Jeremi
7 Jewova pale ak Jeremi, li di l: 2 “Kanpe nan pòtay kay Jewova a, e pandan w la a, men sa pou w di: ‘Nou tout moun Jida ki antre nan pòtay sa yo pou nou pwostène devan Jewova, koute sa Jewova di. 3 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Chanje fason n ap viv la, sispann aji jan n ap aji a, pou m ka kite nou kontinye viv isit la+. 4 Pa mete konfyans nou nan manti epi pou n di: ‘Tanp sa a* se tanp Jewova, se tanp Jewova, se tanp Jewova+.’ 5 Paske, si nou chanje fason n ap viv la toutbonvre, si nou sispann aji jan n ap aji a, si nou fè moun jwenn jistis toutbonvre lè yon moun nan kont ak yon pwochen l+, 6 si nou pa toupizi etranje k ap viv nan mitan nou yo+, si n pa toupizi òfelen* yo ak vèv yo, si nou pa fè san moun ki inosan koule isit la e si nou sispann suiv fo dye yo pou malè nou+, 7 lè sa a, m ap kite nou kontinye rete isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou toutan an.”’”
8 “Men, nou mete konfyans nou nan yon seri manti+ e sa pap itil nou anyen. 9 Èske nou panse nou ka ap vòlè+, n ap touye moun, n ap fè adiltè, n ap fè sèman+ alòske se manti n ap bay, n ap fè sakrifis* pou Baal+, n ap sèvi yon seri dye nou pa t janm konnen, 10 epi pou n ap vin kanpe devan m nan kay ki pote non m nan pou n ap di: ‘N ap sove kanmenm’, alòske n ap fè tout bagay sa yo ki ban m degoutans? 11 Èske pou nou menm kay sa a ki pote non m nan tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè+? Mwen wè sa n ap fè yo.” Se sa Jewova di.
12 “‘Kounye a, al kote mwen te gen nan Silo a+, premye kote mwen te chwazi pou moun bay non m glwa a+, epi gade pou n wè sa m fè l poutèt mechanste Izrayèl, pèp mwen an+. 13 Men, nou kontinye ap fè tout bagay sa yo. E malgre mwen te pale avèk nou plizyè fwa*, nou pa t koute m+. Mwen te kontinye ap rele nou, men nou pa t reponn mwen.’ Se sa Jewova di+. 14 ‘Se sa k fè, menm sa m te fè Silo a, se sa m ap fè ni kay ki pote non m nan+, kay nou met konfyans nou nan li a+, ni kote sa a mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo a+. 15 M ap retire nou devan je m menm jan mwen te fè tout frè nou yo sa a, tout desandan Efrayim yo+.’
16 “Kanta pou ou, pa priye pou pèp sa a. Pinga w rele m, pinga w priye m, ni pinga w sipliye m pou yo+, paske mwen pap koute w+. 17 Èske w pa wè sa y ap fè nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo? 18 Pitit gason yo ap ranmase bwa, papa yo ap limen dife e madanm yo ap prepare pat pou yo fè gato pou yo ofri Rèn syèl la*+. Mete sou sa, y ap ofri lòt dye bwason pou yo ka fè m fache+. 19 ‘Men, èske se mwen menm y ap fè mal*?’ Se sa Jewova di. ‘Èske se pa tèt yo y ap fè mal? Èske se pa tèt yo y ap avili+?’ 20 Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Tande! M ap lage kòlè m sou kote sa a+, sou moun, sou bèt, sou pyebwa ki nan savann yo ak sou bagay tè a pwodui. Kòlè m ap boule tout sa l jwenn e pa gen anyen k ap etenn li+.’
21 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Ale non, mete sakrifis n ap boule nèt yo sou lòt sakrifis nou yo epi manje vyann yo+. 22 Paske, nan jou mwen te fè zansèt nou yo soti nan peyi Ejip la, mwen pa t pale avèk yo konsènan sakrifis pou yo boule nèt ak lòt sakrifis ankò, mwen pa t ba yo okenn kòmandman sou sa+. 23 Men, men lòd mwen te ba yo: “Koute vwa m e m ap vin Bondye nou e nou menm n ap vin pèp mwen+. Se pou n mache nan chemen mwen ban nou lòd mache a pou tout bagay ka ale byen pou nou+.”’ 24 Men, yo pa t koute, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè sa lide yo di yo*, yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+ e yo te fè bak olye yo avanse. 25 Se sa nou te fè depi jou zansèt nou yo te sot nan peyi Ejip rive jis jodi a+. Se sa k fè, mwen te kontinye voye sèvitè m yo, pwofèt yo, al pale avèk yo. Mwen te voye yo chak jou san rete*+. 26 Men, yo te refize koute m, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè tèt di* e yo te aji pi mal pase zansèt yo.
27 “Se pou w di yo tout pawòl sa yo+, men yo pap koute w. W ap rele yo, men yo pap reponn. 28 W ap di yo: ‘Nasyon sa a pa t koute vwa Jewova, Bondye yo a, yo pa t aksepte disiplin. Pa gen youn nan yo ki fidèl. Yo pa menm pale sou kesyon fidelite a ankò+.’
29 “Koupe cheve nou ki pa t koupe* epi voye yo jete. Chante yon chante ki tris* sou tèt mòn ki fin blanch yo paske Jewova rejte nou e l ap abandone jenerasyon sa a ki fè l fache. 30 ‘Paske, pèp Jida a fè sa ki mal devan je m.’ Se sa Jewova di. ‘Yo mete zidòl ki bay degoutans yo nan kay ki pote non m nan pou yo ka sal li+. 31 Yo bati kote ki wo pou yo fè adorasyon nan Tofèt, ki nan Vale pitit gason Inon an*, pou yo ka boule pitit gason yo+ ak pitit fi yo nan dife+, yon bagay mwen pa t ba yo lòd pou yo fè e ki pa t janm vin nan kè m*+.’
32 “‘Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini’, se sa Jewova di, ‘kote yo pap rele kote sa a Tofèt ankò, ni yo pap rele l Vale pitit gason Inon an*, men y ap rele l Vale Masak la. Y ap antere mò yo nan Tofèt jiskaske pa gen kote ankò pou yo antere yo+. 33 Epitou, kadav moun nan pèp la ap tounen manje pou zwazo nan syèl la ak bèt ki sou tè a e pap gen pèsonn k ap pouse yo+. 34 M ap fè pèsonn pa tande vwa moun k ap rejwi+ nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo ankò paske peyi a ap fin kraze nèt+. M ap fè yo pa tande vwa gason ak vwa fi k ap marye.’”