Jeremi
15 Apre sa, Jewova di m: “Menmsi Moyiz ak Samyèl te kanpe devan m+, mwen pa t ap fè pèp sa a favè. Se pou yo retire yo devan m nan. Kite yo ale. 2 Si yo mande w ki sa k ap rive yo, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova di:
“Gen nan nou k ap mouri anba maladi,
Gen nan nou k ap mouri anba kout epe+,
Gen nan nou k ap mouri akoz grangou,
E gen nan nou k ap prizonye+.”’
3 “Jewova di: ‘M ap voye kat malè* sou yo+: epe pou touye yo, chen pou trennen kadav yo, zwazo nan syèl la ak bèt sou tè a pou devore yo e pou detwi yo nèt+. 4 Tout wayòm ki sou tè a ap sezi lè yo wè sa m fè yo+ akoz sa Manase, wa Jida a, pitit Ezekyas la, te fè nan Jerizalèm+.
5 Kiyès k ap gen pitye pou ou, o Jerizalèm?
Kiyès k ap gen pitye pou ou?
E kiyès k ap kanpe pou l mande ki jan w ye?’
6 ‘Yo kite m.’ Se sa Jewova di+.
‘Yo kontinye ap vire do ban mwen*+.
Se sa k fè m ap leve men m pou m frape yo e pou m detwi yo+.
Mwen bouke gen pitye pou yo*.
7 M ap vannen yo ak yon gwo fouch nan pòtay ki gen nan peyi a.
M ap touye pitit yo+.
M ap detwi pèp mwen an
Poutèt yo refize sispann fè sa y ap fè yo+.
8 Ap gen plis vèv nan peyi a pase sab ki bò lanmè.
M ap fè yon ènmi vin elimine yo gwo midi, l ap elimine ni manman ni jèn gason.
Y ap rete konsa y ap wè yo pè e yo panike.
9 Fi ki te fè sèt pitit la vin fèb,
Se anba redi l* ap respire.
Solèy li kouche pandan l jou toujou
E sa fè l wont, sa imilye l*.’
‘M ap fè ti rès ki rete pami yo a
Tonbe anba epe ènmi yo.’ Se sa Jewova di+.”
10 Ala malè pou mwen! O manman, poukisa w te fè m+?
Tout moun nan peyi a kont mwen e y ap fè diskisyon avè m.
Mwen pa prete moun anyen ni mwen pa prete anyen nan men pèsonn,
Men, yo tout ap mande pou malè rive m.
11 Jewova di: “Mwen pap manke pa ede w,
Mwen pap manke pa aji kont ènmi an lè malè a rive,
Lè moman soufrans lan rive.
12 Èske gen yon moun ki ka kase fè ki soti nan nò a
E ki ka kase kuiv ak men l pou l fè yo fè plizyè ti moso?
13 M ap fè ènmi w yo pran tout richès ak tout trezò w genyen yo+.
Mwen pap fè yo peye pou yo. M ap fè yo pran yo akoz tout peche ou fè devan m toupatou nan peyi a.
14 M ap lage yo nan men ènmi w yo
Pou yo ka ale avèk yo nan yon peyi ou pa konnen+.
Paske, kòlè m monte tankou yon flanm dife,
E se sou ou mwen an kòlè+.”
15 O Jewova, ou konnen jan m ap soufri.
Sonje m epi pran ka m.
Tire revanj pou mwen sou moun k ap pèsekite m yo+.
Mwen konnen w pa fè kòlè fasil, men, pa kite m peri*.
Ou konnen se poutèt ou menm mwen sipòte tout repwòch yo fè m yo+.
16 Lè m te resevwa pawòl ou yo, mwen te manje yo+.
Yo te fè kè m kontan anpil.
Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye, Chèf lame yo.
17 Mwen pa chita ak moun k ap pran plezi yo e m pa rejwi avèk yo+.
Mwen chita poukont mwen akoz ou met men w sou mwen,
18 Poukisa doulè m nan pa ka ale e maleng mwen an pa ka geri?
Li refize geri.
Èske w ap vin tankou yon sous dlo ki bay dlo lè l vle,
Yon sous dlo moun pa ka konte sou li?
19 Lè sa a, Jewova di:
“Si w retounen wè bagay yo jan pou w wè yo a, w ap gen favè m ankò,
E w ap kontinye sèvi m.
Si w fè yon separasyon ant sa ki bon ak sa ki pa bon,
W ap vin tankou bouch mwen*.
Y ap oblije vin jwenn ou,
Men ou menm ou pa pral jwenn yo.”
20 “M ap fè w vin tankou yon miray ki fèt an kuiv pou pèp sa a, yon miray ki solid+.
Se sèten y ap konbat ou,
Men yo pap ranpòte laviktwa sou ou+,
Paske mwen avè w pou m pwoteje w e pou m delivre w.” Se sa Jewova di.
21 “M ap delivre w anba men mechan yo,
M ap sove w anba men moun ki san pitye yo.”