BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 39
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Destriksyon Gòg ak moun ki avè l yo (1-10)

      • Y ap antere l nan Vale Amongòg (11-20)

      • Moun Izrayèl yo ap retounen nan peyi yo (21-29)

        • Bondye vide lespri l sou Izrayèl (29)

Ezekyèl 39:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “prens an chèf”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:2
  • +Eze 27:13; 32:26

Ezekyèl 39:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:4, 15

Ezekyèl 39:3

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Ezekyèl 39:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:21
  • +Re 19:17, 18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 182

Ezekyèl 39:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 25:33

Ezekyèl 39:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:22

Ezekyèl 39:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:16
  • +Eza 6:3

Ezekyèl 39:9

Nòt anba paj

  • *

    Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.

  • *

    Se kapab tou: “gwo lans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 46:9

Ezekyèl 39:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Vale Foul moun Gòg yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:2
  • +Eze 39:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 182

Ezekyèl 39:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 21:22, 23

Ezekyèl 39:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:16

Ezekyèl 39:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 39:11

Ezekyèl 39:16

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Foul moun”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 39:12

Ezekyèl 39:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 34:6-8; Jr 46:10; Sf 1:7
  • +Re 19:17, 18

Ezekyèl 39:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:4-6; Aj 2:22; Re 19:17, 18

Ezekyèl 39:21

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “men”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 7:4; 14:4; Eza 37:20; Eze 38:16; Mal 1:11

Ezekyèl 39:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 7:21, 22
  • +Dt 31:18; Eza 59:2
  • +Le 26:24, 25; Dt 32:30; Sm 106:40, 41

Ezekyèl 39:25

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “M ap demontre yon gwo atachman pou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 30:3; Eze 34:13
  • +Oz 1:11; Za 1:16
  • +Eze 36:21

Ezekyèl 39:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 9:16
  • +Le 26:5, 6

Ezekyèl 39:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 30:10; Am 9:14; Sf 3:20
  • +Eza 5:16; Eze 36:23

Ezekyèl 39:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:4

Ezekyèl 39:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 45:17; 54:8; Jr 29:14
  • +Eza 32:14, 15; Jl 2:28

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 39:1Eze 38:2
Eze. 39:1Eze 27:13; 32:26
Eze. 39:2Eze 38:4, 15
Eze. 39:4Eze 38:21
Eze. 39:4Re 19:17, 18
Eze. 39:5Jr 25:33
Eze. 39:6Eze 38:22
Eze. 39:7Eze 38:16
Eze. 39:7Eza 6:3
Eze. 39:9Sm 46:9
Eze. 39:11Eze 38:2
Eze. 39:11Eze 39:15
Eze. 39:12Dt 21:22, 23
Eze. 39:13Eze 38:16
Eze. 39:15Eze 39:11
Eze. 39:16Eze 39:12
Eze. 39:17Eza 34:6-8; Jr 46:10; Sf 1:7
Eze. 39:17Re 19:17, 18
Eze. 39:20Eze 38:4-6; Aj 2:22; Re 19:17, 18
Eze. 39:21Eg 7:4; 14:4; Eza 37:20; Eze 38:16; Mal 1:11
Eze. 39:232Kw 7:21, 22
Eze. 39:23Dt 31:18; Eza 59:2
Eze. 39:23Le 26:24, 25; Dt 32:30; Sm 106:40, 41
Eze. 39:25Jr 30:3; Eze 34:13
Eze. 39:25Oz 1:11; Za 1:16
Eze. 39:25Eze 36:21
Eze. 39:26Dn 9:16
Eze. 39:26Le 26:5, 6
Eze. 39:27Jr 30:10; Am 9:14; Sf 3:20
Eze. 39:27Eza 5:16; Eze 36:23
Eze. 39:28Dt 30:4
Eze. 39:29Eza 45:17; 54:8; Jr 29:14
Eze. 39:29Eza 32:14, 15; Jl 2:28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 39:1-29

Ezekyèl

39 “Ou menm, pitit lòm, pwofetize kont Gòg+. Se pou w di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Gòg, mwen kont ou, ou menm ki chèf* Mechèk ak Toubal+. 2 M ap fè w pran yon lòt direksyon, m ap dirije w, m ap fè w sot nan pati ki pi lwen nan nò yo+ e m ap fè w vin sou mòn Izrayèl yo. 3 M ap fè banza* ki nan men goch ou a sot tonbe, e m ap fè flèch ou yo ki nan men dwat ou sot tonbe. 4 W ap tonbe sou mòn Izrayèl yo+, ou menm ak sòlda w yo ansanm ak moun k ap avè w yo. M ap fè w tounen manje pou tout kalite zwazo ki konn chase e pou bèt sovaj ki nan savann nan+.”’

5 “‘W ap tonbe nan savann nan+, paske, mwen menm, mwen pale.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

6 “‘M ap voye dife sou Magòg ak moun k ap viv an sekirite nan zile yo+. Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova. 7 M ap fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, konnen non m ki sen. Mwen pap kite moun derespekte non m ankò. Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova+, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.’

8 “‘Wi, sa m di a ap fèt, l ap reyalize kanmenm.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Jou sa a se jou mwen te pale de li a. 9 Moun ki abite nan vil ki ann Izrayèl yo ap soti e y ap limen dife ak zam yo, anpalan de ti boukliye* yo ak gwo boukliye yo, banza yo ak flèch yo, lans yo ak baton* yo. Y ap itilize yo pandan setan pou yo limen dife+. 10 Yo pap bezwen pran bwa nan savann nan oswa nan forè yo pou yo limen dife, paske, se zam y ap itilize pou yo limen dife.’

“‘Y ap pran afè moun ki te pran sa yo te genyen yo, y ap piye moun ki te piye sa yo te genyen yo.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

11 “‘Jou sa a, m ap fè yo antere Gòg+ yon kote ann Izrayèl, nan vale kote moun k ap vwayaje alès lanmè a pase yo, e vale sa a ap bare wout moun k ap pase yo. Se la y ap antere Gòg ansanm ak tout moun ki avè l yo. Y ap rele vale sa a Vale Amongòg*+. 12 Moun Izrayèl yo ap pase sèt mwa ap antere kadav yo pou yo ka netwaye peyi a+. 13 Tout moun ki nan peyi a ap patisipe nan antere kadav yo e sa ap fè yo gen gwo renome nan jou m ap bay tèt mwen glwa a+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

14 “‘Gen yon seri gason y ap chwazi pou yo kontinye pase nan peyi a pou yo antere kadav ki rete atè yo, yon fason pou yo ka netwaye peyi a. Y ap kontinye chèche kadav pandan sèt mwa. 15 Lè moun k ap pase nan peyi a wè zosman yon moun, y ap mete yon mak bò kote l. Apre sa, moun yo chwazi pou antere zosman yo ap antere yo nan Vale Amongòg la+. 16 Ap gen yon vil la tou y ap rele Amona*. Y ap netwaye peyi a+.’

17 “Kanta pou ou, pitit lòm, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di w: ‘Men sa pou w di tout kalite zwazo ak tout bèt sovaj ki nan savann nan: “Rasanble ansanm epi vini. Se pou nou rasanble toutotou sakrifis m ap prepare pou nou an. Se yon gwo sakrifis m ap fè sou mòn Izrayèl yo+. N ap manje vyann e n ap bwè san+. 18 N ap manje vyann yon seri moun vanyan e n ap bwè san chèf ki sou tè a. Yo tankou gwo mal mouton, ti mouton, kabrit ak towo bèf, wi, tankou tout bèt byen gra ki Bazan yo. 19 Grasa sakrifis mwen prepare pou nou an, n ap manje grès depase limit e n ap bwè san jiskaske nou sou.”’

20 “‘Sou tab mwen an, n ap plen vant nou ak cheval, kavalye, moun vanyan ansanm ak tout kalite sòlda+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

21 “‘M ap fè nasyon yo wè jan m gen glwa. Tout nasyon yo ap wè pinisyon mwen bay la e y ap wè jan m demontre pisans* mwen nan mitan yo+. 22 Apati jou sa a, moun Izrayèl yo ap konnen mwen se Jewova, Bondye yo a. 23 Lè sa a tou, nasyon yo ap konnen se peche moun Izrayèl yo te fè yo ki te fè y al ann egzil, e se paske yo pa t fidèl avè m+. Se sa k fè m te kache figi m pou yo+ e mwen te lage yo nan men ènmi yo+ ki te touye yo anba kout epe. 24 Mwen te ba yo sa yo merite poutèt yo te vin pa pwòp e poutèt peche yo te fè yo. E mwen te kache figi m pou yo.’

25 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap fè moun Jakòb ki t al ann egzil yo tounen nan peyi yo+, m ap fè tout pèp Izrayèl la mizèrikòd+. M ap aji yon fason ki fèm pou m defann* non m ki sen+. 26 Apre yo fin jwenn imilyasyon poutèt yo pa t fidèl avè m+, y ap viv an sekirite nan peyi yo a e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+. 27 Lè m fin fè yo tounen soti nan mitan pèp yo te ye yo, lè m fin pran yo nan peyi ènmi yo+ e m rasanble yo, fason m aji avèk yo ap fè anpil nasyon wè mwen se yon Dye ki sen+.’

28 “‘Lè yo wè jan m fè yo ale ann egzil nan mitan nasyon yo e yo wè jan m fè yo retounen nan peyi yo, san m pa kite okenn nan yo dèyè+, lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova, Bondye yo a. 29 Mwen pap kache figi m pou yo ankò+. Paske, m ap vide lespri m sou pèp Izrayèl la+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje