Ezekyèl
26 Nan onzyèm ane a, nan premye jou nan mwa a, Jewova pale avè m, li di m: 2 “Pitit lòm, kòm Ti te pale kont Jerizalèm+ e li di: ‘Se bon pou li! Pòtay pèp yo kraze+, tout bagay ap vin jwenn mwen e m ap vin rich paske yo kraze l’, 3 men sa mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen di: ‘Ou menm Ti, mwen kont ou. M ap fè anpil nasyon vin atake w menm jan ak lanm lanmè ki kontinye ap vini. 4 Y ap kraze mi w yo, y ap kraze fòtrès ou yo+, m ap grate tè a e m ap fè w tounen yon wòch ki byen klere e ki pa gen anyen sou li. 5 W ap tounen yon lakou kote yo met filè pou fè lapèch seche, yon lakou ki nan mitan lanmè+.’
“‘Mwen menm mwen pale.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Nasyon yo ap pran tout sa w genyen. 6 E ti bouk* ki nan savann ou yo ap tonbe anba kout epe e tout moun ap konnen mwen se Jewova.’
7 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap fè Nebikadneza*, wa Babilòn nan, vin atake vil Ti. L ap sot nan nò+. Li se wa tout wa+, li gen cheval+, li gen charyo pou fè lagè+, li gen kavalye. Lame l la chaje ak sòlda*. 8 L ap touye tout moun ou genyen ki abite nan bouk ki nan savann ou yo anba kout epe, l ap ansèkle w ak yon mi e ak yon ranp. L ap monte yon gwo boukliye devan w. 9 L ap frape miray ou yo ak materyèl li genyen pou l defonse miray* e l ap kraze fòtrès ou yo ak kout rach*. 10 Cheval li yo ap tèlman anpil, y ap kouvri w ak pousyè. Bri kavalye yo ak wou charyo yo ap fè mi w yo tranble lè y ap antre nan pòtay ou yo tankou sòlda k ap atake yon vil miray li kraze. 11 Zago cheval li yo ap pilonnen tout lari w yo+. L ap touye moun ou yo ak kout epe e gwo poto w yo ap tonbe plat atè. 12 Y ap vòlè tout richès ou yo, y ap piye machandiz ou yo+, y ap kraze miray ou yo e y ap kraze bèl kay ou genyen yo. Apre sa, y ap pran wòch ou yo, y ap pran bagay ou genyen ki fèt an bwa yo, y ap pran tè w la e y ap jete yo nan dlo a.’
13 “‘M ap fè moun pa chante anndan w ankò, m ap fè yo pa tande son hap* ou yo ankò+. 14 M ap fè w vin tankou yon wòch ki klere e ki pa gen anyen sou li. M ap fè w tounen yon lakou kote yo met filè pou fè lapèch seche+. Yo pap janm rebati w ankò paske mwen menm, Jewova, mwen pale.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.
15 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di vil Ti: ‘Èske zile yo pap tranble lè yo tande bri ou fè lè w tonbe a, lè moun ki prèske mouri yo* ap plenn e lè yo masakre moun ki nan mitan w yo+? 16 Tout prens* ki sot sou lanmè yo ap desann sou twòn yo, y ap retire wòb* yo sou yo, y ap retire rad bwode yo sou yo e y ap pran tranble. Y ap chita atè, y ap tranble san rete e y ap ret gade w tèlman y ap sezi+. 17 Y ap chante yon chante ki tris*+ pou ou e y ap di w:
“Gade ki jan w tonbe+, ou menm ki te gen moun ki te sot sou lanmè e ki te vin abite lakay ou, ou menm, vil yo te konn fè lwanj pou ou a.
Ou menm ak moun ki te ret anndan w yo te mèt lanmè a+.
Nou te konn fè tout moun ki abite sou tè a pè.
18 Jou w tonbe a, zile yo ap tranble.
Zile ki nan lanmè yo ap boulvèse lè w pa la ankò+.”’
19 “Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Lè m fin detwi w menm jan ak vil ki pa gen moun ki abite ladan yo, lè m fè dlo k ap monte yo pase sou ou, lè gwo dlo yo kouvri w+, 20 m ap fè ni ou menm, ni moun k ap desann nan twou a* avè w yo al jwenn moun lontan yo. M ap fè w abite kote ki pi ba a, kote ki la lontan yo te detwi yo. M ap fè w abite ansanm ak moun k ap desann nan twou a+, yon fason pou moun pa abite anndan w ankò. Apre sa, m ap fè lwanj* pou peyi kote moun yo vivan an.
21 “‘M ap lage malè a sou ou bridsoukou e w pap egziste ankò+. Y ap chèche w men yo pap janm jwenn ou ankò.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”