zansèt yo te met espwa yo nan li a.’”
8 “Kouri kite Babilòn,
Soti nan peyi moun Kalde yo+.
Se pou nou vin tankou bèt ki pran devan nan twoupo a.
9 M ap reyini yon pakèt gwo nasyon ki soti nan nò,
E m ap fè yo vin atake Babilòn+.
Y ap pran pozisyon yo pou yo vin fè lagè avè l.
Se nan direksyon sa a y ap soti pou yo vin pran l.
Flèch yo itilize yo tankou flèch sòlda vanyan,
Flèch ki fè paran pèdi pitit yo+.
Flèch sa yo toujou atenn objektif yo.
10 Y ap pran tout sa ki genyen nan peyi Kalde+.
Tout moun ki pran nan bagay li genyen yo ap satisfè nèt+.” Se sa Jewova di.
11 “Paske, nou te kontan+, nou t ap rejwi
Lè n t ap piye eritaj mwen an+.
Nou te kontinye ap sote ponpe menm jan ak yon jenn gazèl bèf ki nan patiraj,
Nou te kontinye ap ranni menm jan ak cheval.
12 Yo fè lawont tonbe sou manman nou+.
Fi ki te fè nou an pran desepsyon.
Gade! Se li menm ki gen mwens enpòtans nan tout nasyon yo.
Li vin tankou yon savann ki pa gen dlo ladan l, li vin tankou yon dezè+.
13 Poutèt Jewova fache anpil, okenn moun pap rete ladan l+.
L ap vin vid nèt+.
Tout moun k ap pase bò kote Babilòn ap kanpe gade, y ap sezi
E y ap pè akoz tout malè ki rive l yo+.
14 Nou tout ki konn manyen* banza* yo,
Pran pozisyon nou pou nou vin atake Babilòn nan tout direksyon.
Tire sou li, tire tout flèch nou yo sou li+,
Paske se kont Jewova li peche+.
15 Se pou nou rele byen fò pandan n ap atake l nan tout direksyon.
Li bay legen*.
Poto l yo tonbe, mi l yo kraze tonbe atè+,
Paske, se Jewova k ap tire revanj sou li+.
Tire revanj sou li.
Fè l menm sa l te konn fè yo+.
16 Elimine moun k ap simen an nan Babilòn
Ansanm ak moun ki gen sèpèt nan men l lè sezon rekòt la rive+.
Chak moun ap tounen nan mitan pèp li akoz epe k ap fè ravaj la,
Chak moun ap chape poul li pou l al nan peyi l+.
17 “Pèp Izrayèl la tankou mouton ki gaye+. Se lyon yo ki gaye yo+. Wa Asiri a te devore yo an premye+, men apre sa, se Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ki manje zo yo+. 18 Se sa k fè Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap fè wa Babilòn nan ak peyi l la menm sa m te fè wa Asiri a+. 19 M ap fè Izrayèl retounen nan patiraj li+. Li gen pou l manje zèb sou Mòn Kamèl ak nan Bazan+ e l* ap manje vant plen sou mòn Efrayim yo+ ak mòn Galaad yo+.’”
20 “Lè sa a, nan epòk sa a,” se sa Jewova di,
“Yo gen pou yo chèche peche Izrayèl yo,
Men yo pap jwenn yo.
Yo pap jwenn peche Jida yo,
Paske m ap padone moun mwen fè ret vivan yo+.”
21 “Monte al atake Meratayim ak moun ki abite Pekòd yo+.
Se pou yo masakre yo, se pou yo detwi yo nèt.” Se sa Jewova di.
“Fè tout sa m ba w lòd fè yo.
22 Gen yon bri lagè nan peyi a.
Gen yon gwo katastwòf.
23 Gade jan yo kraze gwo mato ki te konn kraze nasyon ki sou tout tè a+!
Gade jan Babilòn fè moun nan nasyon yo pè lè yo wè sa k rive l la+!
24 Mwen te mete yon pyèj pou ou e w pran ladan l, o Babilòn,
San w pa menm konnen.
Yo jwenn ou e yo pran w kòm prizonye+,
Paske se ak Jewova ou te opoze.
25 Jewova ouvri depo l la
E li mete zam li pral itilize pou l montre jan l fache yo deyò+.
Paske, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, gen yon travay pou l fè
Nan peyi moun Kalde yo.
26 Soti byen lwen pou nou vin atake l+.
Ouvri grenye l yo+.
Fè l fè pil tankou manje angren.
Detwi l nèt+.
Se pou l pa gen okenn moun ki rete ladan l.
27 Masakre tout jenn towo bèf li yo+.
Se pou yo desann pou y al touye yo.
Malè pou yo paske jou pa yo a rive,
Lè pou yo rann kont lan rive!
28 Yo tande vwa moun k ap chape poul yo,
Moun k ap kouri kite peyi Babilòn
Pou y al fè konnen nan Siyon Jewova, Bondye nou an, ap tire revanj,
L ap tire revanj poutèt tanp li an+.
29 Voye chèche moun ki konn sèvi ak banza yo pou yo atake Babilòn,
Wi, tout moun ki konn manyen* banza yo+.
Se pou yo mete kan yo toutotou l, yo pa dwe kite pèsonn chape.
Fè l peye pou tout sa l te konn fè yo+.
Fè l tout sa l te konn fè yo+.
Paske, se sou Jewova li t ap fè gwo kòlèt,
Wi, li t ap fè gwo kòlèt sou Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
30 Se sa k fè, jou sa a, jèn gason l yo ap mouri* sou plas piblik li yo+,
E tout sòlda l yo ap mouri.” Se sa Jewova di.
31 “Tande sa, ou menm k ap fè rebèl la+, mwen leve kont ou+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.
“Jou pa w la gen pou l rive, jou kote m ap mande w kont lan.
32 O ou menm k ap fè rebèl la, ou gen pou w bite, ou gen pou w tonbe,
E pap gen pèsonn k ap leve w+.
M ap met dife nan vil ou yo,
E dife a ap boule tout sa ki toutotou w.”
33 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:
“Se toupizi y ap toupizi moun Izrayèl yo ak moun Jida yo.
Tout moun ki pran yo kòm prizonye yo kenbe yo byen di+,
Yo refize kite yo ale+.
34 Men, Sila a k ap delivre yo a gen fòs+.
Non l se Jewova, Chèf lame yo+.
Li pap manke pa plede kòz yo+,
Pou l ka fè yo viv anpè nan peyi a+
E pou l ka fè moun Babilòn yo gen kè kase+.”
35 “Gen yon epe k ap frape moun Kalde yo”, se sa Jewova di,
“L ap frape moun Babilòn yo, chèf li yo ak moun save l yo+.
36 Gen yon epe k ap frape moun k ap di pawòl ki san valè yo*, e y ap aji tankou moun sòt.
Gen yon epe k ap frape sòlda l yo, e y ap vin pè anpil+.
37 Gen yon epe k ap frape cheval yo genyen yo ak charyo yo genyen pou yo fè lagè yo,
E k ap frape tout pèp ki nan mitan l yo.
Y ap vin tankou fi+.
Gen yon epe k ap frape trezò l yo, e y ap pran yo+.
38 Gen yon malè k ap rive dlo l yo, e y ap seche+.
Paske, Babilòn se yon peyi ki chaje zidòl+.
Akoz vizyon y ap fè ki fè yo pè yo, yo kontinye ap aji tankou moun fou.
39 Kidonk, se bèt ki viv nan dezè ak bèt ki konn rele k ap viv la,
Se otrich ki pral viv ladan l+.
Li pap janm gen moun ki abite ladan l ankò.
Jenerasyon apre jenerasyon, se pa yon kote moun ap ka rete+.”
40 “Menm jan sa te ye pou Sodòm ak Gomò ak lòt vil ki te toupre vil sa yo apre m te fin detwi yo+, se konsa sa ap ye pou Babilòn.” Se sa Jewova di. “Pa gen moun k ap rete la, ni pa gen moun k ap vin abite la+.
41 Gade! Gen yon pèp k ap vini k ap sot nan nò,
Yon gwo nasyon ak yon seri gwo wa+
K ap soti nan dènye bout tè a+.
42 Yo gen banza ak javlo nan men yo+.
Yo mechan anpil, e y ap san pitye+.
Bri yo fè lè y ap kouri cheval yo
Tankou bri lanmè a lè l move+.
Yo fè yon sèl, yo pran pozisyon yo pou yo fè lagè avè w, o vil Babilòn+.
43 Lè wa Babilòn nan pran nouvèl la+,
Li pèdi fòs+,
Laperèz anvayi l,
E doulè pran l tankou yon fi k ap akouche.
44 “Gade! Gen yon moun k ap vin atake patiraj ki an sekirite a tankou yon lyon ki sot nan rakbwa ki bò Rivyè Jouden an, e nan yon batje, m ap fè yo* kouri lwen l. E m ap mete moun mwen chwazi a chèf sou li+. Paske, kiyès ki tankou m, kiyès ki kapab ban m defi? Ki bèje ki ka kanpe devan m+? 45 Kidonk, tande sa Jewova deside k ap rive Babilòn+ ak sa li gen nan lide l pou l fè peyi moun Kalde yo.
Wè pa wè, y ap trennen jenn ti bèt ki nan twoupo a ale.
Akoz yo menm, l ap fè kote yo abite a rete san l pa gen moun ladan l+.
46 Lè yo pran Babilòn, ap gen yon sèl bri, e tè a ap tranble,
Ap gen yon gwo rèl, e moun nan tout nasyon yo ap tande l+.”