BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pwofesi kont wa Ti a (1-10)

        • “Mwen se yon dye” (2, 9)

      • Yon chante ki tris sou wa Ti a (11-19)

        • “Ou te nan Edenn” (13)

        • “Cheriben mwen chwazi pou bay pwoteksyon an” (14)

        • “Te vin gen bagay ki pa bon nan ou” (15)

      • Pwofesi kont Sidon (20-24)

      • Moun Izrayèl yo ap tounen nan peyi yo (25, 26)

Ezekyèl 28:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 28:5
  • +Eze 27:4

Ezekyèl 28:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:48

Ezekyèl 28:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Za 9:3

Ezekyèl 28:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 23:1, 3; Eze 27:12

Ezekyèl 28:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 30:10, 11
  • +Eza 23:9

Ezekyèl 28:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan tonm nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:26

Ezekyèl 28:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 28:3
  • +Eze 27:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/11/2005, p. 11-12

Ezekyèl 28:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:16

Ezekyèl 28:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 14:13

Ezekyèl 28:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jl 3:4; Am 1:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 8/2017, p. 1-2

Ezekyèl 28:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 10:11; 2Kw 9:21; Eze 27:12
  • +Jl 3:6
  • +Eza 23:9; Jr 25:17, 22; 47:4; Jl 3:8

Ezekyèl 28:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:3
  • +Eza 14:14
  • +Eza 14:15

Ezekyèl 28:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Am 1:9, 10

Ezekyèl 28:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:35
  • +Eze 27:36

Ezekyèl 28:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 23:4; Jr 25:17, 22; Eze 32:30

Ezekyèl 28:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:6

Ezekyèl 28:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 33:55; Joz 23:12, 13

Ezekyèl 28:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:3; Eza 11:12; Jr 30:18; Oz 1:11
  • +Eza 5:16
  • +Jr 23:8
  • +Jen 28:13

Ezekyèl 28:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 32:18; Jr 23:6; Oz 2:18
  • +Eza 65:21, 22; Jr 31:5; Am 9:14
  • +Jr 30:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 110

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 28:2Eze 28:5
Eze. 28:2Eze 27:4
Eze. 28:3Dn 2:48
Eze. 28:4Za 9:3
Eze. 28:5Eza 23:1, 3; Eze 27:12
Eze. 28:7Eze 30:10, 11
Eze. 28:7Eza 23:9
Eze. 28:8Eze 27:26
Eze. 28:12Eze 28:3
Eze. 28:12Eze 27:3
Eze. 28:13Eze 27:16
Eze. 28:14Eza 14:13
Eze. 28:15Jl 3:4; Am 1:9
Eze. 28:161Wa 10:11; 2Kw 9:21; Eze 27:12
Eze. 28:16Jl 3:6
Eze. 28:16Eza 23:9; Jr 25:17, 22; 47:4; Jl 3:8
Eze. 28:17Eze 27:3
Eze. 28:17Eza 14:14
Eze. 28:17Eza 14:15
Eze. 28:18Am 1:9, 10
Eze. 28:19Eze 27:35
Eze. 28:19Eze 27:36
Eze. 28:21Eza 23:4; Jr 25:17, 22; Eze 32:30
Eze. 28:23Eze 26:6
Eze. 28:24Nb 33:55; Joz 23:12, 13
Eze. 28:25Dt 30:3; Eza 11:12; Jr 30:18; Oz 1:11
Eze. 28:25Eza 5:16
Eze. 28:25Jr 23:8
Eze. 28:25Jen 28:13
Eze. 28:26Eza 32:18; Jr 23:6; Oz 2:18
Eze. 28:26Eza 65:21, 22; Jr 31:5; Am 9:14
Eze. 28:26Jr 30:16
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 28:1-26

Ezekyèl

28 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, pale ak moun k ap dirije Ti a epi di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“Kòm ou vin gen ògèy nan kè w+, ou kontinye ap di: ‘Mwen se yon dye.

Mwen chita sou twòn yon dye nan mitan lanmè a+.’

Men, se sèlman yon moun ou ye, ou pa yon dye,

Menmsi nan kè w ou santi ou se yon dye.

 3 Gade, ou panse w pi saj pase Dànyèl+

E pa gen yon sekrè w pa konnen.

 4 Ou vin rich grasa sajès ou ak bon jijman w,

E w kontinye ap mete lò ak ajan nan trezò w+.

 5 Ou tèlman fò nan fè komès ou vin gen anpil richès+,

E se richès sa yo ki fè w vin gen ògèy nan kè w.”’

6 “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“Kòm nan kè w ou santi se yon dye w ye,

 7 M ap fè etranje vin atake w, moun ki pi mechan ki soti nan nasyon yo+.

Y ap rale epe yo e y ap detwi tout bèl bagay ou te genyen grasa sajès ou yo.

Y ap fè w pèdi glwa w genyen an+.

 8 Y ap fè w desann nan twou a*.

W ap mouri yon fason vyolan nan mitan lanmè a+.

 9 Men, èske w ap di moun ki vin touye w yo: ‘Mwen se yon dye’?

Lè w tonbe nan men moun ki pa gen respè pou ou yo, lè sa a w ap wè se sèlman yon moun ou ye, ou pa yon dye.”’

10 ‘W ap mouri tankou yon moun ki pa sikonsi e se etranje k ap touye w,

Paske, mwen menm, mwen pale.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

11 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 12 “Pitit lòm, chante yon chante ki tris* konsènan wa Ti a e se pou w di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“Se ou menm ki te modèl ki montre sa pèfeksyon ye.

Ou te gen anpil sajès+ e pi bèl pase w pa t genyen+.

13 Ou te nan Edenn, jaden Bondye a.

Ou te gen tout kalite pyè ki koute chè sou rad ou: ribi, topaz ak jasp,

Krizolit, oniks ak jad,

Safi, tikwaz+ ak emwòd.

Monti pou pyè sa yo te fèt ak lò.

Mwen te fè yo jou mwen te kreye w la.

14 Mwen te mete w kòm cheriben mwen chwazi pou bay pwoteksyon an.

Ou te sou mòn sakre Bondye a+ e w te konn mache nan mitan wòch ki tou limen.

15 Depi jou m te kreye w la, ou te fè tout bagay byen

Jiskaske w te vin gen bagay ki pa bon nan ou+.

16 Poutèt ou te konn fè anpil komès+,

Ou te vin chaje ak vyolans e w te kòmanse peche+.

Kidonk, m ap fè w soti sou mòn Bondye a akoz ou vin pa bon e m ap detwi w+.

O cheriben ki t ap bay pwoteksyon an, m ap fè w soti nan mitan wòch ki tou limen yo.

17 Ou te vin gen ògèy nan kè w poutèt ou te bèl+.

Glwa w te genyen an te lakòz ou pèdi sajès ou te genyen an+.

M ap lage w sou tè a+.

M ap fè w tounen yon espektak pou wa yo.

18 Poutèt tout peche ou te fè yo e poutèt ou te malonèt nan fason w t ap fè komès, ou te sal kote w genyen ki sakre yo.

M ap limen yon dife nan mitan w e l ap boule w nèt+.

M ap fè w tounen sann dife atè a devan tout moun k ap gade w yo.

19 Tout moun nan mitan pèp yo ki te konnen w ap kanpe gade w tou sezi+.

W ap disparèt bridsoukou yon fason ki terib.

W ap sispann egziste pou toutan+.”’”

20 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 21 “Pitit lòm, vire fas ou nan direksyon Sidon+ epi pwofetize kont li. 22 Se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“O Sidon, mwen kont ou. M ap bay tèt mwen glwa nan mitan w.

Lè mwen pini w e mwen sèvi avè w pou m montre mwen se yon Dye ki sen, tout moun ap konnen mwen se Jewova.

23 M ap lage gwo maladi sou ou e anpil san ap koule nan lari w yo.

Lè yo vin atake w ak epe nan tout direksyon, moun pa w y ap touye yo ap tonbe nan mitan w.

E moun yo ap konnen mwen se Jewova+.

24 “‘“Apre sa, pèp Izrayèl la pap gen pikan ankò ki antoure l, k ap blese l e k ap fè l soufri+, anpalan de moun k ap trete l san respè yo. E moun yo ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an.”’

25 “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Lè m ap rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye nan mitan yon pakèt nasyon+, m ap fè moun nan nasyon yo wè mwen se yon Dye ki sen+. Y ap abite nan pwòp peyi yo+, peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m nan+. 26 Y ap abite ladan l, y ap santi yo an sekirite+, y ap bati kay e y ap plante jaden rezen+. Y ap abite nan peyi a an sekirite lè m pini tout moun bò kote yo k ap trete yo san respè+ e y ap konnen mwen se Jewova, Bondye yo a.”’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje