BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 25
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pwofesi kont desandan Amon yo (1-7)

      • Pwofesi kont Mowab (8-11)

      • Pwofesi kont Edòm (12-14)

      • Pwofesi kont Filisti (15-17)

Ezekyèl 25:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 19:36, 38
  • +Jr 49:1; Am 1:13; Sf 2:9

Ezekyèl 25:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kan ki gen miray toutotou”.

Ezekyèl 25:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:26; Eze 21:20

Ezekyèl 25:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nou te frape pye nou atè”.

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lm 2:15
  • +Sf 2:8

Ezekyèl 25:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 49:2; Am 1:14

Ezekyèl 25:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 15:1; Jr 48:1; Am 2:1
  • +Dt 2:4

Ezekyèl 25:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki dekore”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:37, 38; Joz 13:15, 19

Ezekyèl 25:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 25:4
  • +Eze 21:28, 32

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 74

Ezekyèl 25:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 48:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 74

Ezekyèl 25:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 28:17; Sm 137:7; Lm 4:22; Am 1:11; Ob 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 74

Ezekyèl 25:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mal 1:4
  • +Jr 49:7, 8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 7/2017, p. 4

Ezekyèl 25:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 11:14; 63:1
  • +Na 1:2

Ezekyèl 25:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 28:18; Eza 9:11, 12; 14:29; Jr 47:1; Jl 3:4-6; Am 1:6

Ezekyèl 25:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 25:17, 20; Sf 2:4
  • +Sf 2:5
  • +Jr 47:4

Ezekyèl 25:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 81

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 25:2Jen 19:36, 38
Eze. 25:2Jr 49:1; Am 1:13; Sf 2:9
Eze. 25:52Sa 12:26; Eze 21:20
Eze. 25:6Lm 2:15
Eze. 25:6Sf 2:8
Eze. 25:7Jr 49:2; Am 1:14
Eze. 25:8Eza 15:1; Jr 48:1; Am 2:1
Eze. 25:8Dt 2:4
Eze. 25:9Nb 32:37, 38; Joz 13:15, 19
Eze. 25:10Eze 25:4
Eze. 25:10Eze 21:28, 32
Eze. 25:11Jr 48:1
Eze. 25:122Kw 28:17; Sm 137:7; Lm 4:22; Am 1:11; Ob 10
Eze. 25:13Mal 1:4
Eze. 25:13Jr 49:7, 8
Eze. 25:14Eza 11:14; 63:1
Eze. 25:14Na 1:2
Eze. 25:152Kw 28:18; Eza 9:11, 12; 14:29; Jr 47:1; Jl 3:4-6; Am 1:6
Eze. 25:16Jr 25:17, 20; Sf 2:4
Eze. 25:16Sf 2:5
Eze. 25:16Jr 47:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 25:1-17

Ezekyèl

25 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, vire gade desandan Amon yo+, epi pwofetize kont yo+. 3 Men sa pou w di konsènan desandan Amon yo: ‘Tande sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Kòm lè yo te montre yo pa gen respè pou kote mwen genyen ki sakre a nou te di: ‘Se bon’, nou te di sa tou lè peyi Izrayèl te vin vid la e nou te di sa lè yo te mennen moun Jida yo ann egzil la, 4 m ap lage nou nan men moun ki sot nan Lès yo pou yo pran nou kòm byen pa yo. Y ap mete kan* yo nan mitan nou, y ap monte tant yo nan mitan nou. Y ap manje rekòt nou yo e y ap bwè lèt bèt nou yo. 5 M ap fè Raba+ tounen yon patiray pou chamo, m ap fè peyi desandan Amon yo tounen yon kote pou twoupo bèt repoze, e n ap konnen mwen se Jewova.”’”

6 “Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Lefètke nou te bat men nou+, nou te sote ponpe*, nou* t ap bat plezi sou do peyi Izrayèl ak kè kontan lè nou te wè sa k rive l la+, 7 m ap lonje men m pou m frape nou, pou m lage nou nan men nasyon yo pou yo pran tout sa nou genyen. M ap elimine nou antanke pèp e m ap detwi nou nan peyi yo+. M ap elimine nou, e n ap konnen mwen se Jewova.’

8 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Kòm Mowab+ ak Seyi+ te di: “Gade, moun Jida yo menm jan ak tout lòt nasyon yo,” 9 m ap fè ènmi atake vil Mowab genyen ki sou fwontyè l la, sou pant Mòn Mowab la, vil ki fè bote* peyi a, depi Bètjechimòt, Baalmeyon, rive Kiryatayim+. 10 M ap lage ni Mowab, ni desandan Amon yo nan men moun ki nan Lès yo+, y ap vin byen pa yo e nasyon yo pap sonje desandan Amon yo ankò+. 11 M ap pini Mowab+ e y ap konnen mwen se Jewova.’

12 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Edòm fè vanjans sou moun Jida yo. Se sa k fè li koupab anpil+. 13 Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Mwen menm tou, m ap lonje men m kont Edòm, m ap elimine ni moun ni bèt e m ap fè l vin vid+. Soti Teman rive Dedan, y ap tonbe anba kout epe+. 14 ‘M ap sèvi ak pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pou m tire revanj sou Edòm+. Y ap vide kòlè m ak raj mwen sou Edòm pou m ka fè vanjans sou li+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”’

15 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Moun Filisti yo kontinye rayi pèp mwen an. Y ap mal boule avè l, y ap chèche fè vanjans sou li e y ap chèche detwi l+. 16 Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “M ap lonje men m sou moun Filisti yo+, m ap elimine Keretit yo+ e m ap elimine rès moun k ap viv bò lanmè a+. 17 M ap fè gwo vanjans sou yo, m ap ba yo pinisyon ki rèd. Y ap konnen mwen se Jewova lè m fè vanjans sou yo.”’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje