BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 27
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon chante ki tris pou Ti ki tankou yon bato k ap koule (1-36)

Ezekyèl 27:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:17

Ezekyèl 27:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 23:9; Eze 28:2, 12

Ezekyèl 27:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 3:8, 9; 1Kw 5:23

Ezekyèl 27:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:2, 4

Ezekyèl 27:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:2, 4

Ezekyèl 27:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:15, 18
  • +1Wa 9:27

Ezekyèl 27:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Se granmoun gason”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 13:2, 5
  • +Eze 27:27

Ezekyèl 27:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:6; Jr 46:9

Ezekyèl 27:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:2, 4; Jon 1:3
  • +2Kw 9:21
  • +Jr 10:9

Ezekyèl 27:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 66:19
  • +Jen 10:2
  • +Jl 3:6

Ezekyèl 27:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:2, 3; Eze 38:6

Ezekyèl 27:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:7
  • +1Wa 10:22

Ezekyèl 27:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 11:12, 33
  • +Jen 43:11
  • +Jr 8:22
  • +1Wa 5:9; Esd 3:7; Tr 12:20

Ezekyèl 27:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak lenn gri tire sou wouj”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 7:8

Ezekyèl 27:19

Nòt anba paj

  • *

    Yon pyebwa ki nan menm fanmi ak pye kanèl.

Ezekyèl 27:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ba w rad ki fèt ak twal yo tise pou w monte”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 25:3

Ezekyèl 27:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 25:13
  • +2Kw 17:11; Eza 60:7

Ezekyèl 27:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:7
  • +1Wa 10:1, 2; Eza 60:6

Ezekyèl 27:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 11:31
  • +2Wa 19:12; Am 1:5
  • +Jen 25:3; Jb 6:19
  • +Jen 10:22

Ezekyèl 27:25

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “e w te gen glwa”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 10:22; Eza 23:14

Ezekyèl 27:27

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kongregasyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:8, 9
  • +Eze 27:10, 11
  • +Eze 26:14

Ezekyèl 27:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 23:1; Eze 26:17

Ezekyèl 27:31

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kriye ak nanm yo anmè”.

Ezekyèl 27:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:5

Ezekyèl 27:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:14, 16
  • +Za 9:3

Ezekyèl 27:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:19
  • +Eze 27:27

Ezekyèl 27:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:15
  • +Eze 28:17

Ezekyèl 27:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:10

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 27:2Eze 26:17
Eze. 27:3Eza 23:9; Eze 28:2, 12
Eze. 27:5Dt 3:8, 9; 1Kw 5:23
Eze. 27:6Jen 10:2, 4
Eze. 27:7Jen 10:2, 4
Eze. 27:8Jen 10:15, 18
Eze. 27:81Wa 9:27
Eze. 27:9Joz 13:2, 5
Eze. 27:9Eze 27:27
Eze. 27:10Jen 10:6; Jr 46:9
Eze. 27:12Jen 10:2, 4; Jon 1:3
Eze. 27:122Kw 9:21
Eze. 27:12Jr 10:9
Eze. 27:13Eza 66:19
Eze. 27:13Jen 10:2
Eze. 27:13Jl 3:6
Eze. 27:14Jen 10:2, 3; Eze 38:6
Eze. 27:15Jen 10:7
Eze. 27:151Wa 10:22
Eze. 27:17Jj 11:12, 33
Eze. 27:17Jen 43:11
Eze. 27:17Jr 8:22
Eze. 27:171Wa 5:9; Esd 3:7; Tr 12:20
Eze. 27:18Eza 7:8
Eze. 27:20Jen 25:3
Eze. 27:21Jen 25:13
Eze. 27:212Kw 17:11; Eza 60:7
Eze. 27:22Jen 10:7
Eze. 27:221Wa 10:1, 2; Eza 60:6
Eze. 27:23Jen 11:31
Eze. 27:232Wa 19:12; Am 1:5
Eze. 27:23Jen 25:3; Jb 6:19
Eze. 27:23Jen 10:22
Eze. 27:251Wa 10:22; Eza 23:14
Eze. 27:27Eze 27:8, 9
Eze. 27:27Eze 27:10, 11
Eze. 27:27Eze 26:14
Eze. 27:30Eza 23:1; Eze 26:17
Eze. 27:32Eze 26:5
Eze. 27:33Eze 27:14, 16
Eze. 27:33Za 9:3
Eze. 27:34Eze 26:19
Eze. 27:34Eze 27:27
Eze. 27:35Eze 26:15
Eze. 27:35Eze 28:17
Eze. 27:36Sm 37:10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 27:1-36

Ezekyèl

27 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, kanta pou ou, chante yon chante ki tris* pou Ti+, 3 e men sa pou w di Ti:

‘Ou menm k ap viv nan antre lanmè a,

Ou menm k ap fè komès ak moun ki nan yon pakèt zile,

Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“O Ti, ou di: ‘Pa gen pi bèl pase m+.’

 4 Tèritwa w rive jis nan mitan lanmè,

E moun ki te bati w yo te fè w bèl nèt.

 5 Ou tankou yon bato. Yo te fè tout planch ou yo ak bwa jenevriye ki sot Seni+.

Yo te pran yon pye sèd ki sot Liban pou yo fè yon ma pou ou.

 6 Yo te fè ram ou yo ak bwadchèn ki sot Bazan.

Yo te fè pati devan an ak bwa sapen ki sot nan zile Kitim+ yo ki dekore ak ivwa.

 7 Vwal ou a te fèt ak twal len ki gen plizyè koulè ki sot ann Ejip.

Twal ki te kouvri pon w lan te fèt ak fil ble ak lenn vyolèt ki sot nan zile Elicha yo+.

 8 Se moun Sidon ak moun Avad+ ki t ap rame pou ou.

Se moun ou genyen ki fò anpil yo, o Ti, ki te sèvi kòm maren pou ou+.

 9 Se moun ki gen eksperyans* ak moun ki fò ki soti Gebal yo+ ki te konn bouche jwen w yo+.

Tout bato ki sou lanmè a ansanm ak maren yo te konn vin kote w pou yo fè komès.

10 Moun peyi Pès yo, desandan Loud yo+ ak desandan Pout yo te nan lame w la. Yo te konn al nan lagè pou ou.

Se sou ou yo te konn pandye boukliye yo ak kas yo. Yo te fè w jwenn anpil glwa.

11 Moun Avad ki te nan lame w la te konn kanpe sou tout miray ou yo.

Te gen yon seri mesye ki brav nan fòtrès ou yo.

Yo te konn pandye boukliye won yo sou tout miray ou yo,

E yo te fè w bèl nèt.

12 “‘“Moun Tasis yo+ te konn fè komès avè w paske w te gen anpil richès+. Yo te konn ba w ajan, fè, eten ak plon pou machandiz ou yo+. 13 Moun Javan yo, moun Toubal yo+ ak moun Mechèk yo+ te konn fè komès avè w. Yo te konn ba w esklav+ ak bagay ki fèt an kuiv pou machandiz ou yo. 14 Desandan Togama yo+ te konn ba w cheval ak milèt pou machandiz ou yo. 15 Moun Dedan yo+ te konn fè komès avè w. Ou te konn bay komèsan nan anpil zile travay. Yo te konn ba w ivwa+ ak bwadebèn pou yo peye w. 16 Moun Edòm yo te konn fè biznis avè w paske w te gen anpil bon bagay. Yo te konn ba w tikwaz, lenn vyolèt, twal bwode plizyè koulè, bon kalite twal, koray ak ribi pou machandiz ou yo.

17 “‘“Moun Jida ak moun peyi Izrayèl te konn fè komès avè w. Yo te konn ba w ble ki soti Minit+, bon bagay pou moun manje, siwo myèl+, luil ak luil santi bon+ pou machandiz ou yo+.

18 “‘“Moun Damas yo+ te konn fè biznis avè w paske w te gen anpil bon bagay e w te gen anpil richès. Yo te konn ba w diven ki soti Èlbon ak lenn ki soti Saha*. 19 Moun Vedan yo ak moun Javan yo ki nan zòn Ouzal te konn ba w fè fòje, kas* ak wozo santi bon pou machandiz ou yo. 20 Moun Dedan yo+ te konn vann ou twal pou w met sou do* bèt. 21 Ou te konn bay Arab yo ak tout chèf Keda yo+ travay. Moun sa yo te konn vann ti mouton, gwo mal mouton ak kabrit+. 22 Komèsan ki moun Cheba e ki moun Rama yo+ te konn fè komès avè w. Yo te konn ba w tout kalite bon pafen, pyè ki gen anpil valè ak lò pou machandiz ou yo+. 23 Moun Aran yo+, moun Kane yo, moun Edenn yo+, komèsan ki moun Cheba yo+, moun Asou yo+ ak moun Kilmad yo te konn fè komès avè w. 24 Yo te konn vann bèl rad nan mache w yo, rad san manch ki fèt ak fil ble, twal bwode plizyè koulè ansanm ak tapi ki gen plizyè koulè. Tout bagay sa yo te byen mare ak kòd.

25 Se nan bato Tasis yo+ yo te konn pote machandiz ou yo.

Se sa k fè ou te konn plen ak machandiz e w te konn chaje anpil* nan mitan lanmè a.

26 Moun k ap rame pou ou yo te konn mennen w byen lwen sou lanmè.

Van ki sot nan direksyon lès te fè w koule nan mitan lanmè a.

27 Richès ou yo, bon bagay ou yo, machandiz ou yo, maren w yo, matlo w yo,

Tout moun k ap bouche jwen w yo, moun k ap vann machandiz ou yo+ ak tout sòlda w yo+,

Wi, tout moun* ki anndan w yo,

Yo tout ap koule avè w nan mitan lanmè a lè jou malè a rive sou ou+.

28 Lè maren w yo pran rele, tout zòn ki bò lanmè yo ap tranble.

29 Tout moun k ap rame yo, tout maren yo, tout matlo yo

Ap desann bato yo e y ap kanpe atè.

30 Y ap rele byen fò e y ap kriye anpil pou ou+

Pandan y ap voye pousyè sou tèt yo e pandan y ap woule kò yo nan sann dife.

31 Y ap kale tèt yo e y ap mete twal sak sou yo.

Y ap kriye anpil* e y ap rele anpil.

32 Pandan y ap plenn, y ap chante yon chante ki tris e y ap rele pou ou. Y ap di:

‘Kiyès ki tankou Ti ki ret an silans kounye a nan mitan lanmè a+?

33 Lè machandiz ou yo te konn sot sou lanmè vin jwenn ou, ou te fè anpil pèp kontan+.

Tout richès ou te genyen yo ak tout machandiz ou te genyen yo te fè wa latè yo vin rich+.

34 Kounye a, ou fè nofraj nan mitan lanmè, nan dlo ki fon anpil+,

E tout machandiz ou yo ak tout moun ou yo koule ansanm avè w+.

35 Tout moun ki abite nan zile yo ap ret gade w tou sezi+.

Wa moun sa yo ap tranble tèlman y ap pè+, figi yo ap montre yo boulvèse.

36 Komèsan ki nan nasyon yo ap sezi lè yo wè sa k rive w la.

W ap disparèt bridsoukou e yon fason ki terib.

W ap sispann egziste pou toutan+.’”’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje