BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 35
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pwofesi kont mòn Seyi yo (1-15)

Ezekyèl 35:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 32:3; Dt 2:5
  • +Jr 49:8; Lm 4:22; Eze 25:8, 9; Ob 1

Ezekyèl 35:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 25:12, 13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 7/2017, p. 4

Ezekyèl 35:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jl 3:19; Mal 1:3

Ezekyèl 35:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 27:41; Am 1:11
  • +Sm 137:7; Ob 10

Ezekyèl 35:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ob 15
  • +Eze 25:14

Ezekyèl 35:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 25:13

Ezekyèl 35:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 49:17, 18; Eze 25:13; Mal 1:4

Ezekyèl 35:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 36:5; Ob 13

Ezekyèl 35:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Am 1:11

Ezekyèl 35:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan men nou kòm manje pou nou manje”.

Ezekyèl 35:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ob 3

Ezekyèl 35:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lm 4:21; Ob 12, 15
  • +Eza 34:5; Eze 25:12, 13; 36:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 35:2Jen 32:3; Dt 2:5
Eze. 35:2Jr 49:8; Lm 4:22; Eze 25:8, 9; Ob 1
Eze. 35:3Eze 25:12, 13
Eze. 35:4Jl 3:19; Mal 1:3
Eze. 35:5Jen 27:41; Am 1:11
Eze. 35:5Sm 137:7; Ob 10
Eze. 35:6Ob 15
Eze. 35:6Eze 25:14
Eze. 35:7Eze 25:13
Eze. 35:9Jr 49:17, 18; Eze 25:13; Mal 1:4
Eze. 35:10Eze 36:5; Ob 13
Eze. 35:11Am 1:11
Eze. 35:13Ob 3
Eze. 35:15Lm 4:21; Ob 12, 15
Eze. 35:15Eza 34:5; Eze 25:12, 13; 36:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 35:1-15

Ezekyèl

35 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, vire figi w nan direksyon zòn ki gen mòn nan Seyi a+ epi pwofetize kont li+. 3 Se pou w di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “O ou menm zòn ki gen mòn nan Seyi a, mwen kont ou. M ap lonje men m pou m frape w e pou m fè w vin tankou yon dezè ki pa gen moun ladan l+. 4 M ap fè vil ou yo tounen yon pil dekonm. W ap vin tankou yon dezè ki pa gen moun ladan l+. Lè sa a, w ap konnen mwen se Jewova. 5 Paske, ou te kontinye montre w rayi moun Izrayèl yo+, e w te fè yo tonbe anba kout epe nan jou malè a te rive yo a, lè yo te resevwa dènye pinisyon an+.”’

6 “‘Se sa k fè, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman,’ se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, ‘m ap fè yo fè san w koule. Lanmò ap pousuiv ou+. Kòm ou te montre w rayi moun ou te touye yo, lanmò ap pousuiv ou+. 7 M ap fè zòn ki gen mòn nan Seyi a vin tankou yon dezè ki pa gen moun ladan l+ e m ap elimine tout moun k ap pase nan zòn sa a, kit y ap pase ale, kit y ap pase tounen. 8 M ap plen mòn ou yo ak kadav moun yo touye. Kadav moun yo touye anba kout epe yo ap tonbe sou mòn ou yo, nan vale w yo e nan tout kouran dlo w yo. 9 M ap fè w rete vid pou toutan e pèsonn pap abite nan vil ou yo+. Lè sa a, w ap konnen mwen se Jewova.’

10 “Kòm ou te di: ‘De nasyon sa yo ak de peyi sa yo ap vin byen pa m, m ap pran yo toule de kòm byen pa m+’, menm lè mwen menm, Jewova, mwen te la nan mitan yo, 11 ‘enben, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, m ap aji avè w menm jan w te aji avèk yo a, lè w te montre jan w te an kòlè kont yo e w te jalou sò yo paske w te rayi yo+. Lè m pini w, m ap fè yo konnen m.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 12 ‘Lè sa a, w ap konnen, mwen menm, Jewova, mwen te tande tout pawòl derespektan ou t ap di konsènan mòn Izrayèl yo. Ou te di: “Yo vin tankou yon dezè e yo lage yo nan men nou pou nou devore yo*.” 13 Nou te pale kont mwen avèk awogans e nou te di yon bann pawòl sou mwen+. Mwen te tande tout sa nou te di yo.’

14 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Tout tè a ap kontan lè m fè w vin tankou yon dezè ki pa gen moun ladan l. 15 Menm jan w te rejwi lè eritaj moun Izrayèl yo te vin vid tankou yon dezè a, se konsa m ap rejwi lè m fini avè w+. W ap vin yon kote ki vid, o ou menm zòn ki gen mòn nan Seyi a, wi ou menm Edòm+. Lè sa a, tout moun ap konnen mwen se Jewova.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje