Jeremi
6 Nou menm desandan Benjamen yo, soti Jerizalèm, epi al chèche refij lòt kote.
Limen yon dife kòm siyal nan Bètakerèm,
Paske, gen yon malè pandye k ap sot nan direksyon nò, yon gwo malè+.
2 Vil Siyon* sanble ak yon bèl fi ki delika+.
3 Bèje yo ap vini ak bèt yo.
Y ap monte tant yo toutotou l+,
E yo chak ap fè bèt ki sou kont yo manje+.
4 “Prepare nou* pou n fè lagè avèk li!
Leve, epi annou atake l a midi!”
“Malè pou nou, paske solèy la ap kouche,
E lonbray yo kòmanse parèt pi long!”
5 “Leve, annou atake l nan nuit,
E annou detwi fòtrès li yo ki byen pwoteje+.”
6 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:
“Koupe bwa epi fè yon gwo ranp toutotou Jerizalèm+.
Li se yon vil ki dwe rann kont.
Se toupizi y ap toupizi moun anndan l sèlman+.
7 Menm jan yon sitèn se yon kote yo jwenn dlo fre,
Se konsa tou vil sa a se yon kote ki chaje ak mechanste.
Anndan vil sa a, se vyolans ak ravaj+.
E maladi ak malè devan m toutan.
8 Fè atansyon, o Jerizalèm, si w pa fè sa, m* ap vire do ba ou akoz ou ban m degoutans+.
M ap fè w vin yon peyi ki vid, ki pa gen moun ki rete ladan l+.”
9 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:
“Y ap ranmase rès moun ki Izrayèl yo tankou lè y ap ranmase dènye grap rezen ki nan yon pye rezen.
Pase men w ankò, tankou yon moun k ap ranmase grap rezen nan pye rezen.”
10 “Ak kiyès pou m pale, kiyès pou m bay avètisman?
Kiyès k ap koute?
Gade, yo bouche zòrèy yo*, yon fason pou yo ka pa koute+.
Gade, kounye a yo meprize pawòl Jewova+.
Yo pa pran okenn plezi ladan l.
11 Se sa k fè kòlè Jewova ap bouyi anndan m,
Mwen pa ka kenbe l ankò+.”
“Vide kòlè a sou timoun ki nan lari a+,
Sou gwoup jèn gason ki reyini ansanm yo.
Yo gen pou yo mennen yo tout ale kòm prizonye, ni mari, ni madanm,
12 Se lòt moun k ap jwenn kay yo genyen yo
Ansanm ak jaden yo ak madanm yo+.
Paske, m ap lonje men m pou m pini moun k ap viv nan peyi a.” Se sa Jewova di.
13 “Paske, yo tout, jèn kou granmoun, ap fè lajan nan move kondisyon+.
Menm pwofèt yo ak prèt yo lage kò yo nan fè magouy+.
14 Mete sou sa, y ap eseye geri maleng pèp mwen an vaykevay lè yo di yo:
‘Gen lapè! Gen lapè!’,
Alòske pa gen lapè vre+.
15 Èske yo santi yo wont pou vye bagay yo fè yo?
Now, yo pa santi yo wont menm.
Yo pa menm konn sa k rele wont lan+.
Se sa k fè yo gen pou yo tonbe pami moun k ap tonbe yo.
Lè m pini yo, se sèten y ap kilbite.” Se sa Jewova di.
16 Men sa Jewova di:
“Rete nan kafou yo, epi gade.
Mande enfòmasyon konsènan ansyen wout yo.
Mande ki kote bon chemen an ye epi mache ladan l+
Pou nou* ka jwenn repo.”
Men, yo di: “Nou pap mache ladan l+.”
17 “E mwen te chwazi yon seri moun pou veye+ ki te di yo:
‘Koute son kòn nan+!’”
Men, yo te di: “Nou pap koute anyen+.”
18 “Kidonk, tande sa, nou menm nasyon yo!
Nou menm pèp yo, se pou nou konnen
Sa k pral rive yo.
19 Tande sa, nou tout k ap viv sou tè a!
M ap fè yon malè vin frape pèp sa a+
Akoz tout vye bagay y ap fè yo.
Paske, yo pa obeyi pawòl mwen,
E yo rejte lwa* m yo.”
20 “Ki mele m ak lansan blan ki sot Cheba nou pote pou mwen yo?
Ki mele m ak wozo santi bon nou pote pou mwen ki sot nan yon peyi ki byen lwen?
Mwen pa aksepte sakrifis nou boule nèt yo,
E m pa pran plezi nan sakrifis nou yo+.”
21 Se sa k fè, men sa Jewova di:
“Gade, m ap mete obstak devan pèp sa a,
E obstak sa yo ap fè yo kilbite.
Papa ak pitit ap kilbite,
Chak vwazen ak zanmi l ap kilbite tou.
Yo tout ap peri+.”
22 Men sa Jewova di:
“Gade! Gen yon pèp k ap sot nan yon peyi ki nan direksyon nò,
Gen yon gwo nasyon k ap leve nan pati ki pi lwen sou tè a+.
23 Moun ki nan nasyon sa a ap pran banza* yo ak lans yo.
Yo fewòs e yo san pitye.
Yo fè bri menm jan ak yon lanmè ki move,
E yo sou cheval+.
Yo pran pozisyon pou yo vin atake w tankou lè sòlda pral fè lagè, o vil Siyon*.”
25 Pinga nou soti al nan savann yo,
Pinga n al mache sou wout yo,
Paske ènmi an gen epe nan men l.
Toupatou gen laperèz.
26 O ou menm pèp mwen an, pitit fi m,
Mete twal sak sou ou+ epi woule nan sann.
Se pou w vin nan lapenn tankou yon fi ki pèdi sèl pitit gason l te genyen an, se pou w rele+,
Paske sila a k ap vini pou l fini avèk ou a ap vini sanzatann+.
27 “Mwen fè w* vin tankou yon moun k ap teste metal nan mitan pèp mwen an,
Tankou yon moun k ap pran san l pou l chèche.
Se pou w byen gade epi byen egzamine sa y ap fè yo.
28 Yo tout se moun ki gen tèt di anpil+.
Y ap mache bay manti sou moun+.
Yo tankou kuiv ak fè.
Yo youn pa bon menm.
29 Gen yon moun ki tèlman fè efò pou l rafine yo,
Menm zouti l boule.
Men, se pou granmesi li fè tout efò sa yo pou l rafine yo paske yo youn pa bon+.
Se plon sèlman ki sot nan dife a+.
30 Se sèten, moun ap rele yo ajan yo voye jete,
Paske Jewova voye yo jete+.”