BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • De sè ki pa fidèl (1-49)

        • Owola ansanm ak Asiri (5-10)

        • Owoliba ansanm ak Babilòn ak Ejip (11-35)

        • Pinisyon pou de sè yo (36-49)

Ezekyèl 23:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:6, 7

Ezekyèl 23:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 17:7; Dt 29:16, 17; Joz 24:14; Eze 20:8

Ezekyèl 23:4

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Tant li”.

  • *

    Sa vle di: “Tant mwen an nan li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 16:23, 24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 166, 238-239

Ezekyèl 23:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 14:16; 21:25, 26
  • +Oz 2:5
  • +2Wa 15:19; 17:3; Oz 5:13; 7:11

Ezekyèl 23:7

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 5:3

Ezekyèl 23:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 32:1, 4; 1Wa 12:28, 29; 2Wa 10:29

Ezekyèl 23:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 15:29; 1Kw 5:26

Ezekyèl 23:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 2:10
  • +2Wa 17:6; 18:11

Ezekyèl 23:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:6-8; Eze 16:46, 47

Ezekyèl 23:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 16:7

Ezekyèl 23:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 17:19

Ezekyèl 23:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 16:29

Ezekyèl 23:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm li”.

Ezekyèl 23:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:2; Eze 16:36, 37
  • +Sm 106:39, 40; Jr 6:8; 12:8

Ezekyèl 23:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 16:25
  • +Eze 20:7

Ezekyèl 23:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 24:14
  • +Eze 23:3

Ezekyèl 23:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “mesye nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 16:37; Ab 1:6
  • +Jr 6:22; 12:9

Ezekyèl 23:23

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “moun yo te voye chèche yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 21:19
  • +2Wa 24:2
  • +Jr 50:21

Ezekyèl 23:24

Nòt anba paj

  • *

    Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 39:5

Ezekyèl 23:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 15:7; 20:47

Ezekyèl 23:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “bèl bagay ou yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 13:22; Re 17:16
  • +Eza 3:18-23; Jr 4:30; Eze 16:39

Ezekyèl 23:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 27:9; Eze 16:41; 22:15
  • +Eze 23:3

Ezekyèl 23:28

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 21:7

Ezekyèl 23:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:49, 51
  • +Eze 16:36, 37, 39

Ezekyèl 23:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 2:18
  • +Sm 106:35, 36; Eze 6:9; 23:7

Ezekyèl 23:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:8; Eze 16:46, 47
  • +2Wa 21:13; Jr 25:15; Dn 9:12

Ezekyèl 23:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 51:17
  • +Dt 28:37; 1Wa 9:7; Lm 2:15

Ezekyèl 23:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 75:8

Ezekyèl 23:35

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e ou voye m jete dèyè do w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 14:9; Ne 9:26; Eza 17:10; Jr 2:32; 13:25

Ezekyèl 23:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 23:4

Ezekyèl 23:37

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de adiltè nan domèn espirityèl.

  • *

    Lit.: “pase”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 1:2; Jk 4:4
  • +Le 18:21; 2Wa 17:17, 18; Eze 16:36

Ezekyèl 23:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 7:31
  • +Le 20:3

Ezekyèl 23:40

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 57:9
  • +Jr 4:30

Ezekyèl 23:41

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 57:7
  • +Eza 65:11
  • +Eze 8:10, 11
  • +Eze 16:17, 18

Ezekyèl 23:45

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:10
  • +Jen 9:6; Eze 16:38
  • +2Wa 24:3, 4; Sm 106:38; Eze 23:37

Ezekyèl 23:46

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 15:4; 25:9; Eze 16:40

Ezekyèl 23:47

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:2
  • +2Kw 36:17
  • +2Wa 25:9, 10; Jr 39:8

Ezekyèl 23:48

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2P 2:6

Ezekyèl 23:49

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 6:13

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 23:2Jr 3:6, 7
Eze. 23:3Le 17:7; Dt 29:16, 17; Joz 24:14; Eze 20:8
Eze. 23:41Wa 16:23, 24
Eze. 23:51Wa 14:16; 21:25, 26
Eze. 23:5Oz 2:5
Eze. 23:52Wa 15:19; 17:3; Oz 5:13; 7:11
Eze. 23:7Oz 5:3
Eze. 23:8Eg 32:1, 4; 1Wa 12:28, 29; 2Wa 10:29
Eze. 23:92Wa 15:29; 1Kw 5:26
Eze. 23:10Oz 2:10
Eze. 23:102Wa 17:6; 18:11
Eze. 23:11Jr 3:6-8; Eze 16:46, 47
Eze. 23:122Wa 16:7
Eze. 23:132Wa 17:19
Eze. 23:16Eze 16:29
Eze. 23:18Jr 3:2; Eze 16:36, 37
Eze. 23:18Sm 106:39, 40; Jr 6:8; 12:8
Eze. 23:19Eze 16:25
Eze. 23:19Eze 20:7
Eze. 23:21Joz 24:14
Eze. 23:21Eze 23:3
Eze. 23:22Eze 16:37; Ab 1:6
Eze. 23:22Jr 6:22; 12:9
Eze. 23:23Eze 21:19
Eze. 23:232Wa 24:2
Eze. 23:23Jr 50:21
Eze. 23:24Jr 39:5
Eze. 23:25Eze 15:7; 20:47
Eze. 23:26Jr 13:22; Re 17:16
Eze. 23:26Eza 3:18-23; Jr 4:30; Eze 16:39
Eze. 23:27Eza 27:9; Eze 16:41; 22:15
Eze. 23:27Eze 23:3
Eze. 23:28Jr 21:7
Eze. 23:29Dt 28:49, 51
Eze. 23:29Eze 16:36, 37, 39
Eze. 23:30Jr 2:18
Eze. 23:30Sm 106:35, 36; Eze 6:9; 23:7
Eze. 23:31Jr 3:8; Eze 16:46, 47
Eze. 23:312Wa 21:13; Jr 25:15; Dn 9:12
Eze. 23:32Eza 51:17
Eze. 23:32Dt 28:37; 1Wa 9:7; Lm 2:15
Eze. 23:34Sm 75:8
Eze. 23:351Wa 14:9; Ne 9:26; Eza 17:10; Jr 2:32; 13:25
Eze. 23:36Eze 23:4
Eze. 23:37Oz 1:2; Jk 4:4
Eze. 23:37Le 18:21; 2Wa 17:17, 18; Eze 16:36
Eze. 23:39Jr 7:31
Eze. 23:39Le 20:3
Eze. 23:40Eza 57:9
Eze. 23:40Jr 4:30
Eze. 23:41Eza 57:7
Eze. 23:41Eza 65:11
Eze. 23:41Eze 8:10, 11
Eze. 23:41Eze 16:17, 18
Eze. 23:45Le 20:10
Eze. 23:45Jen 9:6; Eze 16:38
Eze. 23:452Wa 24:3, 4; Sm 106:38; Eze 23:37
Eze. 23:46Jr 15:4; 25:9; Eze 16:40
Eze. 23:47Le 20:2
Eze. 23:472Kw 36:17
Eze. 23:472Wa 25:9, 10; Jr 39:8
Eze. 23:482P 2:6
Eze. 23:49Eze 6:13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
  • 47
  • 48
  • 49
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 23:1-49

Ezekyèl

23 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, te gen de fi ki te pitit menm manman+. 3 Pandan yo te ann Ejip, yo te lage kò yo nan fè pwostitisyon+. Depi yo te toupiti yo te lage kò yo nan fè pwostitisyon. Moun te peze tete yo e yo te karese yo lòtbò a pandan yo te vyèj. 4 Pi gran an te rele Owola*, e sè l la te rele Owoliba*. Yo te vin byen pa m e yo te fè pitit gason ak pitit fi. Owola se Samari+ e Owoliba se Jerizalèm.

5 “Owola te lage kò l nan fè pwostitisyon+, alòske se pou mwen li te ye. Li te cho dèyè moun ki te fou pou li yo+, anpalan de moun Asiri yo, ki se vwazen l+. 6 Moun sa yo se te yon seri gouvènè ki te gen rad ble sou yo, ansanm ak yon seri lòt chèf. Yo tout se te yon pakèt bèl jèn gason ki te chita sou cheval yo. 7 Li te kontinye fè pwostitisyon avèk tout gason nan peyi Asiri ki te gen pi gwo pozisyon yo e li te sal tèt li+ ak zidòl ki bay degoutans* moun li te cho dèyè yo a t ap sèvi yo. 8 Li pa t sispann fè pwostitisyon jan l te konn fè sa nan peyi Ejip la, paske, pandan l te yon jèn tifi ki te vyèj, yo te kouche avè l, yo te karese tete l. Yo te eksite lè yo t ap kouche avè l la+. 9 Se sa k fè mwen te lage l nan men moun ki te fou pou li yo, moun li te cho dèyè yo a, anpalan de pitit gason Asiri yo+. 10 Yo te mete l toutouni+, yo met men sou pitit gason l ak pitit fi l yo+, epi yo touye l ak yon epe. Li te vin gen move repitasyon pami tout medam yo e yo te pini l.

11 “Lè sè l la, Owoliba, te wè sa, li te vin pi cho pase l, li te lage kò l nan fè pwostitisyon pi mal pase sè l la+. 12 Li te cho dèyè vwazen l yo, pitit gason Asiri yo+, gouvènè yo ak lòt chèf yo. Yo tout se te yon pakèt bèl jèn gason ki te gen bèl rad sou yo e ki te chita sou cheval. 13 Lè l te fin sal tèt li, mwen te wè yo toule de te aji menm jan+. 14 Men, li te kontinye ap fè pwostitisyon pi rèd toujou. Li te wè pòtre yon seri mesye ki te grave sou yon mi, pòtre sa yo te wouj. Se te pòtre moun Kalde yo. 15 Yo te gen senti ki te mare nan ren yo e yo te mare tèt yo ak yon seri mouchwa ki te pandye pa dèyè. Yo tout te sanble ak sòlda. Pòtre sa yo se te pòtre moun Babilòn, moun ki fèt nan peyi moun Kalde yo. 16 Kou l te wè yo, li te vin anvi yo e li voye moun kote yo nan peyi moun Kalde yo+. 17 Se sa k fè mesye Babilòn yo te kontinye vin fè lanmou avè l nan kabann li, yo te cho pou yo kouche avè l e konsa, yo te fè l vin sal. Apre yo te fin sal li, li* te vire do ba yo paske yo te ba l degoutans.

18 “Kòm li te lage kò l nan fè pwostitisyon san li pa t wont e l te kite yo wè l toutouni+, mwen* te vire do ba li paske l te ban m degoutans, menm jan mwen te vire do bay sè l la ki te ban m degoutans+. 19 Malgre sa, li te kontinye fè pwostitisyon pi rèd toujou+. Li te sonje lè l te jèn, lè l te konn ap fè pwostitisyon nan peyi Ejip+. 20 Li te cho dèyè yo. Li te aji menm jan ak madanm sou kote yon seri gason pati entim yo tankou pa bourik oswa cheval. 21 O ou menm Owoliba, ou te swaf pou w fè tout vye bagay ou te konn fè ann Ejip+ lè w te jèn nan, lè yo te konn ap karese tete w la+.

22 “Kidonk, Owoliba, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap monte tèt mesye w te renmen yo kont ou+, mesye ou* te vire do ba yo paske yo ba w degoutans yo, e m ap fè yo vin atake w nan tout direksyon+. 23 Wi, moun Babilòn yo+, tout moun Kalde yo+, moun Pekòd yo+, moun Chowa yo ak moun Kowa yo ansanm ak tout moun Asiri yo ap vin atake w nan tout direksyon. Yo tout se bèl jèn gason, yo se gouvènè, chèf, sòlda, moun yo chwazi avèk swen* e ki chita sou cheval. 24 Y ap atake w ak yon pakèt charyo pou fè lagè ansanm ak yon pakèt sòlda ki gen gwo boukliye ak ti boukliye* e ki gen kas nan tèt yo. Y ap sènen w toupatou e m ap ba yo pouvwa pou yo ba w pinisyon yo wè w merite+. 25 M ap fè w wè jan m fache kont ou. Y ap maltrete w paske y ap an kòlè anpil, y ap koupe nen w ak zòrèy ou e moun ou genyen ki rete yo ap mouri anba kout epe. Yo prale ak pitit gason w yo ansanm ak pitit fi w yo e y ap boule sa k rete yo+. 26 Y ap retire tout rad sou ou+ e y ap pran bèl bijou w yo*+. 27 M ap met yon bout nan bagay sal w ap fè yo, m ap fè w sispann fè pwostitisyon+ jan w te kòmanse fè sa depi lè w te ann Ejip la+. Ou pap wè moun sa yo ankò e w pap sonje Ejip ankò.’

28 “Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap lage w nan men moun ou rayi yo, moun ou* te vire do ba yo paske yo te ba w degoutans yo+. 29 Y ap maltrete w tankou yon moun yo rayi, y ap pran tout sa w te redi di pou w genyen yo+ e y ap kite w toutouni nèt. Tout moun ap wè w toutouni, y ap wè vye bagay sal ou te konn fè yo, wi, y ap wè jan w se yon pwostitye+. 30 Y ap fè w tout bagay sa yo paske w te cho dèyè nasyon yo tankou yon pwostitye+, e paske w te fè tèt ou vin sal nan sèvi zidòl yo genyen yo ki bay degoutans+. 31 Ou aji menm jan ak sè w la+ e m ap ba w kenbe koup li a+.’

32 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

‘W ap bwè nan menm koup sè w la te bwè ladan l lan, koup ki fon e ki laj la+.

Moun ap pase w nan rizib, y ap bat plezi sou ou paske koup la plen ak bagay sa yo+.

33 W ap bwè nan menm koup Samari, sè w la, te bwè a,

W ap vin sou e w ap vin tris anpil,

Y ap fini avè w e moun ap sezi.

34 W ap bwè tout sa k ladan l lan nèt rive jis nan dènye ti tak la+ e w ap kraze moso ajil yo anba dan w.

Apre sa, w ap rache tete w.

“Paske, se mwen menm ki pale.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’

35 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Kòm ou bliye m e ou pa ban m regle anyen pou ou*+, w ap peye pou bagay sal ou fè yo e poutèt ou aji tankou yon pwostitye.’”

36 Apre sa, Jewova di m: “Pitit lòm, èske w ap kondane Owola ak Owoliba+? Èske w ap fè yo konnen bagay ki bay degoutans y ap fè yo? 37 Yo fè adiltè*+, e men yo tranpe nan san. Nonsèlman yo fè adiltè ansanm ak zidòl yo genyen yo ki bay degoutans, men, yo boule* pitit yo fè pou mwen yo nan dife, yo fè yo tounen manje pou zidòl y ap sèvi yo+. 38 Mete sou sa, men sa yo fè m: Jou sa a, yo te sal tanp mwen an, yo pa t montre yo gen okenn respè pou saba m yo. 39 Apre yo fin touye pitit yo e yo ofri yo kòm sakrifis bay zidòl yo genyen yo ki bay degoutans+, nan menm jou a, yo antre nan tanp mwen an pou yo sal li+. Yo te fè sa anndan kay mwen an. 40 Yo te menm voye yon moun al chèche yon seri mesye byen lwen+. Pandan yo t ap vini, ou menm Owoliba, ou te benyen, ou met makiyaj sou do je w epi w met bèl bagay sou ou+. 41 Apre sa, ou chita sou yon bèl divan+ ki gen yon tab devan l+. Sou tab la, te gen lansan m nan+ ak luil mwen an+. 42 Yo te tande bri yon pakèt gason kè pòpòz ki te la. Pami yo te gen yon seri tafyatè ki te sot nan dezè a. Yo te met braslè nan men medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo.

43 “Apre sa, men sa mwen te di konsènan fi sa a adiltè fini avè l la: ‘Malgre sa, l ap kontinye aji tankou yon pwostitye.’ 44 Vrèmanvre, yo te kontinye antre al jwenn li kote l ye a, tankou gason ki al lakay pwostitye. Se konsa yo te antre al jwenn Owola ak Owoliba, de fi k ap pratike bagay ki sal yo. 45 Men, yon seri gason ki jis ap ba l pinisyon li merite pou adiltè l fè yo+ e pou san l fè koule yo+. Paske, toule de fi sa yo nan adiltè e men yo tranpe nan san+.

46 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Gen yon lame k ap vin atake yo, e moun ki wè sa lame sa a fè yo ap sezi. Lame a ap pran sa yo posede+, 47 l ap voye wòch sou yo+ e l ap detwi yo ak kout epe. Sòlda ki nan lame a ap touye pitit gason yo ak pitit fi yo+ e y ap boule kay yo+. 48 M ap met fen nan bagay sal k ap fèt nan peyi a. Tout lòt fi yo ap pran sa pou leson e yo pap fè bagay sal nou fè yo+. 49 Lame a ap fè nou peye pou bagay sal nou fè yo e pou peche nou te fè ak zidòl nou genyen yo ki bay degoutans. E n ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an+.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje